YouVersion Logo
Search Icon

Revelasyon 3

3
Mesay pou legliz lavil Sad
1Ekri zanj legliz ki nan lavil Sad la. Di l #Rev 5.6; 1.16 konsa:
— Men sa moun ki gen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo voye di ou: Mwen konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen tout moun konprann ou vivan. Men, ou mouri. 2Souke #Eze 34.4 kò ou, bay ti rès lavi ou rete a fòs anvan ou fin mouri nèt. Paske, mwen wè sa w'ap fè a pa fin kòrèk devan Bondye mwen an. 3Chonje #1 Tes 5.2; Rev 16.15; Mat 24.43 sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l, tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann. 4Men, #Jid 23 gen kèk moun nan nou nan lavil Sad la ki te kenbe rad yo pwòp. Y'a mache ansanm avè m ak rad blan yo, paske yo merite sa.
5— Tout #Egz 32.32,33; Sòm 69.28; Rev 4.4; 6.11; 7.9; Fil 4.3; Mat 10.32 moun ki goumen jouk yo genyen batay la pral mete rad blan an sou yo. Mwen p'ap wete non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. M'ap rekonèt yo pou moun pa m devan Papa mwen ak devan zanj li yo.
6— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
Mesay pou legliz lavil Filadèlfi
7Ekri #Eza 22.22; Jòb 12.14 zanj legliz ki nan lavil Filadèlfi a. Di l konsa:
— Moun ki sen an, moun k'ap di verite a, moun ki gen kle wa David la nan men l lan, moun ki lè li louvri pèsonn pa ka fèmen, lè l fèmen pèsonn pa ka louvri a, men sa l voye di ou: 8Mwen #1 Kor 16.9 konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa gen anpil kouray. Malgre sa, w'ap kenbe pawòl mwen. Ou pa lage mwen. Mwen louvri yon pòt devan ou, pèsonn p'ap ka fèmen li. 9Men, #Eza 43.4; 45.14; 49.23; 60.14; 66.23 pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen. 10Menm #Rev 13.10; Eb 10.36; Lik 21.19; 2 Tim 2.12 jan ou te kenbe lòd mwen te ba ou lè m te mande ou pou te pran pasyans lan, konsa tou, m'a kenbe ou, m'a pwoteje ou nan malè ki pral vin sou tout latè a. Se va yon gwo eprèv pou tout moun ki sou latè. 11Anvan #Rev 1.3; 2.5,10 lontan mapral vini. Kenbe sa ou genyen an fèm pou pèsonn pa wete rekonpans ou nan men ou. 12Tout #Eze 48.35; Gal 2.9; Eza 62.2; 65.15; Rev 14.1; 22.4; 21.2 moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm sòti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan syèl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou.
13— Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.
Mesay pou legliz lavil Lawodise
14Ekri #Sòm 89.37; Pwo 8.22; Jan 1.3; Kol 1.15 zanj legliz ki nan lavil Lawodise a. Di l konsa:
— Moun ki verite a, moun k'ap di verite a jan l ye a san bay manti, li menm ki sous tou sa Bondye kreye a, men sa li voye di ou: 15Mwen #Rev 2.2; Wòm 12.11 konnen tou sa w'ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. 16Men, ou tyèd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou sòti nan bouch mwen. 17W'ap #Oze 12.8; 1 Kor 3.18; 4.8 plede di: Mwen rich, zafè m ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdyab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutouni ak tou de je ou yo pete! 18Se #1 Pyè 1.7; Eza 55.1; Rev 16.15 poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè. 19Moun #Pwo 3.12; 1 Kor 11.32; Eb 12.6 mwen renmen se yo mwen korije, se yo mwen pini. Mete plis aktivite nan sèvis ou. Tounen vin jwenn Bondye. 20Koute. #Mak 13.35; Jan 14.23; Lik 12.36; 22.29 Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l, l'a manje ansanm avèk mwen.
21— Tout #Mat 19.28 moun ki goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa chita bò kote m lè m'a sou fòtèy mwen an, menm jan mwen menm mwen te goumen jouk mwen te genyen batay la, pou kounyeya mwen chita bò kote Papa m ki chita sou fòtèy li a.
22— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Currently Selected:

Revelasyon 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy