Matye 12

12
Kèsyon jou repo a
(Mak 2.23-28; Lik 6.1-5)
1Kèk jou apre sa, Jezi t'ap pase bò yon #Mak 2.23-28; Lik 6.1-5 jaden ble. Se #Det 5.14; 23.25 te yon jou samdi. Disip li yo te grangou. Se konsa, yo pran rale kèk grap ble pou yo manje. 2#Egz 20.10 farizyen yo wè sa, yo di l konsa:
— Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo.
3Jezi #1 Sam 21.1-6 reponn yo:
— Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l yo? 4Li #Lev 24.9 antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l yo pat gendwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gendwa sa a. 5Osinon, #Nonb 28.9 eske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa? 6Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan. 7Si #Mat 9.13; Oze 6.6 nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la:
Mwen vle pou nou gen kè sansib,
mwen pa bezwen ofrann bèt n'ap fè pou mwen yo,
nou pa ta kondannen moun ki inonsan.
8Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a.
Nonm ak men pòk la
(Mak 3.1-6; Lik 6.6-11)
9Jezi #Mak 3.1-6; Lik 6.6-11 gen yon nonm men pòk nan asanble a. 10Moun ki te la yo t'ap chache okazyon pou akize Jezi. Se konsa yo mande li:
— Eske lalwa nou an otorize geri moun jou saba?
11Jezi #Lik 14.5 reponn yo:
— Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, eske li p'ap rale l mete deyò? 12Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo.
13Lè sa a, li di nonm lan:
— Lonje men ou.
Nonm lan lonje men li. Latou, men an vin byen tankou lòt la. 14Farizyen #Jan 5.16 yo sòti nan sinagòg la, y'al mete tèt yo ansanm pou wè ki jan pou yo fè touye Jezi.
Sèvitè Bondye chwazi a
15Men, #Mak 3.7-12 lè Jezi vin konn sa, li kite kote l te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li. Li geri tout moun malad yo. 16Men, #Mat 8.4 li te pale sevè ak yo pou yo pat di ki moun li te ye. 17Tou #Eza 42.1-4; 41.9 sa pase konsa, pou pawòl pwofèt Ezayi te di a te ka rive vre:
18Bondye #Mat 3.17 pale, li di konsa:
Men sèvitè m lan, se mwen menm ki chwazi li.
Men moun mwen renmen anpil la.
Li fè kè m kontan anpil.
M'a mete Lespri m sou li,
l'a fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.
19Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn.
Yo p'ap janm tande l fè diskou nan lari.
20Li p'ap fin kase pye wozo ki panche a.
Li p'ap tenyen lanp ki prèt pou mouri a.
L'ap fè sa konsa, jouk tan li va fè jistis Bondye a kanpe nèt.
21Lè sa a, tout nasyon yo va mete espwa yo nan li.
Farizyen yo ap akize Jezi
(Mak 3.20-30; Lik 11.14-23; 12.10)
22Apre #Mak 3.22-30; Lik 11.14-26,29-32 sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Li te soud, li te bèbè, paske te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, li vin pale epi li vin wè. 23Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di:
— Nou pa kwè se pitit David la sa?
24#Mat 9.34 farizyen yo tande sa, yo di:
— Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l pouvwa pou sa.
25Men Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo:
— Si yon peyi gen divizyon pou yonn dozado ak lòt, peyi sa a p'ap kenbe lontan. Si gen divizyon nan yon vil osinon nan yon fanmi jouktan pou yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni vil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan. 26Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan. 27Si se Bèlzeboul ki ban m pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k'ap ban nou tò. 28Men, #1 Jan 3.8 si se avèk Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gentan rive sou nou.
29— Pesonn #Eza 49.24; 1 Jan 4.4 pa ka antre piye kay yon vanyan gason si li pa mare nonm sa a anvan. Se apre sa, li ka resi piye kay la.
30— Moun #Mak 9.40; Jan 11.52 ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m ranmase, se gaye y'ap gaye. 31Se #Eb 6.4,6; 10.26; 1 Jan 5.16 poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va sòti nan bouch yo. #12.31: tout move pawòl ki va sòti nan bouch yo: Ou ankò tout move pawòl y'a di sou Bondye. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo. 32Moun #Lik 12.10; 1 Tim 1.13 ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni kounyeya, ni nan tan k'ap vini apre sa a.
Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou kalite donn li
(Lik 6.43-45)
33— Si #Mat 7.17 pyebwa a bon, l'ap bay bon fwi. Si pyebwa a pa bon, l'ap bay move fwi. Yo rekonèt kalite yon pyebwa sou kalite fwi li bay. 34Bann #Mat 3.7; Jan 8.43; 12.39; Wòm 8.7 vèmin! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka sòti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki sòti nan bouch li. 35Yon #Lik 6.45 nonm ki bon, se bon bagay ase li ka rale sòti nan tou sa li genyen ki bon yo. Konsa tou, yon nonm ki mechan, se move bagay ase li ka rale sòti nan tou sa li genyen ki move yo. 36M'ap di nou sa: Jou jijman an, moun gen pou rann kont pou tout pawòl yo di yo pat bezwen di. 37Paske, se dapre pawòl ou y'a jije ou: Se pawòl ou k'ap di si ou inonsan, osinon si ou koupab.
Farizyen ak dirèktè lalwa yo ap mande mirak
(Mak 8.11-12; Lik 11.29-32)
38#Mat 16.1; 1 Kor 1.22 sa a, kèk dirèktè lalwa ansanm ak kèk farizyen pran lapawòl. Yo di Jezi:
— Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak pou moutre se Bondye ki ba ou pouvwa sa a.
39Jezi reponn yo:
— Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak pwofèt Jonas la. 40Menm #Jo 1.17 jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè. 41Jou #Jo 3.5 jijman an, moun lavil Niniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesay li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas. 42Jou #1 Wa 10.1-10 jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, l'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te sòti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon.
Lè yon move reprann plas li
(Lik 11.24-26)
43— Lè yon move lespri sòti sou yon moun, l'al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l pran repo. Men, li pa jwenn. 44Lè sa a, li di nan kè l: M'ap tounen lakay mwen, kote m sòti a. Lè l rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay ki vid, men byen bale, byen ranje. 45#2 Pyè 2.20 konsa, l ale, li pran sèt lòt lespri ki pi move pase l, lespri yo vin ansanm avè l, yo antre nan kay la, yo rete. Lè sa a, kondisyon moun lan vin pi mal pase jan l te ye anvan an. Enben, se sa ki pral rive move moun k'ap viv alèkile yo.
Manman Jezi ak frè l yo
(Mak 3.31-35; Lik 8.19-21)
46Jezi #Mak 3.31-35; Lik 8.19-21 t'ap #Mat 13.55 pale ak foul moun yo toujou lè manman l ak frè l yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l. 47Se konsa yon moun di Jezi:
— Men manman ou ak frè ou yo deyò a. Yo ta renmen pale avè ou.
48Men #Lik 2.49 Jezi reponn moun ki te di l sa a:
— Kilès ki manman m? Kilès ki frè m?
49Lè sa a, li lonje men l sou disip li yo, li di:
— Gade non: men manman m ak frè m yo. 50Tout #Wòm 8.29; Jan 15.14 moun ki fè sa Papa m ki nan syèl la mande pou yo fè, se moun sa yo ki frè m, ki sè m, ki manman m.

Chwazi Kounye ya:

Matye 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an