YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 42

42
Dènye repons Jòb
1Men sa Jòb reponn Senyè a:
2— Mwen #Jen 18.14; Mat 19.26 konnen, Senyè, ou gen tout pouvwa.
W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè.
3Ou #Jòb 38.2; Sòm 40.5; 139.6 mande kisa mwen ye menm pou m'ap poze kèsyon sou plan travay ou,
ak yon bann diskou ki pa vle di anyen.
Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m pa konprann,
sou bèl bagay ki twò fò pou mwen.
4Ou #Jòb 40.7 te mande m pou m koute sa w'ap di m,
pou m pare pou m reponn ou.
5Sa mwen te konnen sou ou yo, se lòt moun ki te konn di mwen yo.
Koulyeya, mwen wè ak pwòp je nan tèt mwen.
6Se #Jen 18.27; Jòb 2.8; Mat 11.21 pou sa mwen renonse ak tou sa mwen te di yo.
Mwen lage kò mwen nan sann. M'ap woule nan pousyè. M'ap mande ou padon.
Fen istwa Jòb la
7Lè Senyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l konsa:
— Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pat pale tankou Jòb, sèvitè m lan. 8Atòkile, #Jen 20.7; Nonb 23.1; 1 Sam 12.23; Jòb 1.5; Jak 5.16; 1 Jan 5.16 men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou dèske nou pat pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m lan, te fè l la.
9Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Senyè a te di yo fè a. Senyè a fè tou sa Jòb te mande l nan lapriyè a.
Senyè a kanpe Jòb ankò
10Apre #Sòm 14.7; Eza 61.7 Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l yo, Senyè a mete l kanpe ankò. Tout zafè l vin mache byen ankò. Lèfini, Senyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an. 11Tout #Jen 24.22; Jòb 19.13 frè ak sè l yo ansanm ak tout ansyen zanmi l yo vin wè li. Yo fè fèt avè l lakay li. Yo fè l konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Senyè a te voye sou li. Yo fè l pran kouray. Yo chak yo fè l kado yon pyès ajan ak yon bag lò.
12Apre #Jòb 1.3; 8.7; 42.10 sa, Senyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (14.000) mouton, simil (6.000) chamo, demil (2.000) tèt bèf ak mil (1.000) manman bourik. 13Li fè sèt pitit gason ak twa pitit fi. 14Li rele pi gran pitit fi a Jemina, #42.14: Jemina, se yon mo ebre ki vle di toutrèl. Kesya vle di Kannèl (yon kalite kannèl yo sèvi pou fè odè). Kerèn-Apouk vle di ti poban kote yo mete ponmad fi sèvi pou fè kò yo bèl. dezyèm lan Kesya, twazyèm lan Kerèn-Apouk. 15Nan #Nonb 27.1-8 tout peyi a pat gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l yo ansanm ak frè yo.
16Jòb #Jen 50.23; Sòm 128.6 viv sankarantan. Li wè pitit pitit li yo jouk rive sou kat jenerasyon. 17#Jòb 5.26 li mouri, li te fin vye granmoun, li te viv kont li.

Currently Selected:

Jòb 42: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy