YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 43

43
Bondye ap toujou delivre pèp li a
1Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, men #Jen 32.28; Eza 41.14; 45.3,4 sa Senyè a ap di nou kounyeya, li menm ki te kreye nou an. Nou menm moun Izrayèl yo, men sa l'ap di nou, li menm ki te fè nou ak men l:
— Nou pa bezwen pè anyen! M'ap toujou pwoteje nou.
Se mwen menm ki te ban nou non nou pote a. Se pou mwen nou ye.
2#Sòm 66.12; Da 3.25,27 n'ap pase sou lanmè, m'ap kanpe la avèk nou.
Lè n'ap janbe gwo dlo, dlo a p'ap bwote nou ale.
Lè n'ap mache nan mitan dife, dife p'ap boule nou.
Flanm dife a p'ap fè nou anyen.
3Paske #Eza 45.14 mwen menm, mwen se Senyè a, Bondye nou an.
Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
Se mwen menm k'ap delivre nou!
Pou m te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip,
peyi Letyopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.
4M'ap bay tout moun lòt nasyon yo pou m ka sove lavi nou,
paske mwen konsidere nou anpil.
Nou gen anpil valè pou mwen, mwen renmen nou anpil.
5Nou #Sòm 107.3; Eza 49.12; Jer 30.10,11 pa bezwen pè anyen. Mwen la avèk nou.
M'ap fè tout moun nou yo tounen lakay yo.
M'ap sanble nou sòti nan peyi sou bò solèy leve
ak nan peyi sou bò solèy kouche.
6M'ap di moun ki rete sou bò nan nò yo: Kite yo ale!
M'ap di moun ki rete sou bò nan sid yo: Kite yo tounen!
Kite pitit gason m yo tounen sòti byen lwen.
Kite pitit fi m yo tounen sòti toupatou sou latè.
7Se pèp mwen yo ye.
Se mwen menm ki kreye yo pou yo ka sèvi yon lwanj pou mwen.
Se mwen menm menm ki te fè yo. Se nan men mwen yo sòti.
Izrayèl temwen Bondye
8Senyè a #Eza 42.19 di ankò:
— Fè pèp la konparèt devan m.
Se yon bann moun ki gen je men ki pa wè.
Yo gen zòrèy men yo pa tande.
9Rele #Eza 41.1,21,22 tout nasyon yo, fè yo tout reyini ansanm.
Fè yo sanble nan tribinal la.
Kilès nan bondye moun sa yo ki te di davans sa ki gen pou rive a?
Kilès ki te fè nou konnen bagay k'ap rive kounyeya?
Fè bondye sa yo vini ak temwen ki pou kanpe pale pou yo.
Lè y'a tande yo, y'a ba yo rezon!
10Men #Eza 41.4; 44.8 pawòl Senyè a di:
— Se nou menm menm ki pou sèvi m temwen.
Se nou menm mwen te chwazi pou sèvi m,
pou nou konnen m, pou nou kapab mete konfyans nou nan mwen,
pou nou ka konprann se mwen menm sèl ki Bondye tout bon an.
Anvan mwen, pat gen lòt bondye.
Apre mwen, p'ap gen lòt bondye.
11Se #Eza 45.21; Oze 13.4 mwen menm sèl ki Granmèt la, Senyè a.
Pa gen lòt ki ka delivre nou pase mwen menm!
12Se mwen menm ki te di nou davans sa ki gen pou rive.
Se mwen menm ki delivre nou.
Pa gen okenn lòt bondye lòt nasyon yo ki janm fè sa pou nou.
Nou menm, se temwen mwen nou ye. Se mwen ki Bondye.
Se Senyè a menm ki di sa.
13M pa #Jòb 9.12; Sòm 90.2; Eza 14.27; Jan 8.58 janm chanje.
Pèsonn pa ka chape anba men mwen.
Ki moun ki ka defèt sa mwen fè?
Bondye ap delivre Izrayèl anba Babilòn
14Men #Eza 47.1 sa Senyè k'ap delivre nou an di:
Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di:
— Pou m ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn.
M'ap fè yo tout kouri met deyò.
Wi, moun Kalde yo pral desann sòti sou batiman ki te tout lògèy yo a. #43.14: M'ap fè yo tout kouri…tout lògèy yo a: Men yon lòt jan yo ka di l tou: M'ap kraze pòtay lavil yo, pete seri pòtay prizon yo. M'ap fè moun Kalde yo rele sitèlman y'a nan lapenn.
15Se mwen menm Senyè a, Bondye pa nou an, ki yon Bondye apa.
Se mwen menm ki te kreye pèp Izrayèl la.
Se mwen menm ki wa nou!
16Nan #Egz 14.21,22; Sòm 77.19; Eza 51.10 tan lontan, se li menm, Senyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou.
Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo.
17Li #Egz 14.9; Sòm 76.5,6 te fè moun yo sanble yon gwo lame ak anpil zam,
anpil cha lagè ak tout chwal yo.
Li fè yo tonbe atè, yo pa janm ka leve ankò.
Yo mouri tankou yon bouji lè ou soufle sou li.
18Men #Jer 16.14 sa Senyè a di:
Pa chita ap chonje tan lontan.
Pa rete ap kalkile sa ki fin pase!
19Men #Eza 35.8; 41.18; 48.21; Rev 21.5 m'ap fè yon lòt bagay pou nou.
Li konmanse rive deja. Nou pa wè li?
Mwen pral fè yon wout nan mitan dezè a.
Mwen pral fè gwo dlo koule nan savann lan.
20Bèt #Eza 49.10 nan bwa pral fè lwanj mwen.
Chen mawon ak grangozye pral fè fèt pou mwen.
Paske m'ap mete dlo nan dezè a.
M'ap fè gwo dlo koule nan savann lan
pou pèp mwen chwazi pou rele l' pa m' lan ka jwenn dlo pou yo bwè.
21Pèp #Sòm 79.13; 1 Pyè 2.9 mwen te fè pou mwen an va chante,
l'a fè lwanj mwen.
Peche pèp Izrayèl la
22Senyè a di:
— Men se pa mwen menm nou te sèvi, nou menm fanmi Jakòb yo!
Nou menm pèp Izrayèl la, nou te bouke avè m.
23Nou #Am 5.25; Mi 6.3 pat ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen.
Se pat pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo.
Mwen pat fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen.
Mwen pat fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen.
24Nou #Jer 6.20 pat depanse lajan nou achte lansan pou mwen.
Ni nou pat ofri m grès bèt nou touye yo pou sa te fè m plezi.
Men, se nou menm ki kraze m ak peche nou yo.
Se nou menm ki fatige m ak mechanste n'ap fè yo.
25Se #Eza 44.22; Eze 36.25,26 mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal.
Se paske se mwen kifè m'ap fè l.
Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo.
26Ede m #Eza 1.18 chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la.
Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon.
27Premye #Jer 5.31; Eze 16.3 zansèt nou an te fè sa li pat dwe fè.
Mesaje nou yo te vire do ban mwen.
28Se #Jer 24.9; Lam 2.2 poutèt sa mwen avili moun ki reskonsab kay #43.28: mwen avili moun ki reskonsab kay: Osinon chèf nou yo derespekte kay. yo mete apa pou mwen an.
Se poutèt sa mwen lage fanmi Jakòb la pou yo detwi yo nèt.
Mwen kite yo pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz.

Currently Selected:

Ezayi 43: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy