Ezayi 41

41
Bondye p'ap janm lage pèp li a
1Nou menm moun zile yo, pe bouch #Aba 2.20 nou!
Koute sa m'ap di nou!
Mete gason sou nou! Pwoche vin defann kòz nou!
Annou plede pou n wè kilès ki gen rezon!
2Kilès #2 Kwo 36.23; Eza 45.1; 46.11 ki te fè chèf la sòti bò solèy leve,
ki te fè l genyen nan tout batay kote l pase?
Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l,
ki soumèt tout wa yo devan l?
Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè.
Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye.
3L'ap fann nan siyay yo, l'ap kouri san li pa pè anyen.
Pye l pa menm touche tè.
4Se #Eza 44.6; Rev 1.17; 22.13 travay ki moun sa? Kilès ki lakòz tout bagay sa yo rive?
Ki moun ki depi nan koumansman ap rele lèzòm, pitit an pitit,
pou yo fè travay li sou latè?
Se mwen menm, Senyè a, ki la anvan yo tout.
Se mwen menm k'ap toujou la apre yo tout.
5Moun zile yo wè sa, yo pè.
Moun nan dènye bout latè pran tranble,
yo pwoche, yo vini.
6Yonn ap ede lòt. Yonn ap di lòt: Pran kouray!
7Bòs #Eza 40.19,20 atizan k'ap fè estati a ap ankouraje òfèv la.
Moun k'ap fin bay estati a fòm ak ti kout mato l yo ap ankouraje bòs fòjon an.
Yon lòt di: Soudi a bon!
Yo kloure zidòl la nan plas li pou li pa tonbe.
8Men, #Det 14.2; 2 Kwo 20.7; Sòm 135.4; Eza 44.1,2; Jak 2.23 nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m yo!
nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a!
Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!
9Mwen pran nou nan dènye bout latè,
mwen rele nou sòti byen lwen.
Mwen di nou: Se sèvitè m nou ye!
Se chwazi mwen te chwazi nou, mwen pa voye nou jete.
10Nou #Joz 1.9; Sòm 48.10 pa bezwen pè. Mwen la avèk nou!
Nou pa bezwen kite anyen ban nou kè sote.
Se mwen menm ki Bondye nou.
M'ap ban nou fòs, m'ap ede nou.
M'ap soutni nou ak fòs ponyèt mwen ki pa janm pèdi batay.
11Tout moun ki te fache sou nou yo pral wont,
yo pral bese tèt yo.
Moun ki t'ap chache nou kont yo pral disparèt,
yo pral mouri.
12Moun #Sòm 37.10 ki t'ap fè nou lagè yo, n'a chache yo, nou p'ap wè yo.
Moun ki t'ap goumen ak nou yo pral disparèt, yo p'ap la ankò!
13Se mwen menm, Senyè a, ki Bondye nou!
M'ap pran men nou, m'ap di nou:
Nou pa bezwen pè. M'ap ede nou!
14Nou #Eza 43.14; 54.5 menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo,
nou te mèt piti tankou yon vètè,
fèb tankou yon chini, nou pa bezwen pè.
Se mwen menm k'ap ede nou,
mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa.
Se mwen menm k'ap delivre nou.
Se Senyè a menm ki di sa!
15M'ap #Mi 4.13 fè nou tounen yon machin pou raboure tè,
yon machin tou nèf avèk dan byen file.
Nou pral raboure mòn yo, nou pral kraze yo.
Nou pral fè ti bit mòn yo tounen pousyè.
16Nou #Jer 51.2 pral vannen yo, van ap bwote yo ale.
Van tanpèt ap gaye yo toupatou.
Men, nou pral fè fèt pou Senyè a.
Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
17#Sòm 107.35; Eza 35.6,7; 44.3 malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn,
lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo,
mwen menm, Senyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m lan.
Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo.
18M'a fè gwo dlo larivyè koule sou tout tè sèk
kote ki pat gen menm yon ti pyebwa.
M'a fè sous dlo pete nan fon yo.
M'ap fè dezè a tounen lagon dlo.
Sous dlo pral pete nan tout tè sèk yo.
19M'ap #Eza 35.1,2; 55.13; 60.13 fè pye zakasya ak pye sèd pouse nan tout dezè a,
ansanm ak pye jasmen ak pye oliv mawon.
Nan tè savann lan, m'ap mete pye pichpen,
pye bwadòm ak pye sèd.
20#Jòb 12.9 moun va wè sa, y'a konnen pou yo pran tèt yo, pou yo manyè konprann
se Senyè a ki fè bagay sa yo ak men l,
se travay Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a.
Senyè a fè zidòl yo wont
21Senyè a, wa pèp Izrayèl la, di:
— Nou menm, bondye lòt nasyon yo, vin plede kòz nou!
Vin di sa nou gen pou n di pou defans nou!
22Pwoche #Eza 44.7; 45.21; 46.10 non! Vin di sa ki gen pou rive!
Kisa nou te di k'ap rive ki rive vre?
Di nou ki jan sa pral pase pou n ka pran prekosyon nou!
Fè nou konnen sa ki gen pou rive
pou n ka rekonèt sa lè l'a rive vre!
23Di #Eza 45.7 nou kisa ki gen pou rive pita.
Lè sa a, n'a konnen se bondye nou ye vre!
Fè kichòy non, li te mèt bon, li te mèt pa bon,
pou n ka wè l, pou nou ka egzaminen l ansanm!
24Men, #Sòm 115.8; 1 Kor 8.4 gade! Se pa anyen nou ye! Tou sa n'ap fè yo pa vo anyen menm!
Se yon avilisman pou moun ki pran nou pou bondye yo!
25Se #Sòm 44.5; Jer 50.3 mwen menm ki chwazi yon nonm sòti bò solèy leve.
Se mwen menm ki fè l desann sòti nan nò vin atake.
Li kraze tout chèf yo tankou labou anba pye l,
menm jan moun k'ap fè krich kraze tè pou l travay.
26Anvan sa te rive, kilès nan nou ki te di sa pou n te ka konnen?
Ki moun ki te di davans sa ta pral rive konsa, pou n te ka di se vre?
Non. Pèsonn pat di anyen sou sa.
Pyès moun pa janm tande nou di yon mo sou sa.
27 # 41.27: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Se #Eza 40.9 mwen menm premye moun ki bay moun Siyon yo nouvèl men l'ap vini!
Se mwen menm ki voye yon moun al pote bòn nouvèl la bay lavil Jerizalèm.
28Lè mwen gade nan tout bondye nou yo,
mwen pa wè yonn ki te gen anyen pou l te di.
Pat gen yonn ki ta kapab reponn mwen si m ta mande l anyen.
29Tout bondye sa yo pa vo anyen.
Yo pa kapab fè anyen menm.
Estati zidòl yo, se van. Yo pa vo anyen.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 41: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an