Lik 19

19
Istwa Jezi ak Zache
1Jezi antre Jeriko. Li t ap mache atravè vil la. 2Vwala te gen yon nonm nan vil Jeriko a yo te rele Zache. Se te youn nan chèf pèseptè kontribisyon yo epi li te rich. 3Zache te vle wè kilès ki Jezi a, men li te difisil pou li poutèt foul la, paske Zache te kout anpil. 4Zache kouri pran devan foul la, l al monte sou yon pye sikomò pou l ka wè Jezi, paske se la menm Jezi t apral pase.
5Lè Jezi rive kote Zache te ye a, li leve tèt li anlè, li di l: “Zache, prese desann, paske jodi a fòk mwen pase lakay ou.”
6Zache desann san pèdi tan epi li resevwa Jezi lakay li ak kè kontan. 7Tout moun ki te wè sa te tonbe babye. Yo di: “Gade ak ki kalite moun li pran pa. Li fè ladesant lakay yon moun k ap viv nan peche.”
8Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: “Mèt, m pral bay pòv mwatye nan tout byen mwen yo. Si m te pran yon bagay mal nan men nenpòt moun, m ap peye l kat fwa lavalè.”
9Lè sa Jezi di Zache: “Jodi a se jou pou fanmi ki nan kay sa a delivre anba peche yo. Se vre wi, paske menm pèseptè kontribisyon sa se yon pitit Abraram tou. 10Pitit Lòm nan vini pou l chache epi sove moun ki pèdi yo.”
Yon istwa sou twa sèvitè
(Mat 25:14-30)
11Pandan pèp la t ap koute tout bagay sa yo, Jezi rakonte yon parabòl. Li t ap pwoche pi plis sou Jerizalèm, epi anpil moun te panse Wayòm Bondye a t ap parèt imedyatman. 12Men sa Jezi di yo: “Vwala se te yon nonm ki te fèt nan gran fanmi. Nonm nan te pati ale nan yon peyi byen lwen pou yo fè l wa. Apre sa, pou l tounen nan peyi li vin renye. 13Li rele dis (10) nan sèvitè l yo, li bay yo chak yon kantite lajan#19:13 yon kantite lajan Literalman, “yon min”. Li te gen ladan li 100 pyès an lajan, ki te egal a salè yon travayè t ap touche pou twa (3) mwa travay. epi li di yo: Fè komès ak kòb sa a jouktan mwen retounen. 14Men, sitwayen yo nan peyi a te rayi nonm nan. Konsa, yo voye yon gwoup mesaje ale nan peyi kote l ale a pou al di: Nou pa vle nonm sa a kòm wa sou nou.
15Vwala chèf yo nan peyi byen lwen an fè nonm nan wa kanmenm. Lè l tounen nan peyi a vin renye, li rele sèvitè li te bay lajan yo pou yo rann kont ki benefis yo fè. 16Premye sèvitè a vini, li di: Mèt, kantite lajan ou te ban mwen an fè dis (10) fwa plis lajan. 17Wa a reponn li: Ekselan! Ou se yon bon sèvitè. Paske ou te fidèl nan ti bagay, m ap ba ou gouvène dis (10) vil.
18Dezyèm sèvitè a vini, li di: Kantite lajan ou te ban mwen an fè senk (5) fwa plis. 19Wa a di li: Ou menm, m ap ba ou gouvène senk (5) vil.
20Apre sa, yon lòt sèvitè vini, li di: Mèt, men lajan ou te ban mwen an. Mwen te vlope l nan yon moso twal epi sere l la pou ou. 21Paske mwen te pè w. M konnen ou se yon moun ki di. Ou pran lajan ki pa pou ou. Ou rekòlte sa ou pa t simen.
22Wa a di li: Gade kouman ou mechan! Malveyan! M ap jije ou ak pawòl ki soti nan bouch ou. Ou te konnen mwen se yon moun ki di, ki pran sa k pa pou mwen, ki rekòlte sa m pa t simen, 23pou kisa ou pa t mete lajan m nan labank? Lè m vini, mwen ta jwenn enterè sou li. 24Apre sa, wa a di mesye ki te la yo: Pran lajan an nan men l bay sèvitè ki fè lajan an rapòte dis (10) fwa plis la.
25Men, mesye yo di wa a: Monwa, nonm sa a gentan gen dis (10) fwa lajan deja?
26M ap di nou sa: Nenpòt moun ki genyen, y ap ba li toujou. Men moun ki pa genyen, menm ti sa l genyen an y ap retire l nan men l. 27Kounye a, kote lènmi m yo? Kote moun ki pa t vle m wa sou yo a? Mennen yo vini. Touye yo tout la devan mwen.”
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Jan 12:12-19)
28Apre Jezi fin pale konsa, li kontinye sou chemen li pou l monte Jerizalèm. 29Lè l rive toupre Bètfaje ak Betani, sou yon mòn yo rele mòn Olivye a, li voye de nan disip li yo. 30Li di yo: “Ale nan ti bouk ki anfas nou an. Lè nou rive la, n ap wè yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. 31Si nenpòt moun ta mande nou pou kisa n ap demare ti bourik la, Reponn li konsa: Mèt la bezwen li.”
32Mesye yo ale, lè yo rive nan bouk la, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan Jezi te di yo a. 33Etan y ap demare ti bourik la, mèt bourik la mande: “Pouki sa n ap demare bourik la?”
34De disip yo reponn: “Mèt la bezwen li.” 35Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo mete manto yo sou do ti bourik la, epi yo mete Jezi chita sou li. 36Pandan Jezi t ap avanse sou Jerizalèm sou ti bourik la, anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la.
37Jezi te prèske rive Jerizalèm, li te gentan prèske fin desann mòn Oliv la, lè yon sèl van rejwisans tonbe soufle nan foul la. Tout disip yo te kontan. Yo leve vwa yo byen wo pou yo fè lwanj pou Bondye pou tout mirak yo te wè yo. 38Yo t ap di:
“Benediksyon pou wa a
ki vini nan non Senyè a.#Sòm 118:26.
Kè poze nan syèl la!
Lwanj pou Bondye!”
39Kèk nan Farizyen yo ki te nan foul la di Jezi konsa: “Mèt, fè disip ou yo pe bouch yo.”
40Jezi reponn, li di yo: “Kite m di nou yon bagay. Si moun sa yo ta pe bouch yo, wòch yo t ap pran fè bri.”
Jezi kriye pou Jerizalèm
41Lè Jezi rive toupre lavil Jerizalèm, li annik wè li, li tonbe kriye poutèt vil la. 42Li di: “Si sèlman jodi a ou te kapab konprann, ou menm, bagay ki pou fè kè w poze? Men kounye a, je w pa kapab wè yo. 43Paske gen yon tan k ap vin sou ou kote lènmi w yo va sènen w toupatou. Y ap fèmen w tankou anndan yon miray. Y ap kwense w nan tout direksyon. 44Y ap detwi w nèt ansanm ak tout popilasyon k ap viv nan mitan w nan. Yo p ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pa t bay jou Bondye te vin pou l delivre w la enpòtans.”
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mat 21:12-17; Mak 11:15-19; Jan 2:13-22)
45Jezi antre nan tanp lan, epi li tonbe mete tout moun ki t ap vann bagay anndan tanp lan deyò. 46Li di yo: “Men sa Bib la di: Tanp mwen an fèt pou l yon kote moun vin lapriyè Bondye.#Eza 56:7. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”#Jer 7:11.
47Chak jou, Jezi te nan tanp lan ap anseye moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo menm, ansanm ak doktè lalwa yo epi lidè yo nan pami pèp la t ap chache yon okazyon pou yo touye li. 48Men li pa t fasil pou yo te rive fè sa paske tout pèp la t ap koute li ak atansyon. Yo te vrèman enterese nan sa li t ap di yo.

Chwazi Kounye ya:

Lik 19: VKF

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an