Lik 20

20
Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout
(Mat 21:23-27; Mak 11:27-33)
1Yon jou, Jezi t ap anseye foul la nan tanp lan. Li t ap preche yo bòn nouvèl la. Te gen chèf prèt yo, ansanm ak Skrib yo epi lidè Jwif yo ki te kanpe toupre. 2Yo vin pale ak Jezi, yo di li: “Di nou kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè a yo, osinon di nou kilès ki ba w otorite sa a?”
3Jezi reponn, li di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou, se pou nou reponn mwen. 4Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”
5Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 6Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, tout pèp la ap lapide nou ak kout wòch, paske yo tout kwè Janbatis te yon pwofèt Bondye.” 7Konsa, yo reponn Jezi: “Nou pa konnen kilès ki te bay Janbatis otorite.”
8Lè sa a, Jezi di yo: “Mwen menm non plis, mwen p ap di nou kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.”
Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen
(Mat 21:33-46; Mak 12:1-12)
9Apre sa, Jezi rakonte pèp la parabòl sa a: “Vwala se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Apre sa, li bay kèk kiltivatè jaden an de mwatye, epi li pati al fè anpil tan deyò. 10Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon domestik al kote kiltivatè yo pou al chache pati pa l nan rekòt rezen an. Men, kiltivatè yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l ale de men vid. 11Mèt jaden an voye yon dezyèm domestik kote kiltivatè yo. Yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat. Lè yo fin i, yo joure l byen joure, apre sa, yo voye l ale de men vid. 12Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik kote kiltivatè yo. Fwa sa a, yo menm blese domestik la epi yo pimpe l deyò jaden an.
13Lè sa a, Mèt jaden an di: Ki sa m dwe fè la a? M ap voye pitit gason m nan kote yo, pitit mwen renmen anpil la. Petèt, lè yo wè se pitit mwen an, y a gen respè pou li. 14Lè kiltivatè yo wè pitit la ap vini, youn di lòt konsa: Men pitit mèt jaden an ap vini. Annou touye li, pou jaden an ka rete pou nou. 15Konsa, kiltivatè yo trennen pitit gason mèt la soti deyò jaden an epi yo touye l.
Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? 16L ap vini, l ap touye tout kiltivatè sa yo; apre sa, l ap bay lòt kiltivatè responsab jaden an.”
Lè moun yo fin tande istwa a, yo di: “Mande Bondye padon non! Yon bagay kon sa pa ka rive.” 17Men, Jezi gade yo epi li di yo: “Enben kisa pawòl sa ki ekri a vle di pou nou?
Wòch bòs mason yo te refize sèvi a,
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.#20:17 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:22.
18Nenpòt moun ki kase pye l nan wòch sa a, ap kraze an miyèt moso, men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, l ap kraze moun nan fè farin.”
19Lè chèf prèt yo ansanm ak Skrib tande Jezi rakonte istwa a, yo te konprann trè byen se de yo Jezi t ap pale. Konsa, yo t ap chache arete li menm kote a, men yo te pè reyaksyon pèp la.
Jezi reponn yon kesyon pyèj
(Mat 22:15-22; Mak 12:13-17)
20Konsa, lidè Jwif yo tonbe chache jwenn okazyon pou pran Jezi nan pyèj. Yo voye espyon vin pran pòz yo sensè, pou yo ka chache pran pawòl nan bouch li pou akize l. Konsa, yo ta ka lage l nan men gouvènè a ki gen pouvwa pou arete l. 21Espyon yo poze Jezi yon kesyon. Yo di: “Mèt, nou konnen tout sa ou ap anseye yo se verite a. Ou pa gade sou figi moun; men, ou toujou anseye verite Bondye a kòm sa dwa. 22Di nou, èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”
23Men Jezi te konnen se nan pyèj mesye yo t ap chache pran li, li di yo: 24“Montre m yon pyès lajan. Foto ki moun ak non ki moun ki sou li?”
Yo reponn li: “Seza.”
25Apre sa, Jezi di yo: “Enben, bay seza sa k pou Seza, epi bay Bondye sa k pou Bondye.”
26Mesye yo pa t ka resi jwenn anyen ki mal nan bouch li pou akize l devan pèp la. Okontrè, repons li yo te etone yo. Yo pa t ka menm louvri bouch yo di yon mo.
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mat 22:23-33; Mak 12:18-27)
27Sadiseyen yo se yon gwoup moun ki di moun mouri pa ka leve ankò. Kèk nan yo vin kot Jezi pou poze l kesyon. 28Yo di: “Mèt, Moyiz te ekri lwa sa a pou nou: Si yon mesye marye mouri li san l pa t gentan gen pitit ak madanm li, yon lòt frè oblije marye ak vèv la, pou l ka fè yon pitit pou frè ki mouri a.#20:28 Si … frè ki mouri a Gade nan Det 25:5, 6. Pitit ki fèt yo t ap eritye byen frè ki mouri a. 29Vwala te gen sèt frè. Premye a marye ak yon fi, apre sa li mouri san kite pitit. 30Dezyèm nan marye ak vèv la, epi li mouri tou san kite pitit. 31Twazyèm nan menm jan. Konsa konsa, tout sèt frè yo marye ak fi a epi yo tout mouri san kite pitit. 32Finalman, fi a mouri tou. 33Poutèt fi sa a te madanm tout sèt frè yo, nou ta renmen konnen lè rezireksyon an, madanm kilès l ap ye?
34Jezi reponn Sadiseyen yo: Jounen jodi a sou latè, fanm ak gason marye. 35Men, moun ki gen pou resisite yo epi viv nan lòt lavi ki gen pou vini an p ap nan koze marye. 36Nan lòt lavi a, moun ap tankou anj yo. Li p ap posib pou yo mouri ankò. Se pitit Bondye yo ye, paske yo leve vivan nan lanmò. 37Lè Moyiz te devan touf bwa ki t ap boule a nan dezè a,#20:37 touf bwa … dezè a Gade nan Egz 3:1-12. Moyiz fè nou wè byen klè moun mouri leve paske li rele Senyè a, Bondye Abraram lan, Bondye Izaak la ak Bondye Jakòb la.#Egz 3:6. 38Bondye pa Bondye moun mouri. Se Bondye moun ki vivan li ye. Paske tout moun, kit yo mouri ou non, you toujou vivan pou Bondye.”
39Kèk nan Skrib yo reponn, yo di: “Mèt, ou byen pale.” 40Apre sa, pèsonn moun pa t santi l brav ase pou poze l kesyon ankò.
Èske Mesi a se pitit David?
(Mat 22:41-46; Mak 12:35-37)
41Apre sa, Jezi di yo: “Pouki sa moun di Mesi a se pitit David li ye? 42Se David menm ki di nan liv Sòm yo:
Senyè Bondye di Senyè mwen:
Chita sou bò dwat mwen,
43jouktan m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w.#20:43 jouktan m … pouvwa w Literalman, “jouktan mwen fè lènmi w yo tounen yon ti ban pou mete pye w”. #Sòm 110:1.
44Si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”
Avètisman konsènan Doktè Lalwa yo
(Mat 23:1-36; Mak 12:38-40; Lik 11:37-54)
45Pandan tout pèp la t ap koute Jezi k ap pale, li di disip li yo konsa: 46“Pran prekosyon avèk Doktè Lalwa yo. Yo menm ki renmen fè parad ak gwo wòb long sou yo. Yo menm ki renmen lè moun bese byen ba pou salye yo sou plas piblik, ki renmen plas devan nan sinagòg ak plas rezève nan resepsyon. 47Epoutan, se dechèpiye y ap dechèpiye vèv yo. Yo pran kay vèv yo. Apre sa y ap blofe moun avèk yon ekip priyè byen long. Men tou, Bondye ap jije yo pi rèd pase lòt moun.”

Chwazi Kounye ya:

Lik 20: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an