YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 46

46
Zidòl yo pa vo anyen
1Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn #Eza 21.9; Jer 50.2 yo, fini.
Y'ap mete estati yo sou do bèt.
Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo
tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.
2Ni bèt yo, ni zidòl yo tonbe ansanm atè a.
Zidòl yo pa ka delivre ata bèt k'ap pote yo a.
Lènmi ap depòte yo tankou moun yo fè prizonye.
3Nou #Det 1.31 menm fanmi Jakòb yo, ti rès ki rete nan fanmi Izrayèl la,
nou menm mwen te pote nan men depi jou nou te fèt la,
nou menm mwen te soutni depi nan vant manman nou an,
koute sa m'ap di nou byen:
4M'ap #Sòm 71.18 toujou aji konsa ak nou jouk n'a vye granmoun.
M'ap toujou soutni nou jouk n'a gen cheve blan.
M'a pote nou nan men m jan m te toujou fè l la.
M'a pran nou sou kont mwen, m'a delivre nou.
5Ak ki moun nou ta konpare m? Ki moun nou ka di ki sanble m?
Ki moun nou ka mete bò kote m ki tankou m?
6Gen moun ki pran lò nan pòch yo,
yo peze ajan nan balans,
yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo.
Lèfini, yo mete ajenou devan l, yo adore l.
7Yo #Sòm 115.7 leve l mete sou zepòl yo, yo pote l ale.
Yo mete l kanpe yon kote, epi li rete la.
Kote yo mete l la, li pa ka deplase.
Yo mèt lapriyè nan pye l kont kò yo, li pa ka reponn!
Li pa ka delivre yo lè yo nan tray.
8Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou!
Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè!
9Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan.
Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt!
Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m!
10Depi #Sòm 33.11; Pwo 19.21; Eb 6.17 nan konmansman, mwen te di jan sa pral ye.
Depi davans mwen te fè nou konnen sa ki ta pral rive.
Mwen te di plan travay mwen gen pou rive fèt vre.
M'ap fè tou sa mwen te vle fè a.
11Mwen #Nonb 23.19; Eza 41.2 rele yon nonm mwen te chwazi sòti nan yon peyi byen lwen bò solèy leve.
Tankou yon malfini, li pral vini, li pral fè travay mwen ba l fè a.
Depi mwen di yon bagay, se pou l fèt.
Depi mwen fè lide fè yon bagay, fòk li fèt.
12 # 46.12: Men yon lòt jan nou ka di sa ki nan vèsè sa a: Koute sa m'ap di nou, nou menm ki dekouraje, nou menm ki konprann pa gen delivrans pou nou kounyeya: Koute sa m'ap di nou, bann tèt di,
nou menm ki pa sòti pou fè sa ki dwat:
13M'ap #Sòm 85.9; Eza 51.5; Jowèl 2.32 fè jou delivrans nou an pwoche. Li pa lwen rive.
Mwen p'ap mize vin delivre nou.
Mwen pral delivre mòn Siyon.
Mwen pral fè pèp Izrayèl la wè pouvwa mwen.

Currently Selected:

Ezayi 46: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy