Lik 21

21
Yon vèv montre kisa yon vrè ofrann ye
(Mak 12:41-44)
1Jezi leve tèt li gade epi li wè moun rich yo k ap mete kòb nan bwat ofrann yo nan tanp lan. 2Li wè tou yon pòv vèv ki mete de ti pyès lajan nan bwat la. 3Jezi di: “An verite mwen di nou, pòv vèv sa a mete pi plis pase tout lòt moun yo. 4Paske tout moun sa yo, se sa yo gen anplis yo mete kòm ofrann, men vèv la menm, se tout sa l te genyen pou l viv, li bay li kòm ofrann.”
Jezi avèti moun yo sou sa ki gen pou rive
(Mat 24:1-14; Mak 13:1-13)
5Etan kèk moun t ap pale de jan tanp lan bèl, jan l byen dekore ak bèl wòch epi ak tout bèl kado moun te ofri bay Bondye, Jezi di konsa:
6“Gen yon jou k ap vini kote p ap menm gen de wòch k ap rete youn sou lòt nan tout bagay sa yo nou wè la a. Tout pral kraze nèt vide atè.”
7Lè sa a, disip yo tonbe poze l kesyon, yo di: “Mèt, ki lè bagay sa yo ap rive? Ki siy k ap fè nou konnen bagay sa yo prèt pou rive?”
8Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a.#21:8 Mesi a Literalman, “se moun nan”, sa vle di wa Bondye chwazi epi li voye a. Gade nan Lik 23:35; Mat 24:5 ak Mesi epi tou nan tout liv sa a. Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo. 9Lè nou pran nouvèl lagè ak revolisyon k ap fèt, nou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive anvan. Men, se poko lafen an toujou.”
10Apre sa, li di yo: “Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt. 11Pral gen gwo tranblemanntè ak grangou, epi maladi ap touye moun nan anpil kote. Va gen bagay tèrib ak gwo siy k ap parèt nan syèl la.
12Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm. 13Men, bagay sa yo ap ban nou okazyon pou nou pale de mwen. 14Kidonk, kenbe sa byen nan tèt nou. Pa fatige kò nou pou konnen kijan nou pral defann tèt nou. 15Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo. 16Se pwòp paran nou, frè nou, fanmi nou, oubyen zanmi nou k ap denonse nou. Y ap menm fè touye anpil nan nou. 17Tout moun ap rayi nou poutèt n ap mache ak mwen. 18Men, menm yon branch cheve nan tèt nou p ap pèdi. 19Nan pèsevere nan lafwa nan mitan bagay sa yo, n a sove lavi nou.
Destriksyon Jerizalèm
(Mat 24:15-21; Mak 13:14-19)
20Lè n a wè yon pakèt lame sèke Jerizalèm toutotou, n a konnen lè a rive pou yo detwi li. 21Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. Moun ki nan kè lavil Jerizalèm nan menm ta dwe kouri soti. Moun ki te nan jaden menm, pa ta dwe chache antre lakay. 22Paske jou sa yo se jou kote Bondye pral jije pèp li a. Sa pwofèt yo te ekri yo nan Bib la pral rive vre. 23Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris, paske pral gen gwo dezolasyon sou peyi a. Bondye pral pini moun sa yo, paske li fache kont yo. 24Y ap touye yo ak kout nepe. Y ap depòte yo nan tout lòt peyi yo. Lavil Jerizalèm menm, moun lòt nasyon yo ap detwi l epi kontwole l, jouktan tan yo te ba yo a fin akonpli.
Nou pa bezwen pè
(Mat 24:29-31; Mak 13:24-27)
25Pral gen siy k ap parèt nan solèy la, nan lalin nan, ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout moun lòt nasyon yo pral pran tranble. Yo p ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ak vag li yo k ap frape. 26Moun gen pou endispoze, tèlman y ap pè, poutèt bagay ki pral rive sou latè. Epi puisans nan syèl yo pral tranble. 27Apre sa, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. 28Lè nou wè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe djanm, pa pè, paske lè a prèske rive pou Bondye vin delivre nou.”
Pawòl mwen p ap janm pase
(Mat 24:32-35; Mak 13:28-31)
29Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Gade pye fig sa a. Gade tout lòt pyebwa yo. 30Lè nou wè y ap pouse fèy vèt, nou tou konnen lete prèt pou rive. 31Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Wayòm Bondye a pa lwen pou l rive.
32An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! 33Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen ap rete pou tout tan.”
Rete toujou pare
34“Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare. 35Paske jou sa a ap rive sanzatann sou tout moun ki sou latè. 36Kidonk, se pou n toujou pare tout tan. Priye pou n kapab chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive epi pou nou ka kanpe devan Pitit Lòm nan.”
37Pandan lajounen, Jezi te anseye moun yo nan tanp lan, men, nan aswè li te toujou kite vil la, l al pase nuit la sou mòn yo rele mòn Oliv la. 38Chak maten, tout moun yo te leve byen bonè pou yo vin tande ansèyman Jezi yo nan tanp lan.

Chwazi Kounye ya:

Lik 21: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an