YouVersion Logo
Search Icon

Jan 16

16
1— Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje #Jan 14.29 lè sa rive. 2Y'a #Jan 9.22; Mat 5.11; 24.9; Lik 6.22 radye nou nan sinagòg yo. Rive yon lè, moun ki touye nou va mete nan tèt yo se sèvi y'p sèvi Bondye. 3Y'ap #Jan 15.21 fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. 4Men, #Lik 22.53; Jan 17.12 mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa.
Travay Sentespri a
— Mwen pat di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou. 5Men #Jan 7.33 koulyeya, mwen di nou mwen pral jwenn moun ki te voye mwen an, epi nou yonn menm, nou pa mande mwen kote m'prale? 6Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase. 7Men, #Jan 14.16,26 m'ap di nou laverite: L'ap pi bon pou nou wi si m'ale. Paske, si m'pa ale, moun ki pou vin pwoteje nou an p'ap vini. Men si m'ale, m'ap voye li. 8Li #1 Kor 14.24; Eb 4.12 menm, lè l'a vini, l'a fè lemonn wè lerè yo sou kesyon peche, sou kesyon jistis ak sou kesyon jijman. 9Yo #Jan 3.18; Wòm 1.18 nan lerè sou kèsyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. 10Yo #Tra 5.31; Wòm 4.25 nan lerè sou kèsyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m ankò. 11Yo #Jan 12.31; 14.30 nan lerè sou kesyon jijman an paske chèf k'ap dominen lemonn lan deja jije.
12Mwen #1 Kor 3.1 gen anpil lòt bagay ankò pou m di nou, men nou pa ka konprann yo kounyeya. 13Men, #Jan 14.26; 1 Jan 2.27 li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive. 14Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo. 15Tou #Jan 17.10 sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo.
Lapenn nou tounen kè kontan
16— Talè #Jan 14.19 konsa, nou p'ap wè mwen devan je nou. Men talè konsa ankò, n'a wè mwen.
17Kèk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lòt:
— Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talè konsa nou p'ap wè m, talè konsa n'a wè m ankò? Sa l vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a? 18Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l vle di.
19Jezi menm te konnen yo te vle poze l kèsyon. Li di yo:
— Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m, talè konsa tou n'a wè m ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt kèsyon an? 20Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan. 21#Eza 26.17 yon fanm gen tranche, kè li sere, paske lè a rive pou li soufri. Men lè pitit la fèt, li bliye tout bagay deske li fè yon ti kreyati met sou tè a. 22Konsa #Eza 66.14 tou, kounyeya nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pèsonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou. 23Jou #Jan 14.13,14,20; 1 Jan 5.14; Mat 7.7; Mak 11.24 sa a, nou p'ap poze m kèsyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, l'a ban nou li. #16.23: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li: Gen maniskri ki bay si nou mande Papa a nenpòt bagay, la ban nou l nan non mwen. 24Jouk #Jan 15.11 kounyeya, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.
Lemonn pèdi devan Jezi
25Mwen #Jan 10.6 di nou tou sa anparabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale daki ak nou ankò. Men m'ap pale nou aklè sou Papa a. 26Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyè Papa a pou nou, 27paske #Jan 14.21 Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m, paske nou kwè mwen sòti nan Papa a. 28Mwen sòti nan Papa a, mwen vin sou latè. Kounyeya, m'ap wete kò m sou latè a, mwen pral jwenn Papa a.
29Disip #Jan 16.25 yo di li:
— Se kounyeya w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl. 30Kounyeya nou #Jan 2.25 konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pèsonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou sòti nan Bondye.
31Jezi reponn yo:
— Nou sèten nou kwè kounyeya? 32Gade, #Zak 13.7; Mat 26.31,45; Mak 14.27,50; Jan 8.29 yon lè gen pou rive, epi li rive deja, kote nou pral gaye, nou chak pral fè yon bò: nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Men mwen pa poukont mwen vre, paske Papa a la avèk mwen. 33Mwen #Jan 14.27; Wòm 5.1; 1 Jan 5.4 pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.

Currently Selected:

Jan 16: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy