Lik 18

18
Parabòl vèv la ak move jij la
1Jezi rakonte yo parabòl sa a pou l #Wòm 12.12; Kol 4.2; 1 Tes 5.17 te moutre yo nesesite pou yo toujou lapriyè san yo pa janm dekouraje:
2— Vwala, se te yon jij ki te rete nan yon vil. Li pa te gen krentif pou Bondye, ni li pa te gen respè pou pesonn moun. 3Nan menm vil sa a, te gen yon vèv ki te konn vin kot jij la. Vèv la te toujou ap di li: Rann mwen jistis kont lènmi mwen yo. 4Pandan lontan jij la te refize fè sa pou li. Men, yon lè li di nan kè l: Se vre, mwen pa pè Bondye, ni mwen pa rete ak moun. 5Men, #Lik 11.7,8 fanm sa a ap plede nwi mwen. M'ap rann li jistis, konsa l'a sispann anbete mwen.
6Jezi di:
— Nou tande sa move jij la di! 7Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l lajounen kou lannwit? Eske l'ap pran anpil tan pou l ede yo? 8M'ap di nou sa: L'ap regle zafè yo vit vit. Men lè Moun Bondye voye nan lachè a retounen, poudi l'ap jwenn moun sou latè ki gen konfyans nan Bondye toujou?
Parabòl farizyen ak pèseptè a
9Jezi di parabòl sa a pou moun ki te kwè yo bon devan Bondye epi ki t'ap meprize lòt moun:
10— Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon. 11Farizyen #Eza 58.2,3; Lik 16.15 an kanpe, l' ap lapriyè konsa nan kè li: Mèsi Bondye deske mwen pa vòlò, ni malveyan, ni adiltè tankou lòt moun. Mèsi deske mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a. 12Chak #Mat 23.23 senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen. 13Pèseptè #Sòm 51.1 kontribisyon an menm te rete dèyè, li pat menm gen kouray leve je l nan syèl. Li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.
14#Lik 14.11; Mat 23.12; Eze 21.26 sa a, Jezi di yo:
— M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li.
Jezi beni timoun piti yo
(Matye 19.13-15; Mak 10.13-16)
15Yo #Mat 19.13-15; Mak 10.13-16 te mennen ata tibebe bay Jezi pou l te mete men sou tèt yo. Lè disip yo wè sa, yo t'ap di moun yo pa fè sa. 16Men, Jezi rele timoun yo vin jwenn li, li di:
— Kite timoun yo vin jwenn mwen. Pa anpeche yo vini, paske peyi kote Bondye Wa a, se pou tout moun ki tankou timoun sa yo li ye. 17Sa #Mat 18.3 m'ap di nou la a, se vre wi: si yon moun pa asepte otorite Bondye a tankou yon timoun, li p'ap janm mete pye l nan peyi kote Bondye Wa a.
Jezi ak nonm rich la
(Matye 19.16-30; Mak 10.17-31)
18Yonn #Mat 19.16-29; Mak 10.17-30 nan chèf jwif yo mande Jezi:
— Bon Mèt! Kisa m'dwe fè pou m' ka eritye lavi etènèl?
19Jezi di li:
— Poukisa ou rele m' bon? Pa gen moun ki bon. Se sèl Bondye ki bon. 20Ou #Egz 20.12-16; Det 5.16-20 konn sa kòmandman yo di: Piga ou fè adiltè. Piga ou fè zak sasinay. Piga ou vòlò. Piga ou bay fo temwayaj. Trete manman ou ak papa ou avèk onè avèk respè.
21Nonm lan reponn:
— Mwen swiv tout bagay sa yo depi m te tikatkat.
22#Mat 6.20 Jezi tande sa, li di l:
— Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen.
23Men pawòl sa a te fè jennonm lan vin tris anpil. Paske, li te gen anpil byen. 24Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa:
— Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. 25L'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a.
26Moun ki t'ap koute l yo di l:
— Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove?
27Jezi reponn yo:
— Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li.
28Lè sa a, Pyè di l:
— Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou.
29Jezi di yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l, osinon papa l ak manman l, osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a, 30moun sa a gen pou l resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l resevwa lavi ki p'ap janm fini an.
Jezi anonse lanmò li yon twazyèm fwa
(Matye 20.17-19; Mak 10.32-34)
31Jezi #Mat 20.17-19; Mak 10.32-34 pran #Lik 9.22,44 douz disip yo apa, li di yo:
— Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive. 32Yo pral lage l nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l nan rizib, y'a joure l, y'a krache sou li. 33Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l. Men sou twa jou l'a leve sòti vivan nan lanmò.
34Men, #Mak 9.32 disip yo pat konprann anyen nan sa. Sans pawòl la te kache pou yo, yo pat kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa.
Jezi geri yon nonm avèg
(Matye 20.29-34; Mak 10.46-52)
35#Mat 20.29-34; Mak 10.46-52 sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. 36Lè l tande foul moun yo ap pase, li mande sa k genyen. 37Yo di li:
— Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase.
38Li pran rele:
— Jezi, pitit David la, pitye pou mwen.
39Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd:
— Pitit David la, pitye pou mwen.
40Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li:
41— Kisa ou vle mwen fè pou ou?
Li reponn:
— Mèt, fè mwen rewè ankò.
42Epi #Lik 17.19 Jezi di li:
— Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.
43Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.

Chwazi Kounye ya:

Lik 18: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an