YouVersion Logo
Search Icon

Revelasyon 2

2
Mesay pou legliz lavil Efèz
1Ekri zanj legliz ki nan lavil Efèz la. Di l #Rev 1.13,16,20 konsa:
— Moun ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k'ap mache nan mitan sèt gwo lanp sèt branch lò yo, men sa li voye di ou: 2Mwen #1 Jan 4.1 konnen tou sa w'ap fè, jan ou travay di, jan ou gen pasyans. Mwen konnen tou ou pa ka sipòte mechan yo: ou sonde tout moun sa yo k'ap pran pòz apòt yo. Ou dekouvri se mantò yo ye. 3Ou gen anpil pasyans, ou soufri anpil poutèt mwen. Ou pa dekouraje. 4Men, men repwòch mwen gen pou m fè ou: Kounyeya ou pa renmen m jan ou te renmen m anvan an. 5Chonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, tounen vin jwenn Bondye. Reprann lavi ou t'ap mennen anvan an. Si ou pa tounen vin jwenn Bondye, m'ap vini kote ou ye a, m'ap wete chandelye ou la nan plas kote l ye a. 6Men, #Sòm 139.21 malgre sa, ou gen kichòy ki bon: ou pa vle wè sa bann Nikolayit yo ap fè a. Mwen menm tou, mwen pa vle wè yo.
7— Se #Rev 22.2; Eze 31.8; Jen 2.9; 3.22,24; Lik 23.43; 2 Kor 12.4 pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo!
— Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan pyebwa ki bay lavi a, pyebwa ki nan mitan jaden Bondye a.
Mesay pou legliz lavil Esmin
8Ekri #Eza 44.6; 48.12 zanj legliz ki nan lavil Esmin lan. Di l konsa:
— Moun ki premye a ak dènye a, li menm ki te mouri, men ki te leve sòti vivan nan lanmò a, men sa l voye di ou: 9Mwen #Rev 3.9; Jak 2.5; 2 Kor 11.14,15 konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men poudi vre, ou rich anpil. Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men se pa jwif yo ye vre. Se yon bann moun satan ki rasanble. 10Ou #Da 1.12,14; Mat 10.28; Rev 3.11; 2 Tim 4.8 pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.
11— Se #Rev 20.14 pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
— Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.
Mesay pou legliz lavil Pègam
12Ekri #Eza 49.2; Eb 4.12; Rev 1.16; 19.15 zanj legliz ki nan lavil Pègam lan. Di l konsa:
— Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di ou: 13Mwen #Rev 13.2; 3.8 konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m, ou pa pèdi konfyans ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a. 14Men, #Nonb 31.16; 25.1,2; Jid 11 men repwòch mwen gen pou m fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l te fè yo manje vyann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l te fè yo lage kò yo nan imoralite. 15Konsa tou, ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Nikolayit yo. 16Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m'ap vini, m'ap goumen ak moun sa yo ak nepe k'ap sòti nan bouch mwen an.
17— Se #Sòm 78.24; Rev 3.12; Eza 62.2; 65.15 pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
— Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo lamàn ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pèsonn pa konnen esèpte moun ki resevwa l la.
Mesay pou legliz lavil Tiyati
18Ekri #Da 10.6 zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l konsa:
— Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l yo tankou de flanm dife, ak pye l yo klere tankou kwiv poli. 19Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfyans, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasyans. Mwen konnen tou w'ap travay kounyeya pi plis pase anvan. 20Men, #1 Wa 16.31; 2 Wa 9.22; Nonb 25.1,2 men repwòch mwen gen pou m fè ou: w'ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k'ap pran pòz pwofèt Bondye li. L'ap detounen sèvitè m yo, l'ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje vyann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl. 21Mwen ba l kont tan pou l vire kite peche l yo. Men, li pa vle kite imoralite li a. 22Se poutèt sa, mwen pral fè li pran kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun ki nan adiltè ak li yo pral soufri anpil tou si yo pa vire do kite zak y'ap plede fè avèk li yo. 23Apre #Sòm 7.9; 62.12; Jer 11.20; 17.10 sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
24— Pou nou menm, lòt manm legliz nan lavil Tiyati yo ki pa swiv move konsèy sa yo, ki pat aprann sa bann moun sa yo ap rele gwo sekrè Satan an, men sa m'ap di nou: Mwen p'ap ban nou lòt chay pase sa. 25Men, #Rev 3.11 kenbe sa nou genyen an byen fèm jouk jou m'a tounen.
26— Tout #Sòm 2.8 moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m vle yo fè a jouk sa kaba, m'a ba yo pouvwa sou tout nasyon, 27menm #Rev 12.5 jan Papa m te ban m pouvwa sa a tou. Y'a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y'a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze. 28M'a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou.
29— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Currently Selected:

Revelasyon 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy