YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 44

44
Senyè a sèl Bondye
1Senyè a di ankò:
— Koute m byen #Eza 41.8 kounyeya, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m yo,
nou menm pèp Izrayèl mwen te chwazi pou mwen an.
2Men #Det 32.15; Eza 49.1,5; Gal 1.15 sa Senyè ki te kreye nou an,
Senyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di:
— Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m yo,
nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an.
3M'ap #Eza 35.6; Jowèl 2.28 vide dlo sou tè sèk la.
M'ap fè sous dlo koule nan dezè a.
M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen.
M'ap voye benediksyon m sou pitit pitit nou yo.
4Yo #Sòm 1.3 pral pouse tankou zèb ki jwenn lapli,
tankou banbou bò larivyè.
5Yonn #Eza 14.1 apre lòt, moun yo pral di:
— Se pou Senyè a mwen ye!
Y'a vin mete tèt yo ansanm ak fanmi Jakòb yo.
Yo tout pral make non Senyè a nan pla men yo.
Y'a di se moun pèp Izrayèl la yo ye tou.
6Senyè #Eza 41.4 ki wa pèp Izrayèl la, Senyè ki gen tout pouvwa a,
li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di:
— Se mwen menm ki te la anvan tout bagay,
Se mwen menm k'ap la apre tout bagay.
Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.
7Kilès #Eza 41.26,27 ki tankou m? Se pou l kanpe di sa!
Se pou l fè nou konn sa, se pou l ban m prèv la!
Se pou l di tou sa ki pase depi nan konmansman!
Se pou l fè konnen davans sa ki gen pou rive.
8Nou #Det 4.35,39; 32.39; Jowèl 2.27 pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble.
Depi lontan mwen te fè nou konn sa, mwen te di nou sa.
Nou pral kanpe pale pou mwen.
Eske gen lòt bondye pase mwen menm?
Eske gen lòt bondye ki ka pwoteje moun?
Mwen menm, mwen pa konnen l.
Zidòl yo pa vo anyen
9Tout #Eza 41.24,29 moun k'ap fè estati zidòl yo, se moun ki pa vo anyen. Bondye yo renmen anpil yo pa ka fè anyen pou yo. Moun k'ap pran pou yo se moun ki pa wè, moun ki pa konn anyen. Se pou sa yo pral wont pita. 10Ki #Aba 2.18 moun k'ap fè pòtre yon bondye, k'ap fonn metal pou fè yon estati san li pa wè avantaj li ladan l? 11Moun #Sòm 115.8 k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont!
12Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l nan dife, li travay li ak mato. Li ba l fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò. 13Moun k'ap travay bwa a menm pran mezi yon moso bwa, li trase pòtre zidòl la sou li ak moso lakre, li travay li ak sizo. Li ba li fòm yon moun, fòm yon bèl moun, pou l mete l nan yon tanp. 14Li ka koupe yon pye sèd. Li ka chwazi yon pye chenn, osinon yon pye kajou nan rakbwa a. Li ka plante yon pye pichpen epi li tann pou lapli fè l grandi. 15Moun sèvi ak moso nan rès bwa a pou boule. Yo fè dife pou yo chofe, pou yo kwit manje. Avèk rès bwa a, yo fè yon bondye pou yo adore, yo estati pou mete ajenou devan li. 16Avèk mwatye nan bwa a, yo fè dife, yo griye vyann, yo manje plen vant yo. Yo chofe kò yo tou, epi yo di: Dife a bon! Li cho! Ala bèl dife! 17Avèk rès bwa a, yo fè estati yon bondye pou yo sèvi. Yo mete ajenou devan l, yo lapriyè devan l, y'ap di: Ou se bondye mwen. Delivre m non!
18Moun sa yo pa konn anyen, yo pa konprann anyen, paske je yo bouche, yo pa ka wè. Lespri yo bouche, yo pa konprann anyen. 19Moun #Det 27.15 k'ap fè zidòl yo pa reflechi, yo pa konn anyen, yo pa konprann pou yo ta di: mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen pare manje sou chabon dife a. Mwen boukannen vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a, mwen fè yon bagay pou avili mwen, mwen fè yon zidòl. M'ap adore bout bwa!
20Se #Jòb 13.12; Sòm 144.8; Wòm 1.25 tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.
Se Senyè a ki kreye tout bagay
21Senyè a di:
— Nou menm fanmi Jakòb yo, chonje bagay sa yo byen!
Nou menm pèp Izrayèl, chonje se sèvitè m nou ye.
Se mwen menm ki te fè nou pou nou te ka sèvi m.
Mwen p'ap janm bliye nou! #44.21: Mwen p'ap janm bliye nou: Osinon Piga nou janm bliye mwen.
22Mwen #Eza 43.25 te fè peche nou yo disparèt devan je m tankou yon nyaj nan syèl la.
Tounen vin jwenn mwen non, paske se mwen menm ki te delivre nou.
23Ou #Eza 49.3,13; 55.12 menm syèl la, chante byen fò!
Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt!
Se pou mòn yo rele tank yo kontan!
Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt.
Paske Senyè a delivre fanmi Jakòb la,
li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
24Men sa Senyè a di, li menm ki delivre nou,
li menm ki te fè nou depi nan vant manman nou:
— Se mwen menm, Senyè a, ki fè tout bagay.
Se pou kont mwen mwen te louvri syèl la anwo tèt nou.
Lè m t'ap fè latè, kilès ki te ede m?
25Se #Eza 19.3 mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo.
Se mwen menm ki fè divinò yo depale.
Mwen demanti pawòl moun save yo.
Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.
26Men #2 Kwo 36.22,23; Jer 32.15,44 lè sèvitè m pale, mwen ba l rezon.
Lè mesaje m yo bay yon pawòl, mwen fè l rive vre.
Mwen di moun va rete lavil Jerizalèm ankò.
Yo pral rebati lavil peyi Jida yo.
Lavil li yo ki te bandonnen pral kanpe ankò.
27Mwen #Eza 51.10 menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche,
m'ap cheche tout rivyè nou yo.
28Mwen #2 Sam 5.2; Esd 1.1-3 di wa Siris se li ki pral gouvènen pou mwen!
Li pral fè tou sa m'a mande l fè.
Li pral bay lòd pou yo rebati lavil Jerizalèm,
pou yo refè fondasyon Tanp Bondye a.

Currently Selected:

Ezayi 44: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy