YouVersion Logo
Search Icon

Revelasyon 22

22
1Apre sa, zanj lan moutre m yon gwo larivyè #Eze 47.1; Zak 14.8 dlo ki t'ap koule sòti anba fòtèy kote Bondye ak ti Mouton an te chita a. Se dlo sa a ki bay lavi. 2Li #Rev 21.21; Eze 47.12 t'ap koule nan mitan granri lavil la. Sou de bò rivyè a, te gen pyebwa ki bay lavi a. Li donnen douz fwa nan lanne. Li donnen chak mwa. Se ak fèy li yo yo fè renmèd pou geri nasyon yo. 3P'ap #Zak 14.11 gen anyen nan lavil la k'ap tonbe anba madichon Bondye.
Fòtèy Bondye ak ti Mouton an va nan mitan lavil la. Tout sèvitè yo va adore li. 4Y'a #Mat 5.8; Rev 3.12 parèt devan l. Y'a gen non l make sou fwon yo. 5P'ap #Rev 21.25; Da 7.18,27 janm fè nwit ankò. Moun yo p'ap bezwen ni limyè lanp ni limyè solèy, paske Mèt la, Bondye, va klere yo, li va yon limyè pou yo. Lè sa a y'a gouvènen pou tout tan.
Jezi ap vini talè konsa
6Apre #Rev 1.1; 1 Kor 14.32 sa, zanj lan di mwen:
— Pawòl sa yo se verite. Tout moun dwe kwè yo. Bondye Mèt la, li menm ki mete pawòl li nan bouch pwofèt yo, se li menm ki voye zanj li a vin moutre sèvitè l yo sa ki pral rive anvan lontan.
7Jezi #Rev 3.11; 1.3 di:
— Koute, m'ap vini talè konsa. Benediksyon pou moun ki koute pawòl Bondye ki nan liv sa a.
8Mwen #Rev 19.10 menm Jan, mwen tande bagay sa yo, mwen wè yo. Apre mwen fin tande yo, apre mwen fin wè yo, mwen tonbe ajenou nan pye zanj ki te fè m wè yo a pou m adore li. 9Men, li di mwen:
— Non pa fè sa. Se sèvi m'ap sèvi Bondye ansanm avè ou, ansanm ak tout frè ou yo ki pwofèt Bondye, ansanm ak tout moun k'ap obeyi pawòl ki nan liv sa a. Se Bondye pou ou adore.
10Apre #Rev 10.4; 1.3; Da 8.26; 12.4 sa, li di mwen:
— Pa sere pawòl Bondye ki nan liv sa a. Paske, anvan lontan tout bagay sa yo pral rive. 11Mechan #Da 12.10 yo mèt plede ap fè toujou sa ki mal. Moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye yo mèt kontinye fè sa ki pa dakò ak sèvis Bondye. Moun ki bon yo mèt kontinye fè sa ki byen. Moun k'ap viv pou Bondye yo mèt kontinye viv pou Bondye.
12Jezi #Sòm 28.4; 62.12; Jer 17.10; Rev 3.11; Eza 40.10; Wòm 2.6 di:
— Koute, m'ap vin talè konsa. M'ap pote rekonpans m'ap bay la avè m, pou m bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè. 13Se #Eza 44.6; 48.12; Rev 1.17; Eb 13.8 mwen menm ki depi A jiska Z. Se mwen menm ki depi premye jiska dènye. Se mwen menm ki konmansman ak finisman.
14Benediksyon #Jen 2.9; 3.22; 49.11 pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gendwa manje fwi pyebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la. 15Men, #Rev 21.8,27; 1 Kor 6.9,10 mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.
16— Mwen #Rev 1.1,2; 5.5; Eza 11.1,10; Lik 1.78 menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen sòti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an.
17Lespri #Rev 21.6; Zak 14.8; Wòm 8.23; Eza 55.1; Jan 7.37 Bondye a ansanm ak lamarye a di:
— Vini non.
Se pou tout moun ki tande sa di tou:
— Vini non.
Se pou tout moun ki swaf dlo vin bwè dlo. Se pou tout moun ki vle ti gout nan dlo ki bay lavi a vin resevwa l gratis.
Dènye koze
18Mwen #Rev 15.1,6; Det 4.2; 12.32; 29.20 menm Jan, men sa m'ap di tout moun ki tande pawòl Bondye ki nan liv sa a. Si yon moun mete nan pawòl sa yo anyen ki pat ladan l, Bondye va mete tout kalamite yo pale nan liv sa a sou chatiman li merite a. 19Konsa #Jen 2.9; 3.22 tou, si yon moun wete anyen nan pawòl Bondye ki nan liv sa a, Bondye va wete pòsyon ki ta pou li nan pyebwa ki bay lavi a ak nan lavil Bondye a, nan pyebwa ak lavil yo pale nan liv sa a.
20Moun ki garanti verite tout pawòl sa yo di:
— Wi, m'ap vin talè konsa!
Amèn. Vini non, Senyè Jezi!
21Se pou benediksyon Senyè Jezi a rete toujou la ak tout moun. #22.21: ak tout moun: Gen maniskri ki bay ak pèp Bondye a; gen lòt ankò ki bay ak tout pèp Bondye a.

Currently Selected:

Revelasyon 22: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy