Matye 13

13
Parabòl nonm ki t'ap simen an
(Mak 4.1-9; Lik 8.4-8)
1Menm jou sa a, Jezi sòti nan kay la, l'al #Mak 4.1-20; Lik 8.4-15 chita bò lanmè a. 2Te sitèlman gen moun sanble tout bò kote Jezi, li moute nan yon kannòt, li chita. Tout foul moun yo menm te rete kanpe sou rivay la. 3Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te fè yo konprann anpil bagay. Li t'ap di yo konsa:
— Ala, yon moun sòti pou l ale simen grenn nan jaden l. 4Antan l'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: zwazo vini, yo manje yo. 5Yon pati grenn tonbe nan mitan wòch, kote ki pat gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske yo pat antre fon anba tè a. 6Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo, yo cheche, paske rasin yo pat fon. 7Yon lòt pati tonbe nan mitan pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo. 8Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Yo donnen. Genyen ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant.
9Apre sa, Jezi di yo:
— Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.
Poukisa Jezi pale an parabòl
(Mak 4.10-12; Lik 8.9-10)
10Disip yo pwoche kot Jezi, yo di li:
— Poukisa ou pale an parabòl ak moun yo konsa?
11Jezi reponn yo:
— Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a. 12Paske, #Mat 25.29; Mak 4.25; Lik 8.18 moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis pase sa l bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l nimm ti sa l te genyen an.
13— Se #Det 29.4 poutèt sa m'ap pale an parabòl ak moun yo. Paske lè y'ap gade, yo pa wè. Lè y'ap koute, yo pa tande, ni yo pa konprann. 14Konsa, #Eza 6.9,10; Jan 12.40; Tra 28.26,27 sa pwofèt Ezayi te di a rive vre pou yo:
N'a tande nan zòrèy nou,
men, nou p'ap konprann.
N'a gade ak je nou,
men, nou p'ap wè.
15Paske, lespri pèp sa a vin lou.
Yo bouche zòrèy yo, yo fèmen je yo,
pou yo pa wè ak je yo,
pou yo pa tande nan zòrèy yo,
pou yo pa konprann ak lespri yo,
pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m geri yo.
Se Bondye ki pale konsa.
16— Men, #Lik 10.23,24 pou nou menm, benediksyon pou nou: paske nou wè ak je nou, nou tande nan zòrèy nou. 17Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Anpil pwofèt ak anpil moun ki mache dwat devan Bondye te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pat wè li. Yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pat tande li.
Jezi esplike parabòl nonm ki t'ap simen an
(Mak 4.13-20; Lik 8.11-15)
18— Kounyeya, koute. Men sa parabòl moun ki t'ap simen an vle di. 19Moun ki tande pawòl ki pale sou Peyi Wa a men ki pa konprann li, yo sanble ak tè bò chemen an, kote kèk grenn te tonbe: Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a. 20Gen lòt ki tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fenk tande pawòl la, yo resevwa l ak kè kontan. 21Men, yo pa kite l pouse rasin nan kè yo. Yo pa kenbe l pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche. 22Gen #Mat 6.19-34; 1 Tim 6.9 lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm. 23Moun ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki konprann pawòl la lè yo tande li. Lè sa a, yo donnen. Gen ladan yo ki bay san, yon lòt bay swasant, yon lòt bay trant.
Parabòl move zèb yo
24Jezi #Mat 13.36-43 ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa:
— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li. 25Men yon jou aswè, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen grenn move zèb nan mitan bon grenn yo. 26Lè bon grenn lan leve, yo tanmen devlope pote fwi. Lè sa a, move zèb yo parèt tou. 27Moun ki t'ap travay ak mèt jaden an vin di li: Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Kote move zèb sa yo sòti? 28Li reponn yo: Se yon lènmi m ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n'al rache move zèb yo? 29Li di yo: Non, poko fè sa. Paske, antan n'ap rache move zèb yo, nou ka derasinen mayi a avèk yo tou. 30Kite #Mat 3.12 yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Lè sa a, m'a di moun k'ap ranmase rekòt la: Rache move zèb yo anvan. Mare yo fè pakèt pou n'al boule. Mayi a menm, mete l nan galata mwen.
Parabòl grenn moutad la
(Mak 4.30-32; Lik 13.18-19)
31Li #Mak 4.30-32; Lik 13.18,19 ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa:
— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ti grenn moutad yon nonm pran pou l'al simen nan jaden li. 32Grenn #Da 4.12,21; Eze 17.23; 31.6; Sòm 104.12 moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo.
Parabòl ledven an
(Lik 13.20-21)
33Li #Lik 13.20,21 di yo yon lòt parabòl ankò:
— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou ledven yon fanm pran, li mete nan senk mezi farin pou fè tout pat la leve.
Poukisa Jezi te pale an parabòl
(Mak 4.33-34)
34Se #Mak 4.33,34 avèk parabòl konsa Jezi t'ap moutre foul moun yo tout bagay sa yo. Li pat louvri bouch li pou l pat rakonte yo yon parabòl. 35Sa #Sòm 78.2 te pase konsa pou pawòl pwofèt la te ka rive vre:
Se parabòl m'ap ba yo.
M'a fè yo konnen bagay ki te kache depi anvan Bondye te kreye latè.
Jezi esplike parabòl move zèb yo
36Apre #Mat 13.24-30 sa, Jezi kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo pwoche bò kote l, yo di l konsa:
— Esplike nou parabòl move zèb nan jaden an.
37Li reponn yo:
— Moun ki simen bon grenn lan, se Moun Bondye voye nan lachè a. 38Jaden #1 Kor 3.9 an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan. 39Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. 40Menm #Jan 15.6 jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. 41Moun #Sof 1.3; Mat 25.31-46; 7.23 Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. Y'a mete yo deyò nan Peyi kote l Wa a. 42Zanj #Mat 8.12 yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan. 43Men, #Da 12.3 lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.
Parabòl ja lajan an
44— Peyi #Mat 19.29; Lik 14.33; Fil 3.7; Pwo 2.4 Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l ankò. Li sitèlman kontan, l ale, li vann tou sa l genyen, li tounen vin achte jaden an.
Parabòl bèl grenn pèl la
45— Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. 46#Pwo 8.10,11 li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, l ale, li vann tou sa l genyen pou l ka achte li.
Parabòl privye a
47— Peyi #Mat 22.9,10 Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason. 48Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l sou bò rivay la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò. 49Se #Mat 24.32 konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. 50Y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan.
De kalite richès
51Jezi mande disip li yo:
— Eske nou konprann tou sa?
Yo reponn:
— Wi.
52Lè sa a, Jezi di yo:
— Se konsa, tout dirèktè lalwa ki tounen yon disip nan Peyi Wa ki nan syèl la ap tankou yon mèt kay k'ap rale met deyò bagay li fenk achte ak bagay li gen depi lontan nan byen l yo.
Moun Nazarèt yo refize kwè nan Jezi
(Mak 6.1-6; Lik 4.16-30)
53#Mak 6.1-6; Lik 4.15-30 Jezi fin di parabòl sa yo, li kite kote l te ye a. 54Lale #Mat 7.28; 11.1; 19.1; 26.1 nan lavil kote l te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l te sezi anpil. Yo t'ap di konsa:
— Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo? 55Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye? 56Apa #Jan 7.15,52 tout sè l yo la avèk nou. Kote l jwenn tout bagay sa yo?
57Se #Jan 4.44 rezon sa yo ki okazyone yo tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo:
— Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon li merite, ni nan peyi li, ni nan fanmi li, ni lakay li.
58Se konsa Jezi pat fè anpil mirak la, paske yo pat kwè nan li.

Chwazi Kounye ya:

Matye 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an