YouVersion Logo
Search Icon

Jan 15

15
Pye rezen tout bon an se Jezi
1— Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m se #Jer 2.21; Sòm 80.8 moun k'ap okipe pye rezen an. 2Li #Mat 15.13 koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou. 3Nou menm, avèk tou sa m moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n fè volonte Bondye. 4Se pou nou fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou an. Yon branch pa ka donnen poukont li si li pa fè yonn ak kò pye a. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen.
5Mwen #1 Kor 12.12,27; 2 Kor 3.5 se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen. 6Moun #Mat 3.10; 13.40 ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l voye jete. L'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo. 7Si #Mak 11.24 nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li. 8Men #Mat 5.16 ki jan pouvwa Papa m lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye. 9Jan Papa a renmen m lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an. 10Si #Jan 8.29; 14.15; 1 Jan 2.4,8 nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m lòd fè a, mwen renmen l menm jan li renmen m tou.
11Mwen #Jan 17.13 di nou tou sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale. 12Men #Jan 13.34; 1 Jan 3.11; Mak 12.30 kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. 13Pa #Jan 10.12; 1 Jan 3.16 gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. 14Nou #Jan 8.31; Mat 12.50; 28.20 tout, se zanmi m nou ye depi nou fè sa m mande nou fè. 15Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen. 16Se #Jan 6.70; 13.18 pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n ale, pou n ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen. 17Wi, men sa m mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt.
Lemonn yo rayi Jezi ak tout moun pa l yo
18— Si #Jan 7.7; 1 Jan 3.13 moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou. 19Si #1 Jan 4.5; Jan 17.14; Lik 6.22 nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. 20Chonje #Jan 13.16; Mat 10.24 sa m te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m, y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou. 21Men, #Jan 16.3; Mat 5.11; 10.22; Mak 13.13 y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m lan. 22Si m'pa te vini, si m'pa te pale avè yo, yo pa ta antò, yo pa ta peche. Men koulyeya, yo pa gen eskiz pou peche yo. 23Moun #Jan 5.23; 1 Jan 2.23; Lik 10.16 ki rayi m, li rayi Papa m tou. 24Si #Jan 14.11 m'pa te fè bagay okenn lòt moun pa te janm fè nan mitan yo, yo pa ta antò, yo pa ta peche. Men koulyeya, yo wè sa m'fè, yo rayi ni mwen ni Papa m'. 25Men, #Sòm 35.19; 69.4 yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m san m pa fè yo anyen.
26#Jan 14.26; Lik 24.49 pwotektè nou an va vini, Lespri verite m'ap voye ban nou k'ap soti nan Papa a, li va pale pou mwen. 27Nou #Lik 1.2; Tra 1.8; 5.32 menm tou, nou va temwaye pou mwen. Paske, nou la avèk mwen depi nan kòmansman.

Currently Selected:

Jan 15: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy