Lik 19

19
Jezi ak Zache
1Jezi antre Jeriko, li t'ap travèse lavil la. 2Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich. 3Li t'ap chache wè ki moun Jezi ye. Men, li te yon nonm ti tay. Akòz foul moun yo, li pat kapab rive wè li. 4Li pran kouri devan. Li moute sou yon pye sikomò pou l wè Jezi ki te gen pou l te pase bò la. 5Lè Jezi rive la, li leve je l anlè, li di l:
— Zache, fè vit desann. Fòk mwen fè ladesant lakay ou jòdi a.
6Zache prese desann, li resevwa Jezi ak kè kontan. 7#Lik 15.2 yo wè sa, tout moun pran babye, yo t'ap di:
— Men nonm lan fè ladesant kay yon nonm ki plen peche.
8Zache #Egz 22.1; Nonb 5.6,7 leve kanpe, li di Jezi konsa:
— Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m pran lajan l, mwen pral rann li kat fwa lavalè.
9Jezi #Lik 13.16; Tra 3.25; 16.31 di li:
— Jòdi a, kay sa a delivre paske nonm sa a se yon pitit Abraram li ye tou. 10Moun #Eze 34.16; Jan 3.17; Lik 5.32; 1 Tim 1.15 Bondye voye nan lachè a vin chache sa ki te pèdi pou l delivre yo.
Parabòl pyès lò yo
(Matye 25.14-30)
11Apre #Mat 25.14-30 sa, #Lik 24.21; Tra 1.6 Jezi rakonte yon parabòl pou moun ki te fenk tande pawòl sa yo. Paske li te toupre lavil Jerizalèm lan, yo te kwè gouvènman Bondye ki Wa a ta pral parèt touswit. 12Men #Mak 13.34 sa l di yo:
— Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l otorite pou l wa, apre sa pou l te tounen lakay li ankò. 13Anvan l ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen. 14Men, #Jan 1.11 pwòp moun peyi l yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou.
15— Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l wa, epi l tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l: li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè. 16Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò. 17Wa a #Lik 16.10 di l: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen. 18Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès. 19Wa a di l: Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil.
20— Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l nan yon mouchwa. 21Mwen te pè, paske m'konnen ou moun ki sevè: Ou pran sa ou pa mete. Ou rekòlte sa ou pa simen. 22Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m pa simen, 23poukisa ou pat mete lajan m labank. Lè m ta tounen, mwen ta wete l ak yon enterè.
24— Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li. 25Yo di l: Men, monwa, li gen dis pyès deja. 26Mwen #Lik 8.18; Mat 13.12 di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l menm ti sa l te genyen an. 27Kanta lènmi m yo ki pat vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen.
Jerizalèm kanpe pou resevwa Jezi
(Matye 21.1-11; Mak 11.1-11; Jan 12.12-19)
28Apre Jezi fin pale konsa, li pran mache devan yo pou l'al Jerizalèm. 29#Mat 21.1-9; Mak 11.1-10; Jan 12.12-16 Jezi rive toupre Betfaje ak Betani, bò ti mòn Oliv la, li pran de nan disip li yo, li voye yo devan, 30li di yo konsa:
— Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n'a rive, n'a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pèsonn pa kò janm moute sou li. Lage l, menmen l ban mwen. 31Nenpòt moun ki mande nou poukisa n'ap lage bèt la, n'a reponn: Se Mèt li ki bezwen li.
32De disip yo ale. Yo jwenn tout bagay jan Jezi te di yo a. 33Pandan y'ap lage ti bourik la, mèt li di yo:
— Poukisa n'ap lage ti bourik la?
34Yo reponn:
— Se Mèt la ki bezwen li.
35Apre sa, yo mennen ti bourik la bay Jezi. Yo louvri rad sou li fè panno, epi Jezi moute sou l. 36Pandan #2 Wa 9.13 Jezi t'ap vanse sou bourik la, moun yo tann rad yo atè sou tout chemen an. 37Lè li rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Olivye, yon sèl kontantman pran foul ki t'ap swiv li a. Moun yo pran rele: Beniswa Letènèl, byen fò pou tout mirak yo te wè. 38Yo #Sòm 118.26; Lik 2.14 t'ap di:
— Benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye!
39Te gen kèk farizyen nan mitan foul la. Yo di Jezi konsa:
— Mèt, manyè fè disip ou yo pe bouch yo non.
40Jezi reponn yo:
— Si yo pe, ata wòch yo va pran rele nan plas yo.
Jezi ap plenyen sò lavil Jerizalèm
41#2 Wa 8.11; Jan 11.35 Jezi rive toupre vil la, dlo koule nan je li pou li, 42li #Det 32.29; Mat 13.14; Jan 12.38 di:
— Si sèlman, jòdi a ou te kapab konprann, ou menm tou, bagay ki pou fè kè ou poze? Men, kounyeya, yo kache. Ou pa kapab wè yo! 43Gen yon tan k'ap vin sou ou: lè sa a, lènmi ou yo va sènen ou toupatou, y'a fèmen ou nèt, y'a kwense ou sou tout bò. 44Y'a #Lik 21.6; Sòm 137.9 detwi ou nèt ansanm ak tout moun ki nan mitan ou yo. Yo p'ap kite yon wòch kanpe sou yon lòt, paske ou pat rekonèt jou Bondye te vin pote ou sekou a.
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Matye 21.12-17; Mak 11.15-19; Jan 2.13-22)
45Jezi #Mat 21.12-16; Mak 11.15-18; Jan 2.13-16 antre nan tanp lan, li pran chase tout moun ki t'ap vann yo. 46Li #Eza 56.7; Jer 7.11 di yo:
— Men sa ki ekri: Se pou kay mwen an yon kay kote moun vin lapriyè nan pye m. Men, nou menm, nou fè l tounen kachèt vòlè.
47Chak #Lik 21.37; 22.53; Jan 18.20 jou, Jezi te nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf pèp la t'ap chache ki jan pou yo touye li. 48Men, yo pat kapab jwenn yon jan pou yo te fè sa, paske tout pèp la t'ap koute sa l t'ap di san yo pa pèdi yon mo.

Chwazi Kounye ya:

Lik 19: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an