YouVersion Logo
Search Icon

Revelasyon 1

1
Premye koze
1Men revelasyon Bondye te bay Jezikri pou l #Da 2.28,29 te fè sèvitè l yo konnen sa ki gen pou rive anvan lontan. Se Kris la menm ki voye zanj li bò kote Jan, sèvitè l la, pou fè l konnen tout bagay sa yo. 2Se #Rev 6.9 menm Jan sa a k'ap rakonte tou sa li te wè. Li rapòte mesay ki sòti nan Bondye a ansanm ak verite Jezikri te fè l konnen an. 3Benediksyon #Rev 22.7,10 pou moun k'ap li liv sa a. Benediksyon pou tout moun k'ap koute pawòl mesay sa a ki sòti nan Bondye, pou tout moun k'ap obeyi tou sa ki ekri nan Liv sa a, paske pa rete lontan ankò pou bagay sa yo rive.
Jan voye bonjou pou sèt legliz
4Se #Egz 3.14,15; Eza 41.4; Rev 3.1; 5.6 mwen menm Jan, k'ap ekri sèt legliz ki nan pwovens Lazi yo.
M'ap lapriyè pou nou ka resevwa benediksyon ak kè poze ki sòti nan Bondye, li menm ki la, ki te toujou la epi ki gen pou vini an, benediksyon ak kè poze ki sòti nan sèt lespri yo ki kanpe devan fòtèy li a, 5benediksyon #Sòm 89.27,37; 130.8; Eza 40.2; Jan 18.37; Kol 1.18; Eb 9.14; Rev 3.14; 7.14; 19.16 ak kè poze ki sòti nan Jezikri tou, li menm ki te bay verite a jan l ye a, li menm premye pitit ki leve sòti vivan nan lanmò a, li menm ki chèf tout wa ki sou latè.
Kris la renmen nou, li bay san li lè li mouri pou l te ka delivre nou anba peche nou yo. 6Li #Rev 5.10; 1 Pyè 2.5,9; Egz 19.6; Eza 61.6 fè nou tounen wa ak prèt pou n sèvi Bondye Papa li. Se pou li tout lwanj ak tout otorite pou tout tan. Amèn.
7Gade. #Da 7.13; Zak 12.10-14; Jan 19.37; Lik 23.27,28 Men Kris la ap vini sou tèt nyaj yo! Tout moun pral wè l, menm moun ki te pèse l yo. Tout pèp sou latè pral kriye lè y'a wè li. Wi, se konsa sa pral pase. Amèn.
8Mwen #Egz 3.14; Eza 41.4; Rev 4.8; 21.6 se konmansman,
mwen se finisman, depi A jiska Z.
Se Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a ki di sa, li menm ki la, ki te la, k'ap toujou la, epi ki gen pou vini an.
Jan wè Kris nan yon vizyon
9Mwen menm Jan, frè nou, ki fè yon sèl ak nou, kit nan soufrans nou, kit nan wayòm Bondye a, kit nan pasyans Jezikri ban nou. Yo mete mwen nan zile Patmòs, yo ban mwen la pou prizon, paske mwen t'ap fè konnen pawòl Bondye a, mwen t'ap preche Jezikri. 10Yon lè, Lespri pran mwen jou Senyè a, mwen tande yon gwo vwa dèyè mwen ki t'ap sonnen kou yon twonpèt. 11Li #Rev 2.8; 22.13 di m konsa:
— Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmin, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise.
12M vire pou m wè ki moun ki t'ap pale avè m lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe, 13ak #Eze 1.26; 8.2; Da 7.13; 10.5 nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pye l, ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li. 14Cheve #Da 7.9; 10.6; Rev 2.18; 19.12 nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l yo menm te tankou de flanm dife. 15Pye l #Eze 1.24; 43.2 yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l nan fòj. Lè l pale menm, vwa l te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz. 16Li #Jij 5.31; Rev 2.12,16; 19.15 te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap sòti nan bouch li. Figi l menm te klere tankou gwo solèy midi. 17#Eza 44.6; 48.12; Da 8.18; 10.15-19 mwen wè l, mwen tonbe nan pye l tankou yon moun ki mouri. Li mete men dwat li sou mwen, li di m konsa:
— Ou pa bezwen pè! Se mwen ki premye, se mwen ki dènye. 18Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men kounyeya, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a. 19Ekri #Eza 48.6; Da 2.29 tou sa ou wè a: ni sa k'ap pase kounyeya, ni sa ki gen pou rive apre. 20Men #Mal 2.7; Da 2.29 sans kache sèt zetwal ou wè nan men dwat mwen an, ansanm ak sans sèt gwo lanp sèt branch lò yo. Sèt zetwal yo se zanj sèt legliz yo. Sèt gwo lanp sèt branch yo, se sèt legliz yo.

Currently Selected:

Revelasyon 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy