Ezayi 40

40
Delivrans pou pèp la
1Cheche dlo nou! Wi, cheche dlo nan je nou!
Se Bondye nou an menm ki di sa.
2Rele #2 Kwo 36.22; Oze 2.14 moun Jerizalèm yo!
Anonse yo byen fò, anonse yo kòve yo fini.
Yo fin peye sa yo fè.
Senyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo.
3Yo #Sòm 68.4; Mal 3.1; Mak 1.3; Jan 1.23 vvwa rele byen fò, li di:
— Pare chemen Senyè a nan dezè a.
Louvri yon wout nan savann nan pou Bondye nou an.
4Se #Lik 3.5,6 pou yo konble tout fon yo!
Se pou tout gwo mòn yo, tout ti mòn yo,
tout mòn apik yo vin plat. Se pou tout falèz yo vin bouche plat.
5Senyè a pral fè wè pouvwa li a!
Tout moun pral wè l menm lè a.
Se Senyè a menm ki di sa ak bouch li.
6Yon #Jòb 14.2; Sòm 103.15; Jak 1.10,11; 1 Pyè 1.24,25 vwa rete li di: Pale non!
Yon lòt vwa reponn: Sa pou m'di?
Di yo moun se zèb.
Tout bèlte yo, se bèlte flè savann.
7Zèb la cheche, flè a fennen,
lè Senyè a voye van li soufle sou yo.
Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!
8Wi, zèb la cheche, flè a fennen,
Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!
9 # 40.9: Men yon lòt jan nou ta ka di l pou de premye fraz yo: Nou menm k'ap pote nouvèl la, moute sou yon mòn byen wo, gaye bòn nouvèl la nan tout lavil Jerizalèm! Nou menm k'ap pote bòn nouvèl la, pale byen fò, gaye bòn nouvèl la nan tout peyi Siyon an! Nou #Eza 52.7 menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo,
gaye bòn nouvèl la!
Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò,
gaye bòn nouvèl la!
Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè!
Di moun lavil peyi Jida yo
men Bondye nou an ap vini!
10Men #Eza 62.11; Rev 22.12 Senyè ki gen tout pouvwa a!
L'ap vini avèk tout fòs kouray li.
Li pral pran pouvwa a nan men l.
L'ap mennen moun li te delivre yo avè l. Y'ap mache devan l!
Se rekonpans li. Se rezilta travay li.
11Tankou #Mat 18.12; Lik 15.5; Jan 10.11; 21.15 yon gadò, l'ap okipe mouton l yo.
Se li menm k'ap sanble yo.
L'ap pote ti mouton yo sou bra l.
Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
Bondye pèp Izrayèl la pa gen parèy
12Kilès #Pwo 30.4 ki ka mezire ak men li valè dlo nan lanmè?
Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li?
Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi?
Kilès ki ka pran pèz gwo mòn yo ak ti mòn yo nan balans?
13Ki #Wòm 11.34; 1 Kor 2.16 moun ki ka di Senyè a sa pou li fè?
Ki moun ki te ba li konsèy?
14Ki #Jòb 21.22 moun Senyè a t'al jwenn pou l'te ka gen bon konprann?
Ki moun ki te moutre li jan pou li rann jistis?
Ki moun ki te ba li konesans?
Ki moun ki te fè li konnen jan tout bagay fèt?
15Gade! #Eza 29.5 Devan Senyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit.
Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans.
Moun zile yo menm, yo lejè pase pousyè van ap leve!
16Bèt #Sòm 50.10 peyi Liban pa ase pou fè ofrann ofri bay Bondye
ni bwa li yo p'ap kont pou boule sou lotèl li.
17Tout #Sòm 62.9; Da 4.35 nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Senyè a.
Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l.
18Ki #Eza 46.5; Tra 17.29 moun nou ka di ki tankou Bondye?
Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l?
19Bòs #Oze 13.2 atizan an pran yon moul pou fè yon estati.
Ofèv la kouvri estati a nèt ak lò.
Li fonn ajan pou soude l nan plas li.
20Sa #Jer 10.3-5 ki pa gen gwo mwayen fè yon estati an bwa.
Li chwazi yon bon bwa ki p'ap pouri.
Li chache yon bon bòs atizan pou travay li pou li,
pou fè yon estati ki p'ap tonbe kraze.
21Se #Tra 14.17; Wòm 1.19,20 konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pat janm di nou sa?
Pèsonn pat fè nou konn sa depi lontan?
Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè?
22Moun #Nonb 13.33; Jòb 9.8 ki fè l la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la.
Moun ki sou latè, se tankou fwomi yo ye devan l.
Li deploye syèl la tankou yon rido.
Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete.
23Li #Jòb 12.21 wete tout pouvwa wa yo te genyen.
Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen.
24Yo #Sòm 83.13 tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy,
ki fenk ap fè rasin anba tè.
Senyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche.
Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay.
25Ki moun nou ka di ki tankou m?
Ki moun ki pou ta sanble avè m?
Se Bondye apa a ki di sa.
26Leve je nou gade syèl la.
Ki moun ki kreye tout sa nou wè yo?
Tankou yon gwo lame, li bay yo chak plas yo.
Li bay yo tout non, li konn non yo chak.
Yonn pa janm manke nan syèl la!
Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.
27Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, poukisa n'ap plenyen konsa?
Nou menm, pèp Izrayèl la, poukisa n'ap plede di:
Senyè a pa konn sa n'ap pase!
Bondye nou an p'ap fè anyen pou defann kòz nou!
28Se #Jòb 11.7; Sòm 121.4; 147.5 konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa?
Senyè a se Bondye ki la pou tout tan an!
Se li menm ki kreye tout latè.
Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf.
Pèsonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.
29Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs.
Lè yon moun febli, li ba l kouray ankò!
30Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke.
Lè konsa, yo bite, yo tonbe.
31Men, #Sòm 103.5 Senyè a ap bay moun
ki mete konfyans yo nan li fòs ankò.
Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale.
Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke.
Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 40: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an