YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 1

1
PREMYE LIV LA
(Sòm 1—41)
SÒM 1
Bon jan lavi a
1Ala #Pwo 4.14; 21.24 bon sa bon pou moun
ki pa koute konsèy mechan yo,
ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal,
ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,
2men #Joz 1.8; Sòm 119.47,97; Wòm 7.22 ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a,
k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.
3Li #Jen 39.3,23; Eze 47.12 tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo:
Li donnen lè sezon l rive.
Fèy li p'ap janm fennen.
Tou sa l fè sòti byen.
4Men, #Jòb 21.18 e p'ap menm bagay pou mechan yo.
Yo tankou pay van ap gaye.
5Se #Sòm 5.5 poutèt sa, jou jijman an, mechan yo p'ap ka leve tèt yo devan Bondye,
moun ki fè mal yo p'ap chita ansanm ak moun ki fè byen yo.
6Paske, #Na 1.7; Jan 10.14 Senyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv.
Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.

Currently Selected:

Sòm 1: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy