Lik 17

17
Peche se bagay ki grav
(Matye 18.6-7,21-22; Mak 9.42)
1Jezi di disip li yo:
— Ap toujou gen bagay k'ap fèt ki pou fè moun fè peche. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive. 2Prefere #Mat 18.6,7 yo ta mare yon pwasenkant nan kou li epi lage li nan fon lanmè. Wi, sa ta pi bon pou li pase pou li ta lakòz yonn nan ti nonsan sa yo tonbe nan peche. 3Veye #Mat 18.15 kò nou byen.
— Si frè ou tonbe nan peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman li, padonnen li. 4Si #Mat 18.21,22 nan yon sèl jounen an li peche sèt fwa kont ou, si toulesèt fwa yo, li tounen vin jwenn ou pou l di ou: Mwen p'ap fè sa ankò, se pou ou padonnen li.
Konfyans nan Bondye
5Apòt #Mak 9.24 yo di Jezi:
— Fè nou gen plis konfyans non.
6Jezi #Mat 17.20; 21.21 di yo:
— Si nou te gen konfyans gwosè yon grenn wowoli, nou ta ka di pye mapou sa a: - Dekanpe ou la a, al plante tèt ou nan lanmè -, li ta obeyi nou.
Sa yon domestik dwe fè
7— Sipoze yonn nan nou gen yon domestik k'ap travay tè l osinon k'ap gade mouton pou li. Lè domestik la sòti nan jaden, eske l'ap di li: Pwoche vit, vin chita bò tab la pou ou manje. 8Non. Okontrè. L'ap di li: Pare manje pou mwen. Twouse ponyèt ou pou ou ka sèvi m pandan m'ap manje, pandan m'ap bwè. Se lè m fin manje, ou menm w'a manje, w'a bwè. 9Li pa gen mèsi pou l di domestik la paske domestik la fè sa l te mande l fè a, pa vre. 10Se menm jan an tou pou nou, lè nou fin fè tou sa yo te mande nou fè, se pou n di: Se domestik nou ye, nou fè sàn te dwe fè.
Jezi geri dis moun ki te gen lalèp
11Pandan #Lik 9.51; 13.22 Jezi te nan chemen pou l'al Jerizalèm, li t'ap pase sou fontyè ki separe peyi Samari ak peyi Galile. 12Antan l #Lev 13.45,46 t'ap antre nan yon bouk, dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l, 13yo pale byen fò, yo di l konsa:
— Jezi, Mèt, gen pitye pou nou.
14#Lik 5.14; Lev 13.49; 14.2,3 Jezi wè yo, li di:
— Al fè prèt yo wè nou.
Pandan yo taprale, yo geri. 15Yonn ladan yo ki wè li geri, li kase tèt tounen, epi li pran rele: Beniswa Letènèl byen fò. 16Li lage kò l atè nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari. 17Jezi pran lapawòl, li di l:
— Nou toulèdis te geri pa vre. Kote nèf lòt yo? 18Se etranje sa a sèlman ki chonje pou l vin fè lwanj Bondye?
19Epi #Lik 7.50 li di li:
— Leve non. Ou mèt ale. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou.
Gouvènman Bondye a ap vini
(Matye 24.23-28,37-41)
20Farizyen #Jan 18.36; 3.3 yo mande Jezi kilè Bondye t'ap vin tabli gouvènman l lan. Li reponn yo:
— Bondye ap vin tabli gouvènman l lan yon jan pou tout moun wè li. 21Men, #Mat 24.23; Jan 1.26; 12.35 yo p'ap di: Men li bò isit, men li bò lòt bò. Paske, konnen sa byen. Gouvènman Bondye a deja la nan mitan nou wi. #17.21: nan mitan nou wi: Ou ankò nan kè nou.
22Epi li di disip yo:
— Gen yon lè nou va anvi wè yonn nan jou ki pou Moun Bondye voye nan lachè a, men nou p'ap wè sa. 23Y'a #Lik 21.8 di nou: Gade, men l bò isit, osinon: Gade, men l bò laba. Pa ale, pa kouri dèyè yo. 24#Mat 24.26,27 yon kout zèklè fè yan, li klere syèl la byen klere depi yon bout jouk nan lòt bout la, pa vre. Se va menm jan an tou pou Moun Bondye voye nan lachè a, lè jou l va rive. 25Men, #Lik 9.22 anvan sa, li gen pou l soufri anpil, moun alèkile yo p'ap vle wè li. 26Sa #Mat 24.37-39 ki te rive nan tan Noye a se sa k'ap rive tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a vini. 27Moun #Jen 7.7-23 t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noye te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout. 28Sa #Jen 18.20 ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. 29Men, #Jen 19.24,25 jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife grennen kou lapli sot nan syèl la tonbe sou yo. Yo tout peri. 30Se va menm jan an tou lè jou a va rive pou Moun Bondye voye nan lachè a parèt.
31— Jou #Mat 24.17,18; Jen 19.26 sa a, moun ki va sou teras kay yo, yo p'ap gentan desann pran zafè yo. Moun ki nan jaden p'ap gentan tounen lakay yo. 32Chonje istwa madanm Lòt la. 33Moun #Lik 9.24 ki va chache sove lavi l va pèdi l. Men moun ki va pèdi lavi l va konsève li. 34M'ap di nou sa: Jou lannwit sa a, va gen de moun sou yon menm kabann. Y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. 35Va #Mat 24.40,41 gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la. [ 36Va gen dezòm nan yon menm jaden. Y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.]
37Disip #Jòb 29.25; Mat 24.28 yo pran lapawòl, yo mande li:
— Ki kote sa pral fèt, Mèt?
Li reponn yo:
— Kote bourik mouri a ye a, se la chen yo va rasanble tou.

Chwazi Kounye ya:

Lik 17: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an