YouVersion Logo
Search Icon

Sòm 2

2
SÒM 2
Wa Bondye chwazi a
1Poukisa #Tra 4.25,26 nasyon #Sòm 46.6 yo ap toumante kò yo konsa?
Poukisa pèp yo ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen?
2Wa #Sòm 18.50; 45.7 latè yo pran lèzam.
Chèf yo mete tèt yo ansanm,
y'ap fè konplo sou do Senyè a,
y'ap fè konplo sou do wa li chwazi a.
3Y'ap #Jer 5.5 plede di:
— Ann kase chenn yo mete nan pye nou yo!
Ann voye yo jete!
4Senyè a #Sòm 11.4; 37.13; Pwo 1.26 rete chita nan syèl la, l'ap ri.
L'ap pase yo nan jwèt.
5Apre sa, li fè kòlè, li pale ak yo.
Li move sou yo, li fè kè yo kase.
6Li #Sòm 3.4; 15.1; 43.3 di: — Se mwen menm ki mete wa mwen an
sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
7Wa a #Tra 13.33; Eb 1.5; 5.5 di:
— M'ap fè nou konnen sa Senyè a deside.
Li di mwen: Ou se pitit mwen.
Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.
8Mande m, m'a ba ou tout nasyon yo pou eritay ou.
M'a ba ou tout latè pou bitasyon ou.
9W'ap #Eza 30.14; Rev 2.27 kraze ren yo avèk yon baton fè,
W'ap kraze yo Tankou yon kannari y'ap kraze fè miyèt.
10Kounyeya, nou menm wa yo, manyè konprann.
Nou menm k'ap dirije moun sou latè, manyè koute.
11 # 2.11: Nou pa fin sèten se sa vèsè a vle di, paske tèks ebre a pa klè. Sèvi #Eb 12.28 Senyè a avèk krentif,
tranble nan tout kò nou,
12bese #Sòm 34.8; 84.12; Jer 17.7 tèt devan li.
Si se pa sa, n'a fè l fache, n'a mouri,
paske kòlè l moute fasil.
Ala bon sa bon pou moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl li!

Currently Selected:

Sòm 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy