Ezayi 42

42
Sèvitè Bondye a
1Senyè a di:
# Mat 12.18-21 — Men sèvitè #Eza 2.4; 41.8; 42.19; 52.13; 61.1; Mat 3.17; 12.18-21; Tra 3.26; 4.27; Fil 2.7 m'ap soutni an!
Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m plezi anpil la!
Mwen mete lespri m sou li.
Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
2Li pa nan rele, li pa nan pale fò.
Li pa nan mache fè diskou nan tout lari.
3Li #Eza 57.15 p'ap kraze sa ki fèb yo.
Li p'ap lage sa ki san sekou yo.
Men, l'ap rann jistis jan sa dwe fèt.
4Li #Eza 2.3; 60.9 p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouray,
jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè,
jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.
5Bondye #Eza 44.24; 45.12; Tra 17.25 sèl Mèt ki kreye syèl la epi ki louvri l anwo tèt nou,
li menm ki fòme tè a avèk tou sa k'ap viv sou li,
li menm ki bay tout moun k'ap mache sou latè souf lavi,
li pale, li di konsa:
6Se #Eza 49.6,8; Lik 2.32 mwen menm, Senyè a, ki rele ou.
Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè.
Mwen pran men ou.
Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la,
pou m bay tout nasyon yo limyè.
7W'a #Eza 35.5; 61.1; Lik 1.79; Eb 2.15 louvri je avèg yo.
W'a fè prizonye yo sòti nan prizon.
W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
8Se #Eza 48.11 mwen menm ki Senyè a, se non mwen sa.
Mwen p'ap bay fodye pouvwa mwen.
Mwen p'ap kite yo bay zidòl lwanj ki pou mwen an.
9Gade! #Eza 43.19 Tou sa mwen te di k'ap rive rive vre.
Mwen pral di nou lòt bagay ki gen pou rive.
Mwen pral fè nou konnen sa anvan menm sa rive.
Lwanj pou Bondye
10Chante #Sòm 33.3; 107.23 yon chante tou nèf pou Senyè a!
Se pou tout moun toupatou sou latè fè lwanj li!
Depi moun k'ap vwayaje sou lanmè ak tout bèt ki nan lanmè yo,
jouk moun ki rete nan zile byen lwen yo.
11Se pou dezè a ak tout lavil yo chante pou Senyè a!
Se pou tout kote moun Keda yo rete a fè lwanj li!
Se pou moun ki rete lavil Sela a rele byen fò
sou tèt mòn yo tèlman yo kontan!
12Se pou tout moun ki rete nan zile yo chante pou Senyè a,
se pou yo fè lwanj li.
13Senyè a #Sòm 78.65; Eza 59.17 sòti tankou yon vanyan gason!
Li ranmase tout fòs li tankou yon nonm ki pral nan lagè.
Li rele byen fò, li bay siyal pou lagè a!
Tankou yon vanyan gason, l'ap kraze lènmi l yo.
Bondye pwomèt l'ap ede pèp li a
14Bondye di:
— Gen lontan depi m fèmen bouch mwen!
Mwen pa di anyen, mwen kenbe pou m pa pale.
Men kounyeya, mwen tankou yon fanm ki gen tranche.
M'ap rele, m'ap plenn, souf mwen ap koupe, mwen pa kapab ankò.
15Mwen #Eza 50.2 pral ravaje tout mòn yo, gwo kou piti.
Mwen pral fè tout plant yo ak tout pyebwa yo cheche.
Mwen pral fè tè nan fon yo tounen sab lanmè pou bwè tout dlo larivyè yo.
M'ap cheche lagon dlo yo.
16M'ap #Eza 35.8; 40.4 fè avèg yo mache sou yon wout yo pat janm konnen anvan.
M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pat janm konn fè anvan.
M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè,
kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat.
Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive.
Wi, m'ap fè yo rive vre.
17Tout #Sòm 97.7; Eza 1.29; 45.16 moun ki mete konfyans yo nan zidòl,
tout moun k'ap rele estati yo bondye,
yo pral bese tèt yo atè, yo pral wont.
Pèp Izrayèl la fè tèt di ak Bondye
18Senyè a di:
— Nou menm moun soudè yo, koute!
Nou menm moun avèg yo, gade byen!
19Ki moun ki pi avèg, ki moun ki pi soudè pase sèvite m lan, moun mwen delivre a?
Ki moun ki pi soudè, ki moun ki pi avèg pase mesaje m'ap voye a, sèvitè Bondye a?
20Nou #Jer 6.10 menm moun Izrayèl, nou te wè anpil bagay.
Men, sa pat di nou anyen!
Nou gen zòrèy pou nou tande,
men nou pat tande anyen.
21Senyè a se yon Bondye ki sòti pou sove pèp Izrayèl la.
Li ta vle pou tout pèp la respekte lòd li yo,
pou yo tout fè lwanj li.
22Men #Eza 14.17 kounyeya, yo fin piye pèp li a,
yo pran tou sa yo te genyen.
Yo fèmen yo tout nan kacho.
Yo mete yo tout nan prizon.
Yo vòlò tou sa yo te genyen san pèsonn pa delivre yo.
Yo piye yo nèt ale san pèsonn pa di: Renmèt yo zafè yo!
23Ki #Mat 13.9 moun nan nou k'ap pare zòrèy li pou l tande sa m'ap di la a?
Ki moun nan nou k'ap fè atansyon pou l toujou koute depi kounyeya?
24Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo?
Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo?
Se te Senyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li.
Nou pat vle viv jan l te mande nou viv la.
Nou pat vle swiv lòd li.
25Se #Oze 7.9 konsa, li fè pèp la santi jan l te move,
li fè yo konnen soufrans lagè.
Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a.
Men yo yonn pat vle rekonèt sa.
Kòlè Bondye boule peyi a nèt.
Men, yo yonn pat pran sa pou anyen!

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 42: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an