YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 45

45
Senyè a chwazi Siris pou travay li
1Senyè a te chwazi wa Siris pou fè travay #Jòb 12.21; Eza 41.13 li.
Li ba li men pou tout nasyon soumèt devan li.
Li voye l pou l wete pouvwa wa yo,
l'ap louvri de batan pòtay lavil yo devan li.
P'ap gen pòtay k'ap rete fèmen pou li.
Men sa Senyè a di wa Siris:
2— Se #Sòm 107.16; Eza 40.4 mwen menm k'ap louvri chemen pou ou.
M'ap fè mòn yo vin plat.
M'ap kraze gwo pòtay an kwiv yo.
M'ap kase ba fè yo de bout.
3M'a #Eza 43.1; Jer 51.13 ba ou tout richès ki sere kote ki fènwa a,
richès ki kache nan depo kote moun pa konnen.
Lè sa a, w'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
Se Bondye pèp Izrayèl la ki te rele ou fè travay sa a.
4Mwen #Eza 62.2 te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m yo,
moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a.
Mwen ba ou grad atout ou pat konnen m lan.
5Se mwen menm ki Senyè a. Pa gen lòt!
Se mwen menm sèl ki Bondye.
Se mwen ki ba ou tout fòs ou atout ou pat konnen m lan.
6Mwen #Eza 37.20; Mal 1.11 fè sa pou tout moun sou latè,
depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche,
ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm!
Se mwen menm ki Senyè a. Pa gen lòt!
7Mwen #Eza 41.23; Am 3.6 mete limyè, mwen mete fènwa!
Mwen bay kè poze, mwen bay kè sote.
Se mwen menm Senyè a ki fè tou sa.
8M'ap #Sòm 85.11; Oze 10.12 rete nan syèl la, m'ap voye fòs pouvwa sou nou tankou lapli,
pou nou ka gen batay la.
Latè pral louvri de bra l pou resevwa l.
Delivrans pral fleri sou latè,
lajistis pral boujonnen toupatou.
Se mwen menm Senyè a k'ap fè tou sa rive.
Bondye kontwole tou sa k'ap pase
9Madichon #Eza 10.15; 64.8; Wòm 9.20 pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l la!
Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich.
Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan:
Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon.
10Madichon pou pitit k'ap di papa l ki kalite pitit ou fè la a.
Madichon pou pitit k'ap di manman l ki kalite pitit ou met sou latè a la a!
11Senyè a, #Eza 41.23; 64.8 Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa,
li menm ki te fòme l la, men sa li di:
— N'ap mande m sa m pral fè pou pitit mwen yo?
N'ap di m sa pou m fè?
12Se #Jen 2.1; Jer 27.5 mwen menm ki te fè latè.
Mwen kreye moun pou yo viv sou latè.
Se mwen menm ki te louvri syèl la ak men mwen.
Mwen kontwole tou sa ki nan syèl la: solèy, lalin ak tout bann zetwal yo.
13Se #Eza 41.2; 52.3 mwen menm ki fè wa Siris kanpe pou li mete jistis sou latè.
M'ap louvri tout wout devan li.
Se li menm ki pral rebati lavil mwen an.
L'ap fè moun pa m yo te depòte yo tounen lakay yo
san yo pa bèzwen peye anyen,
ni yo p'ap bezwen fè kado anyen pou sa.
Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki di sa!
14Men #Eza 14.2; 43.3 sa Senyè a di ankò:
— Tout pwofi travay moun Lejip yo ak pwoji kòmès moun Letyopi yo pral vin pou nou. Moun bèl wotè ki rete nan peyi Seba yo va pase nan peyi nou an, y'a vin esklav nou. Y'a mache dèyè nou tankou prizonye nan chenn.
Y'a mete ajenou devan nou, y'a di:
Se lakay nou ase Bondye rete.
Se Bondye sèl ki Bondye.
Lòt bondye yo pa egziste vre.
15Tansèlman se yon Bondye moun pa ka wè.
Bondye pèp Izrayèl la, se li ki konn delivre moun!
16Moun k'ap fè estati yo pral wont,
yo tout pral tèt bese.
Moun pral pase yo nan betiz.
17Men, #Eza 54.4 Senyè a ap delivre pèp Izrayèl la pou tout tan.
Nou p'ap janm wont ankò, nou p'ap janm bese tèt nou ankò devan pèsonn jouk sa kaba.
18Se #Jen 1.2; Sòm 115.16 Senyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l chita fèm. Li pat fè l pou l te tounen yon dezè, men pou l te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Senyè a. Nanpwen lòt.
19Se #Det 30.11; Eza 48.16 pa ankachèt mwen te pale, ni nan kalbas. Mwen pa te di moun ras Jakòb yo pou yo chache m' kote ki pa gen anyen. Mwen menm, se Senyè a mwen ye. Mwen pale laverite. Mwen fè konnen sa ki dwe fèt.
Senyè a ak zidòl peyi Babilòn yo
20Senyè a #Eza 41.1; 44.17,18; 46.1,7; Jer 10.5 di ankò:
— Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo:
Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo!
Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo,
k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo,
yo pa konn anyen!
21Vin #Eza 41.22,26; 43.9,11 plede kòz nou!
Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di!
Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a?
Kilès ki te fè konnen sa depi lontan?
Se pat mwen menm, Senyè a?
Nanpwen lòt bondye pase mwen menm.
Mwen se Bondye ki pa nan patipri.
Se mwen ki ka delivre moun.
22Tounen #Eza 43.5,6 vin jwenn mwen pou nou ka delivre,
nou tout ki rete sou latè!
Paske se mwen ki Bondye. Pa gen lòt!
23Mwen #Jen 22.16; Wòm 14.11; Fil 2.10 fè sèman sou tèt mwen,
sa m'ap di la a se laverite klè.
Pèsonn p'ap ka demanti pawòl mwen yo.
Tout moun pral vin ajenou devan mwen.
Nan tout lang, y'ap pran non mwen pou yo fè sèman.
24Y'a #Eza 41.11; 44.8 di: Se nan Senyè a sèl nou jwenn jistis ak fòs kouray!
Tout moun ki t'ap kenbe tèt avè l yo pral wont, y'ap vin nan pye l.
25Men, gremesi Senyè a, moun ras Izrayèl yo pral kanpe ankò.
Yo pral fè lwanj mwen.

Currently Selected:

Ezayi 45: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy