Lik 20

20
Ki moun ki bay Jezi dwa fè sa l'ap fè a
(Matye 21.23-27; Mak 11.27-33)
1Yon jou konsa, Jezi te nan tanp lan. Li #Mat 21.23-27; Mak 11.27-33 t'ap moutre pèp la anpil bagay. Li t'ap anonse yo bòn nouvèl la. Chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo vin rive. 2Yo di li:
— Manyè di nou ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Wi, kilès ki ba ou otorite pou fè yo?
3Jezi reponn yo:
— Mwen pral poze nou yon kèsyon, mwen menm tou. 4Di mwen kilès ki te voye Jan Batis batize moun: Bondye osinon lèzòm?
5Men, yonn t'ap di lòt:
— Si nou reponn se Bondye ki voye l, l'a mande nou poukisa nou pat kwè li. 6Si nou reponn se lèzòm ki voye li, pèp la va kalonnen nou ak wòch, paske yo tout gen konviksyon Janbatis te yon pwofèt tout bon vre.
7Se konsa yo prefere reponn:
— Nou pa konn ki moun ki voye li batize moun non.
8Jezi di yo:
— Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite m'ap fè bagay sa yo.
Parabòl move kiltivatè yo
(Matye 21.33-46; Mak 12.1-12)
9Apre #Mat 21.33-46; Mak 12.1-12 sa, #Eza 5.1 Jezi pran rakonte pèp la parabòl sa a:
— Vwala, se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Li antann li avèk kèk moun pou okipe jaden an pou li. Apre sa, li kite peyi a, l'al fè lontan deyò. 10#2 Kwo 36.15,16 sezon rekòt la rive, li voye yon domestik kote moun ki t'ap pran swen jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l nan rekòt rezen an nan men yo. Men, kiltivatè yo bat domestik la byen bat, epi yo voye l tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l anyen. 11Mèt jaden an voye yon lòt domestik kote yo ankò. Men, yo bat li byen bat, yo joure l byen joure, epi yo voye l tounen san yo pa ba l anyen. 12Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik. Fwa sa a, yo blese l, yo mete l deyò. 13Lè sa a, mèt jaden an di: Kisa pou m fè? Bon, mwen pral voye pitit gason mwen renmen anpil la. Omwen y'a gen respè pou li. 14Men, lè kiltivatè yo wè pitit mèt jaden an, yonn di lòt: Men eritye a! Ann touye l, konsa jaden an va rete pou nou. 15Yo jete l deyò jaden an, yo touye li.
— Atò, kisa mèt jaden an pral fè yo? 16L'ap vini, l'ap fè touye tout kiltivatè yo, epi l'ap bay lòt moun jaden rezen an.
Lè pèp la tande sa, yo di:
— Mande Bondye padon!
17Men, #Sòm 118.22 Jezi gade yo, li mande yo:
— Ki sans nou bay pawòl sa ki ekri a:
Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a,
se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
18Tout #Eza 8.14 moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren yo. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, li gen pou l kraze moun lan an miyèt moso.
Lajan pou peye Seza
(Matye 22.15-22; Mak 12.13-17)
19Menm #Lik 19.48 lè a, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mete men sou li, paske yo te byen konnen se pou yo Jezi te bay parabòl sa a. Men, yo te pè pèp la. 20Yo #Mat 22.15-22; Mak 12.13-17 pran #Lik 11.54 veye Jezi. Yo voye espyon dèyè li. Espyon yo pran pòz moun debyen yo, pou wè si yo te ka pran yon pawòl nan bouch li pou akize li. Konsa, yo ta kapab lage l nan men gouvènè a ki te gen pouvwa ak tout otorite. 21Espyon yo poze l kèsyon sa a:
— Mèt, nou konnen ou se moun serye. Tou sa ou di ak tou sa ou moutre nou se verite. Ou pa gade sou figi moun, men ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. 22Manyè di nou: Eske lalwa nou an pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?
23Men, Jezi wè se nan pèlen yo te vle pran li. Li di yo:
24— Moutre m yon pyès lajan. Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an?
Yo reponn li:
— Se pòtre Seza ak non Seza.
25Lè sa a li di yo:
— Enben, bay Seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye.
26Yo pat kapab jwenn anyen ki mal nan sa l t'ap di devan pèp la. Okontrè, pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò. Yo fèmen bouch yo san di yon mo.
Kèsyon rezireksyon an
(Matye 22.23-33; Mak 12.18-27)
27Sadiseyen #Mat 22.23-33,46; Mak 12.18-27,34 yo di moun mouri pa leve. Kèk nan yo vin kot Jezi ak yon keksyon. Yo di Jezi konsa:
28— Mèt, #Jen 38.8; Det 25.5,6 Moyiz te ekri lòd sa a ban nou: Lè yon nonm marye mouri san kite pitit, si l gen yon frè, frè a gen pou l marye avèk madanm defen an pou l sa fè pitit pou frè l ki mouri a. 29Se konsa, te gen sèt frè. Premye a marye, li mouri san l pa kite pitit. 30Dezyèm lan marye ak vèv la. Apre sa, twazyèm lan marye avè l tou. 31Konsa konsa, sèt frè yo marye ak fanm lan yonn apre lòt, epi yo tout yo mouri san kite pitit. 32Apre yo tout fin mouri, fanm lan mouri poutèt pa l tou. 33Lè mò yo va gen pou yo leve, fanm sa a ki te madanm tout sèt frè yo, madanm kilès nan yo li pral ye la a menm?
34Jezi reponn yo:
— Isit sou latè, fanm ak gason nan marye. 35Men, fanm ak gason ki merite pou yo leve sòti vivan nan lanmò pou yo ka patisipe nan lavi k'ap vini an, moun sa yo pa nan marye ankò. 36Yo #1 Jan 3.1,2 pa ka mouri ankò, se tankou zanj Bondye yo ye, yo se pitit Bondye, paske yo leve sòti vivan nan lanmò. 37Wi, #Egz 3.2,6 moun mouri gen pou yo leve. Se Moyiz menm ki moutre nou sa, lè bò ti touf bwa a, li te rele Bondye: Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb. 38Bondye #Wòm 14.8 se Bondye moun vivan li ye, li pa Bondye moun mouri, paske pou li tout moun vivan.
39Lè sa a, kèk dirèktè lalwa pran lapawòl, yo di:
— Mèt, ou byen pale.
40Apre sa, yo pat gen odas poze l okenn lòt kèsyon.
Eske Kris la se pitit David
(Matye 22.41-46; Mak 12.35-37)
41Jezi #Mat 22.41-45; Mak 12.35-37 di yo:
— Ki jan yo fè di Kris la se pitit pitit David li ye? 42Men, #Sòm 110.1; Jan 7.42 sa David menm te di nan liv Sòm yo:
Bondye Mèt la te di Senyè mwen an:
Chita la sou bò dwat mwen,
43jouk tan mwen fè lènmi yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
44Si David rele Kris la Senyè, ki jan pou Kris la ta ka pitit pitit li?
45#Mat 23.1,5-7,14; Mak 12.38-40 sa a, tout pèp la t'ap koute Jezi. Li di disip li yo:
46— Pran #Lik 11.43 prekosyon nou avèk dirèktè lalwa yo. Yo renmen pwonmennen avèk rad long yo. Yo renmen moun bese tèt yo jouk atè pou di yo bonjou sou plas piblik. Lè y'al nan sinagòg, yo toujou ap chache pou yo chita kote pou tout moun ka wè yo. Nan resèpsyon yo chache pi bon plas la. 47Se piye y'ap piye pòv vèv yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Chatiman moun sa yo pral pi rèd.

Chwazi Kounye ya:

Lik 20: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an