Matye 11

11
Jan Batis voye kote Jezi
(Lik 7.18-35)
1Lè Jezi fin bay douz disip li yo tout lòd #Mat 7.28; 13.53; 19.1; 26.1 sa yo, li kite kote li te ye a, li pati, l'ale nan lòt lavil peyi a. Li t'ap mache bay mesay la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay.
2Antan #Lik 7.18-35 Jan #Mat 14.3 Batis te nan prizon, te nan prizon an, li voye kèk patizan li mande Jezi:
3— Eske #Mal 3.1; Da 9.26 se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon eske nou dwe tann yon lòt?
4Jezi reponn yo:
— Ale rakonte bay Jan sa nou tande ak sa nou wè: 5Je #Eza 35.5,6; 61.1 avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bòn Nouvèl la. 6Benediksyon #Mat 13.57; 26.31 pou moun ki pa jwenn nan mwen okazyon pou tonbe nan peche.
7#Mat 3.1,5 patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa:
— Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non. 8Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki mete bèl rad, se kay wa a yo jwenn yo. 9Manyè #Lik 1.76 di m kisa nou te al wè menm? Yon pwofèt? Wi, mwen menm mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt. 10Men #Mal 3.1; Mak 1.2; Jan 3.28 sa ki te ekri sou Jan:
Men m'ap voye mesaje m lan devan ou.
Li va louvri chemen an devan pou ou.
11— Sa #Mat 13.17 m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l. 12Depi #Lik 16.16; 13.24; Jan 6.15 sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. #11.12: anba gwo goumen: Ou ankò ap vanse avèk fòs. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l. 13Anvan Jan Batis te rive, tout pwofèt yo ansanm ak lalwa Moyiz la te pale sou Peyi Bondye a. 14Si #Mal 4.5; Mat 17.10-13 nou vle kwè l: Jan Batis se Eli ki te gen pou vini an. 15Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.
16— Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik, yonn ap rele lòt pou di l konsa: 17Nou #Pwo 29.9 jwe mizik cho pou nou, nou pa danse. Nou chante chante tris, nou pa kriye.
18— Jan #Mat 3.4 Batis vini. Li pa manje ak moun, li pa bwè ak moun. Yo di li gen move lespri sou li. 19Mwen #Mat 9.14,15 menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.
Lavil ki pat vle kwè nan Jezi yo
(Lik 10.13-15)
20#Lik 10.12-15 sa a, Jezi pran fè moun lavil kote l te fè pifò mirak li yo repwòch, paske yo pat tounen vin jwenn Bondye. Li di yo:
21— Malè #Jo 3.6 pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta mete rad sak sou yo. Yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye. 22Se poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon yo. 23Nou #Mat 4.13; 8.5; 9.1; Eza 14.13,15 menm tou, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou anlè jouk nan syèl la? Enben, y'a desann nou jouk anba kote mò yo ye a. Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se nan mitan lavil Sodòm yo te fèt, li ta la jouk jounen jòdi a. 24Se #Mat 10.15 poutèt sa m'ap di nou: Jou jijman an, y'a pini nou pi rèd pase moun lavil Sodòm yo.
Vin jwenn mwen, m'a soulaje nou
(Lik 10.21-22)
25#Lik 10.21,22 sa a, #1 Kor 1.26-29 Jezi di:
— O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. 26Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
27— Papa m #Mat 28.18; Jan 3.35; 17.2; Fil 2.9 renmèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Konsa tou, pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
28— Vini #Mat 12.20; Jer 31.25 jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou. 29Pran #Jer 6.16 jouk mwen, mete l sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n'a viv ak kè poze. 30Paske, #1 Jan 5.3 jouk m'ap ban nou an fasil pou pote, chay m'ap ban nou an pa lou.

Chwazi Kounye ya:

Matye 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an