YouVersion Logo
Search Icon

Revelasyon 20

20
Mil lanne yo
1Apre sa, mwen wè yon zanj desann soti #2 Pyè 2.4; Jid 1.6 nan syèl la. Li te kenbe kle gwo twou san fon an nan men li ak yon gwo chenn. 2Li #Jen 3.1; Zak 3.1; Rev 9.1; 12.9 pran dragon an, sèpan ki la depi lontan an, sa yo rele dyab la, osinon Satan, li mete l nan chenn pou mil (1.000) an. 3Zanj #2 Tes 2.9,10 lan voye l jete nan gwo twou san fon an, li fèmen twou a akle, epi li poze sele sou li. Konsa, dragon an p'ap kapab pran tèt nasyon yo toutotan mil (1.000) lanne pa fin pase. Apre sa, yo gen pou yo lage l ankò pou yon ti tan.
4#Da 7.9,22,27; Lik 22.30; 1 Kor 6.2 sa a, mwen wè yon bann fòtèy. Moun ki te chita sou fòtèy yo te resevwa pouvwa rann jijman. Anmenmtan an tou, mwen wè nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t'ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a. Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l la. Yo pat resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve sòti vivan nan lanmò. Y'ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1.000) an. 5(Lòt mò yo pa te resisite nan lanmò toutotan milan an pa te ankò pase.) Se sa yo rele premye rezireksyon an. 6Benediksyon #Eza 61.6; Rev 5.10 pou moun k'ap patisipe nan premye rezireksyon sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p'ap gen pouvwa sou yo, yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvènen ak li pandan milan.
Satan pèdi batay la
7Lè mil (1.000) lanne yo va fin pase, y'a lage Satan sòti nan prizon an. 8#Eze 7.2; 38.2,9,16 sa a, l'a mache twonpe tout nasyon toupatou sou latè, Gòg ak Magòg. L'a sanble yo pou l ka mennen yo goumen. Y'ap anpil anpil, tankou grenn sab bò lanmè. 9Yo #Aba 1.6; 2 Wa 1.10; Eze 38.22; 39.6 mache sou tout latè, yo sènen kote pèp Bondye a te ye a, lavil Bondye renmen an. Men, dife desann sòti nan syèl la, li disparèt yo. 10#Jen 19.24; Rev 19.20 sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.
Dènye jijman an
11Apre #Mat 25.31-46; Da 2.35 sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Syèl la ak tè a pran kouri devan l, yo disparèt nèt ale. 12Apre #Da 7.10; Rev 3.5; Fil 4.3; Wòm 2.6 sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. 13Lanmè a #Jan 5.28,29 renmèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè. 14Apre #1 Kor 15.26,55 sa, yo jete lanmò ansanm ak kote mò yo ye a nan letan dife a. (Letan dife sa a, se li menm ki dezyèm lanmò a.) 15Tout #Da 12.1; Mat 25.41 moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.

Currently Selected:

Revelasyon 20: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy