YouVersion Logo
Search Icon

Jan 14

14
Jezi se chemen lakay Papa a
1Jezi di yo:
— Pa #Jan 14.27; Mak 11.22 kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. 2Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pat vre, mwen pa ta di nou sa. 3#Jan 12.26; 17.24 m'a fin pare plas la pou nou, m'a tounen vin chache nou. Konsa, kote m'a ye a, se la n'a ye tou. 4Nou konnen chemen ki mennen kote m prale a.
5Toma di li:
— Senyè, nou pa konnen kote ou prale a. Ki jan ou ta vle pou nou konnen chemen pou n pran an?
6Jezi #Eb 10.20; Mat 11.27; Jan 11.25; Wòm 5.1,2 reponn li:
— Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pèsonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen. 7Si nou konnen m, n'a konn Papa m tou. #14.7: Si nou konnen m, n'a konn Papa m tou: Gen maniskri ki bay Si nou te konnen m kounyeya, nou ta konn Papa m tou. Men, depi kounyeya nou konnen l, nou wè l tou.
8Filip di l konsa:
— Senyè, moutre nou Papa a. Se sa ase nou bezwen.
9Jezi #Jan 12.45; Eb 1.3; Mat 17.17 reponn li:
— Depi tout tan sa a mwen la avè nou, Filip, ou poko konnen m toujou? Moun ki wè m, li wè Papa a. Ki jan ou ka fè di: Moutre m Papa a? 10Gen #Jan 12.49 lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo sòti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li. 11Se #Jan 14.20; Jan 10.25,38 pou nou kwè m lè m di nou: Mwen nan Papa a, Papa a nan mwen tou. Osinon, se pou nou kwè akòz sa m'ap fè a. 12Sa #Mak 16.19,20 m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki mete konfyans li nan mwen, li gen pou l fè tou sa m'ap fè a. L'a menm rive fè pi gwo bagay toujou, paske mwen pral jwenn Papa a. 13Tou #Jan 15.7; Mak 11.24; 1 Jan 5.14 sa n'a mande nan non mwen, m'a fè l' pou nou pou Pitit la ka wè pouvwa Papa a. 14(Nenpòt #Jan 16.23,24 kisa n'a mande nan non m, m'a fè l pou nou.)
Jezi pwomèt Sentespri a
15— Si #Jan 15.10; 1 Jan 5.3 nou renmen m, se pou n obeyi kòmandman m yo. 16Mwen #Jan 14.26; 15.26; 16.7; 1 Jan 2.1 menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou. 17Se #Jan 7.39; 16.13; Mat 10.20; Wòm 8.26 Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou.
18— Mwen p'ap kite nou pou kont nou: M'ap tounen vin jwenn nou ankò. 19Anvan #Jan 16.16 lontan ankò, lemonn p'ap wè m, men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv. 20#Jan 17.21-23 jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.
21— Moun #2 Kor 3.18; 1 Jan 5.3 ki asepte kòmandman m yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l, epi m'a fè l wè mwen.
22Jid #Tra 10.41 (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa:
— Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?
23Jezi #Jan 13.34; 14.21; Pwo 8.17; Mat 18.20; 28.20; Ef 3.17; 2 Kor 6.16 reponn li:
— Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li. 24Moun #Jan 7.16; 1 Jan 2.5 ki pa renmen m, li p'ap fè tou sa m di l fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo sòti, men se nan Papa m ki voye m lan yo sòti.
25— Mwen di nou tou sa antan m la ankò avèk nou. 26Men #Jan 14.16; Mat 10.19 pwotektè a, Sentespri Papa mwen ap voye nan non mwen an, se li menm ki va anseye nou tout bagay. Epi l'a fè nou sonje tou sa mwen te di nou yo.
27— M'ap #Jan 14.1; 16.13; Fil 4.7 ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè. 28Nou #Jan 14.3,6,18; Lik 24.52 tande m di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen. 29Mwen #Jan 13.19 tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè. 30Mwen #Jan 12.31; Ef 2.2 p'ap pale anpil ankò avè nou, paske chèf k'ap dominen lemonn lan ap vini. Li pa gen okenn pouvwa sou mwen. 31Men, #Jan 10.18; Mat 26.46; Mak 14.42 se pou lemonn antye konnen mwen renmen Papa m'. Epi m'ap aji dapre lòd Papa m'pase m'. Wi, annou leve, ann soti la a.

Currently Selected:

Jan 14: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy