Lik 22

22
Plan pou touye Jezi
(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Jan 11:47-53)
1Lè a te prèske rive pou Jwif yo te fete fèt pen san ledven an, sa yo rele fèt Delivrans la. 2Chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te vle touye Jezi. Yo pa t sispann chache yon okazyon pou fè san sekrè, paske yo te pè reyaksyon foul la.
Jida dakò pou l ede lènmi Jezi yo
(Mat 26:14-16; Mak 14:10-11)
3Youn nan douz (12) disip Jezi yo te rele Jida Iskaryòt. Satan antre nan Jida Iskaryòt, 4epi Jida al pale ak chèf prèt yo ansanm ak chèf gad ki t ap veye tanp lan sou fason li ta ka ede yo arete Jezi. 5Mesye yo te kontan anpil pou sa Jida te di yo a, epi yo te pwomèt li y ap peye l si l fè sa pou yo. 6Jida te dakò epi depi lè a li t ap veye yon okazyon lè foul la pa la pou l ede mesye yo arete Jezi.
Repa fèt Pak la
(Mat 26:17-25; Mak 14:12-21; Jan 13:21-30)
7Jou fèt pen san ledven an vin rive. Se nan jou sa a pou, nan chak fanmi, Jwif yo te touye ti mouton yo pou fèt Delivrans lan. 8Jezi chwazi Pyè ak Jan, li di yo konsa: “Al prepare manje fèt Pak lan pou nou pou n manje.”
9Pyè ak Jan reponn li: “Ki kote ou ta renmen nou prepare manje a?”
10Jezi reponn yo: “Gade, lè nou antre nan vil la, n ap kontre ak yon mesye k ap pote yon krich dlo. Swiv mesye a jouktan li rive nan kay kote l va antre a. 11Pale ak mèt kay la, di l konsa: Mèt la voye di w pou montre nou chanm kote li ka manje repa fèt Pak la ak disip li yo. 12Lè sa a, mèt kay la ap montre nou yon gwo chanm anlè a ki byen meble. Se la n a pare manje Pak la.”
13Pyè ak Jan ale, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a, epi yo prepare manje Pak la.
Repa Senyè a
(Mat 26:26-30; Mak 14:22-26; 1 Kor 11:23-25)
14Lè lè a rive pou yo te manje repa fèt Pak la, Jezi chita bò tab la ansanm ak tout apot li yo. 15Li di apot yo konsa: “Se pa ti anvi mwen te anvi manje repa fèt Pak sa ansanm ak nou anvan m mouri. 16Paske m ap di nou sa, mwen p ap janm manje yon manje Pak kon sa ankò, jouktan l a pran tout sans li nèt nan Wayòm Bondye a.”
17Apre sa, Jezi pran yon gode diven, li di Bondye mèsi epi l di: “Pran gode diven sa a, separe ant nou menm. 18Paske m ap di nou sa, depi kounye a, mwen p ap bwè diven ankò pou jouktan Wayòm Bondye a vini.”
19Apre sa, li pran pen. Apre l fin di Bondye mèsi, li kase pen an, li bay apot yo li, li di yo: Sa a se kò mwen, m ap bay kòm sakrifis pou nou an. Fè sa pou nou sonje mwen. 20Menm jan an tou, apre yo fin manje, li ba yo diven an, li di yo: “Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche nou.”#22:20 Kèk kopi Grèk pa genyen pawòl Jezi nan dènye pati vèsè 19 la ansanm ak tout vèsè 20 an.
Kilès k ap leve talon kont Jezi?
21Jezi di: “Epoutan, moun k ap trayi m nan chita bò tab la ansanm ak mwen la a. 22Pitit Lòm nan pral fè sa Papa a te gentan deside pou l fè, se vre, men malè pou moun ki trayi l la.”
23Tousuit apot yo tonbe fè diskisyon ant yo menm. Youn ap mande lòt kilès nan pami yo la a ki pral fè bagay sa a?
Se pou konpòte w tankou yon sèvitè
24Apre sa, yon diskisyon pete nan mitan apot yo. Yo bezwen konnen kilès nan pami yo ki pi enpòtan pase lòt. 25Men, Jezi di yo: “Nan tout peyi kote moun yo pa konn Bondye yo, chèf yo se kòmande y ap kòmande. Moun ki chèf yo menm fè pèp la rele yo papa bonkè. 26Men se pa kon sa sa dwe ye nan mitan nou. Okontrè, se pou sa k gen gwo otorite a konpòte l tankou sa k mwen enpòtan an, moun ki jwe wòl lidè a jwe wòl sèvitè a. 27Paske, kilès ki pi enpòtan? Moun y ap sèvi bò tab la osinon moun k ap sèvi a? Tout moun kwè se moun ki chita bò tab la. Men mwen menm mwen nan mitan nou tankou moun k ap sèvi a.
28Nou menm nou toujou kanpe ansanm ak mwen nan mitan tout tribilasyon m yo. 29Se sa k fè, mwen ba nou otorite pou n renye avèk mwen nan wayòm Papa a ban mwen an. 30N ap gen pou n manje bwè sou menm tab avè m nan wayòm mwen an. N ap gen pou n chita sou twòn pou n jije douz (12) tribi Izrayèl yo.”
Pyè p ap pase tès la
(Mat 26:31-35; Mak 14:27-31; Jan 13:36-38)
31Jezi di ankò: “Mesye, Satan mande pèmisyon pou l teste nou tout tankou yon kiltivatè k ap vannen grenn nan laye li. O Simon, Simon.#22:31 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. 32Mwen priye pou ou pou ou pa pèdi lafwa! Lè ou retounen vin jwenn mwen, se pou fòtifye frè w yo.”
33Men Pyè di l konsa: “Senyè, mwen pare pou m al nan prizon avè w. E si sa nesesè, m ap menm mouri avè w.”
34Men Jezi reponn li: “Pyè, m ap di w yon bagay. Anvan kòk chante demen maten, ou ap gentan di ou pa konnen m twa fwa.”
Prepare pou tribilasyon
35Apre sa, Jezi di apot yo: “Lè m te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy?”
Yo reponn li: “Nou pa t manke anyen.”
36Epi li di yo: “Enben kounye a, si yon moun gen lajan, se pou l mache avè l; sa k gen manje, se pou l mache avè l. Moun ki pa gen nepe, se pou l vann rad li pou l achte yon nepe. 37Paske m ap di nou sa, pawòl ki te ekri nan Bib la, fòk li rive vre nan lavi mwen:
Yo mete l nan menm panye ak mechan yo.#Eza 53:12.
Sa k te ekri sou mwen yo pral akonpli.”
38Disip yo di li: “Mèt, men de nepe.”
Li di yo: “Ase.”#22:38 Ase Oubyen “Sa sifi” ki vle di sispann pale de bagay konsa.
Jezi ap priye poukont li
(Mat 26:36-46; Mak 14:32-42)
39Menm jan li te toujou fè l la, Jezi kite vil la, li ale sou mòn Oliv la. Disip yo tou te swiv li ale la. 40Lè Jezi rive sou mòn nan, li di disip yo: “Lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”
41Jezi li menm avanse yon ti kras pi devan, yon distans yon moun te ka voye yon wòch, li mete ajenou, li kòmanse priye. 42Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode#22:42 gode Nan ekspresyon sa a, gode se yon senbòl ki vle di soufrans. Jezi sèvi ak lide “bwè nan yon gode” pou di li aksepte soufrans li t apral rankontre nan evènman yo ki te prèt pou rive. soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.” 43Apre sa, yon anj Bondye parèt soti nan syèl la vin fòtifye li. 44Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.#22:44 Kèk kopi nan lang Grèk pa genyen vèsè 43 ak 44. 45Lè Jezi leve nan lapriyè a, l al kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Yo te fatige tèlman yo te nan lapenn. 46Li di yo: “Pouki sa n ap dòmi? Leve non, lapriyè, pou nou ka gen fòs devan tantasyon.”
Yo arete Jezi
(Mat 26:47-56; Mak 14:43-50; Jan 18:3-11)
47Jezi pa t ko menm fin pale, lè yon foul moun vin rive. Jida, youn nan douz yo, t ap mache devan foul la. Li pwoche bò kote Jezi, li bo li.
48Men Jezi di l: “Jida, èske se avèk yon bo ou ap trayi Pitit Lòm nan?” 49Lè moun ki te avèk Jezi yo wè sa k t apral pase a, yo di: “Mèt, èske nou mèt voye kout nepe?” 50Youn ladan yo fè yon kout nepe sou domestik granprèt la, li koupe zòrèy dwat li.
51Men, Jezi reponn, li di: “Sispann! Pa fè bagay konsa.” Epi, Jezi manyen zòrèy domestik la, li geri li.
52Apre sa, Jezi pale ak moun ki te vin arete l yo, chèf prèt yo, chèf gad yo k ap siveye tanp lan, ansyen yo nan pami pèp Jwif la, li di yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? 53Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”
Pyè di li pa konnen Jezi
(Mat 26:57-58, 69-75; Mak 14:53-54, 66-72; Jan 18:12-18, 25-27)
54Yo arete Jezi. Yo kondi li ale lakay chèf prèt la. Pyè li menm t ap swiv yo a yon distans. 55Moun yo limen yon dife nan mitan lakou a epi yo tout chita ap chofe dife. Pyè tou vin chita nan mitan yo. 56Yon sèvant wè yon moun chita bò dife a ki sanble Pyè. Li founi je gade l pi byen epi li di: “Nonm sa a te avèk Jezi tou wi.”
57Men Pyè demanti li. Pyè di: “Non madanm, mwen pa konnen li.” 58Yon ti tan apre sa, yon lòt moun wè Pyè epi li di: “Ou menm tou, ou fè pati gwoup moun sa yo.”
Men, Pyè di: “Non, monchè! Mwen pa fè pati moun sa yo.”
59Yon bon tan apre sa, yon lòt moun di konsa: “Se sèten nonm sa a te avè l. Se moun Galile li ye.”
60Men Pyè reponn: “Monchè, mwen pa menm konnen de kisa ou ap pale.”
Tousuit apre Pyè fin di sa, yon kòk chante. 61Jezi vire tèt li, li gade Pyè. Menm lè a, Pyè vin sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan kòk la chante jodi a, ou ap gentan di ou pa konnen m pandan twa (3) fwa.” 62Pyè soti deyò epi li tonbe kriye jouk li pa t kapab ankò.
Sòlda yo maltrete Jezi
(Mat 26:67-68; Mak 14:65)
63Mesye ki t ap siveye Jezi yo menm t ap pase l nan betiz epi yo t ap bat li tou. 64Yo mare je li ak twal epi yo di li: “Si ou se pwofèt vre, devine ki moun ki ba w kou sa a.” 65Epi yo te di l anpil lòt move pawòl ankò.
Jezi devan lidè relijye yo
(Mat 26:59-66; Mak 14:55-64; Jan 18:19-24)
66Nan demen maten, lidè Jwif yo, chèf prèt yo ansanm ak Skrib yo te reyini. Yo fè mennen Jezi devan gran konsèy Jwif yo. 67Yo di Jezi konsa: “Si ou se Kris la, se pou di nou sa.”
Men, Jezi reponn yo: “Menmsi mwen ta di nou, nou p ap vle kwè m. 68Si m poze nou yon kesyon, nou p ap vle reponn mwen. 69Depi kounye a, Pitit Lòm nan pral chita sou bò dwat Bondye ki gen tout pouvwa a.”
70Yo tout di li: “Kidonk, ou se pitit Bondye a, pa vre?” Jezi reponn yo: “Se nou menm ki di li. Wi se sa mwen ye.”
71Lè sa a, yo di: “Pouki sa pou n ap chache temwen toujou? Nou tout tande ak pwòp zòrèy nou pawòl ki soti nan bouch li.”

Chwazi Kounye ya:

Lik 22: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an