Matye 10

10
Douz apòt yo
(Mak 3.13-19; Lik 6.12-16)
1Jezi rele douz disip li yo. Li ba yo pouvwa #Mak 6.7-13; Lik 9.1-5 pou chase move lespri ak pouvwa pou geri tout kalite maladi ak enfimite. 2Men #Mak 3.14-19; Lik 6.13-16; Jan 1.40-49 non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li. 3Te gen Filip ak Batèlmi, Toma ak Matye, pèseptè kontribisyon an, Jak, pitit Alfe a, ak Tade. 4Te gen Simon, patizan zelòt yo, ak Jida Iskaryòt, sila ki te trayi Jezi a.
Jezi voye douz disip li yo
(Mak 6.7-13; Lik 9.1-6)
5Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a:
— Piga n'ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo. 6Okontrè, #Mat 15.24; Tra 13.46; Jer 50.6 ale tout kote n'a jwenn moun ras Izrayèl yo ki pèdi. 7Sou #Mat 4.17; Lik 10.9 tout wout nou, bay mesay sa a: Gouvènman Wa ki nan syèl la prèt pou rive. 8Geri #Tra 20.33 moun ki malad. Fè moun mouri yo leve. Geri moun ki malad ak lalèp. Chase move lespri yo. Se gratis nou resevwa, se gratis tou pou nou bay. 9Pa soti ni ak lò, ni ak lajan peyi, ni ak lajan etranje nan pòch nou. 10Nou #Lik 10.4; 1 Tim 5.18; Nonb 18.31 pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa pran ni rad derechany, ni soulye derechany, ni baton. Paske ouvriye merite salè li.
11— Lè nou rive nan yon lavil, osinon nan yon ti bouk, mande si gen moun ki vle resevwa nou. Rete lakay li jouk lè nou pati. 12#Lik 10.5,6 n'ap antre nan kay la, n'a di: Benediksyon Bondye sou kay la. 13Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou yo. Men, si yo pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou. 14Si #Lik 10.10-12; Tra 13.51; 18.6 yo pa vle resevwa nou, si yo pa vle koute pawòl nou, sòti nan kay la, osinon nan lavil la, al fè wout nou. Souke pousyè pye nou. 15Sa #Mat 11.24; Lik 20.47 m'ap di nou la a, se vre wi: Jou jijman an, y'ap pini moun lavil sa a pi rèd pase moun Sòdòm ak moun Gomò.
Pèsekisyon k'ap tann nou
(Mak 13.9-13; Lik 21.12-17)
16— Gade, #Lik 10.3; Jan 10.12; Tra 20.29; Wòm 16.19; Ef 5.15 mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo. 17Pran #Mak 13.9-13; Lik 21.12-17 prekosyon #Mat 24.9 nou ak tout moun. Paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo. 18Y'a #Mat 24.14; Tra 25.23; 27.24 fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo. 19Men, #Lik 12.11,12 lè y'a mennen nou nan tribinal, pa bat kò nou chache sa n'a gen pou n di, ni jan n'a gen pou n pale. Lè lè a va rive, Bondye va mete nan bouch nou sa n'a gen pou n di. 20Paske, #Jan 14.26; 1 Kor 2.4 se pa nou menm ki va pale, men se Lespri Papa nou an ki va mete pawòl nan bouch nou.
21— Frè #Mat 10.35; Mi 7.6 va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo. 22Tout #Mat 24.9,13; Jan 15.21 moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove. 23#Mat 16.28 y'a pèsekite nou nan yon lavil, sove ale nan yon lòt. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun Bondye voye nan lachè a va gentan vini anvan n'a fin mache nan tout lavil ki nan peyi Izrayèl la.
24— Yon #Lik 6.40; Jan 13.16; 15.20 elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li. 25Si #Mat 12.24 yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li. Si yon domestik rive tankou patwon li, sa ase pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo pa ta bay pi move non toujou!
Moun pou nou pè
(Lik 12.2-7)
26— Se #Lik 12.2-9 sa k #Mak 4.22; Lik 8.17 fè nou pa bezwen pè pèsonn. Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap devwale. 27Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou. 28Nou #Jak 4.12 pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè. 29Eske se pa yon ti monnen yon pè zwazo koute? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san se pa Bondye ki pèmèt sa rive. 30Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte. 31Se #Mat 12.12 sa k fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.
Rekonèt Kris devan tout moun
(Lik 12.8-9)
32— Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m ki nan syèl la. 33Men #Lik 9.26 tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m, mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l.
Divizyon pami lèzòm
(Lik 12.51-53; 14.26-27)
34— Pa #Lik 12.51-53 mete nan tèt nou se lapè mwen vin mete sou latè. Mwen pa vin mete lapè, men mwen vin mete divizyon. 35Mwen #Mi 7.6 vin mete divizyon ant pitit gason ak papa yo, ant pitit fi ak manman yo, ant bèlfi ak bèlmè yo. 36Se pwòp fanmi nou ki va pi gwo lènmi nou.
37— Moun #Det 33.9; Lik 14.26,27 ki renmen papa l osinon manman l plis pase m pa kapab moun pa m. Moun ki renmen pitit gason l osinon pitit fi l plis pase m pa kapab moun pa m. 38Moun #Mat 16.24,25 ki pa pran kwa l pou l swiv mwen, li pa kapab moun pa m nonplis. 39Moun #Lik 17.33; Jan 12.25 k'ap chache asire lavi l va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l poutèt mwen va jwenn li ankò.
Rekonpans
(Mak 9.41)
40— Moun #Mat 18.5; Lik 10.16; Jan 12.44; 13.20 ki resevwa nou, se mwen menm li resevwa. Moun ki resevwa mwen, li resevwa moun ki voye m lan tou. 41Moun ki resevwa yon pwofèt Bondye paske se pwofèt Bondye li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon pwofèt. Moun ki resevwa yon nonm k'ap mache dwat devan Bondye paske se yon moun dwat li ye, moun sa a va resevwa rekonpans yo bay yon moun k'ap mache dwat. 42Sa #Mat 25.40; Mak 9.41 m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki va bay yonn nan ti piti sa yo menm yon gode dlo frèt paske se disip mwen li ye, moun sa a p'ap pèdi rekonpans li.

Chwazi Kounye ya:

Matye 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an