YouVersion Logo
Search Icon

Revelasyon 21

21
Yon lòt syèl ak yon lòt tè
1Apre sa, mwen wè yon lòt syèl ak yon lòt #Eza 65.17; 66.22; 2 Pyè 3.13; Rev 20.11 latè. Premye syèl la ak premye latè a te disparèt. Pat gen okenn lanmè ankò. 2Apre #Eza 52.1; 61.10; Eb 11.10; Rev 19.7 sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fyanse li. 3Mwen #Zak 2.10; Eza 8.8 tande yon vwa ki t'ap sòti bò fòtèy la, li t'ap di byen fò:
— Kounyeya, kay Bondye a se nan mitan moun l'ap ye. L'ap rete nan mitan yo, lèzòm ap yon pèp pou li. Se Bondye menm k'ap viv avèk yo, li va Bondye pou yo. 4Li #Rev 7.17; Jer 31.16; Eza 35.10; 65.19 gen pou l cheche tout dlo nan je yo. P'ap gen lanmò ankò, yo p'ap nan lapenn ankò, yo p'ap janm plenyen ankò, yo p'ap janm soufri ankò. Tout vye bagay sa yo pral disparèt.
5#Rev 4.2; 5.1; 2 Kor 5.17; Sòm 47.8 sa a, moun ki te chita sou fòtèy la di:
— Kounyeya, mwen fè tout bagay vin nèf.
Apre sa li di mwen:
— Ou mèt ekri sa, paske pawòl mwen se pawòl ki vre, pawòl tout moun dwe kwè.
6Apre #Rev 1.8; 22.17; Eza 55.1; Zak 14.8 sa li di yo ankò:
— Bon, tout bagay kaba. Mwen se A jiska Z. Mwen se konmansman, mwen se finisman. Si yon moun swaf, m'a ba li bwè gratis nan sous dlo ki bay lavi a. 7Se #Rev 2.7; 2 Sam 7.14 sa moun ki va genyen batay la va resevwa nan men m. M'a va Bondye yo, y'a va pitit mwen. 8Men, #Rev 22.15; 20.14; Eb 10.38,39 pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.
Jerizalèm tou nèf la
9Yonn #Lev 26.21; Rev 15.1 nan sèt zanj ki te kenbe sèt gode plen ak sèt kalamite yo vin di mwen:
— Vini non, mwen pral moutre ou lamarye a, fyanse ti Mouton a.
10Nan #Eza 52.1; Eze 40.2 vizyon an, mwen wè zanj lan mennen m sou tèt yon mòn byen wo. Li moutre m lavil Bondye a, Jerizalèm ki desann sòti bò kote Bondye ye nan syèl la. 11Li #Eza 58.8; 60.1,2,19 te klere byen bèl ak limyè prezans Bondye a. Lavil la te klere tankou yon pyè bijou ki koute chè anpil, tankou yon pyè jasp klè kou kristal. 12Li #Eze 48.31-35 te gen yon gwo miray byen wo avèk douz pòtay. Te gen yon zanj nan chak pòtay pou veye yo. Sou pòtay yo, yo te ekri non douz branch fanmi pèp Izrayèl la. 13Te gen twa pòtay sou chak kote: twa pòtay sou bò lès, twa pòtay sou bò nò, twa pòtay sou bò sid, twa pòtay sou bò lwès. 14Miray la te kanpe sou douz gwo wòch. Yo te ekri non douz apòt ti Mouton an sou wòch yo.
15Zanj #Eze 40.3,5 ki t'ap pale avè m lan te gen yon baton pou mezire nan men li, yon baton wozo fèt an lò, pou l te pran mezi lavil la, mezi pòtay yo ak mezi miray la. 16Lavil #Eze 43.16; 48.16,17 la te tankou yon bwat kare, longè l te menm ak lajè li. Zanj lan mezire lavil la ak baton wozo l la. Lavil la gen demildesan (2.200) kilomèt longè. Lajè l ak wotè l te menm ak longè li. 17Zanj lan mezire miray la: miray la te gen swasanndouz (72) mèt sou wotè, dapre mezi òdinè li t'ap sèvi a. 18Miray la te bati an jasp. Lavil la menm te an bon lò, li te klere kou kristal. 19Gwo #Eza 54.11,12 wòch fondasyon miray lavil la te byen òne ak tout kalite pyè bijou gwo pri. Premye wòch la te an jasp, dezyèm lan an safi, twazyèm lan an agat, katriyèm lan an emwòd, 20senkyèm lan an oniks, sizyèm lan an sadouàn, setyèm lan an krizolit, uityèm lan an beril, nevyèm lan an topaz, dizyèm lan an krizopraz, onzyèm lan an tikwaz, douzyèm lan an ametis. 21Douz pòtay yo te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay yo te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan lavil la te fèt an bon lò, klè kou kristal.
22Mwen pat wè tanp nan lavil la, paske Mèt la, Bondye ki gen tout pouvwa a, te tanp li ansanm ak ti Mouton an. 23Lavil #Eza 24.23; 60.1-20 la pat bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l paske limyè prezans Bondye a te klere l nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li. 24Gremesi #Sòm 89.27; Eza 60.3,5 limyè l la, tout nasyon ki sou latè va wè pou yo mache. Tout wa latè yo va pote richès yo ba li. 25Pòtay #Rev 22.5; Zak 14.7 yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen. 26Tout richès nasyon yo ansanm ak tout bèl bagay yo genyen va anpile nan lavil la. 27Men, #Eza 52.1; Da 12.1 anyen ki pa bon pou sèvis Bondye p'ap antre nan lavil la. Ni yo p'ap kite moun k'ap fè bagay ki bay degoutans, moun k'ap bay manti, mete pye yo nan lavil la. Moun ki va antre nan lavil la, se sèlman moun ki gen non yo ekri nan liv ki nan men ti Mouton an, liv ki gen non moun ki gen lavi a.

Currently Selected:

Revelasyon 21: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy