Lik 16

16
Jeran entelijan an
1Jezi di disip li yo:
— Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l jan jeran an ap gaspiye tout byen l yo. 2Li rele jeran an, li di li: Kisa m tande y'ap di sou ou konsa? Vin fè regleman travay ou avè m, paske mwen p'ap kite byen m yo sou kont ou ankò. 3Jeran an di nan kè l: Patwon an pral kase m nan djòb sa a. Kisa m pral fè kounyeya? Mwen pa gen fòs pou mal travay latè. Epi se va yon wont pou mal mande charite! 4Bon, mwen konn sa m pral fè pou lè m pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m lakay yo.
5— Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la? 6Li reponn: Mwen dwe l san (100) bidon lwil. Mesye di l: Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit. 7Apre sa, li di yon lòt. Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Mesye di l: Men papye ou la, ekri katreven.
8— Nonm #Ef 5.8; 1 Tes 5.5 rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a.
9Jezi #Lik 14.14; Mat 6.20; 10.40; 19.21 di yo ankò:
— Nou menm, men sa m'ap di nou: Bat pou nou fè zanmi ak richès ki sou latè. Konsa, lè richès nou va fini, y'a resevwa nou nan kay Bondye ki la pou tout tan an. 10Moun #Lik 19.17 ki kenbe pawòl li nan tout ti bagay, l'a kenbe l nan gwo bagay tou. Men, moun ki pa serye nan ti bagay, li p'ap serye nan gwo bagay nonplis. 11Si ou pa sèvi byen ak richès ou gen sou latè, kilès ki va fè ou konfyans pou richès tout bon yo? 12Si ou pat sèvi byen avèk sa ki te pou lòt moun, ki moun ki va ba ou sa k pou ou a?
13— Pèsonn #Mat 6.24 pa ka sèvi de mèt byen anmenmtan. Li gen pou li rayi yonn si li renmen lòt la. L'ap sèvi yonn byen, epi l'ap meprize lòt la. Nou pa ka ap sèvi Bondye epi lajan anmemmtan.
Kèk lòt pawòl Jezi te di
(Matye 11.12-13; 5.31-32; Mak 10.11-12)
14Farizyen #Mat 23.14 yo t'ap koute tout pawòl sa yo tou. Yo t'ap pase Jezi nan betiz paske yo te renmen lajan. 15#Lik 18.9-14; Mat 23.28; Sòm 7.9; Pwo 6.16,17 sa a Jezi di yo:
— Nou menm, n'ap chache parèt pou pi bon devan moun, men Bondye konnen sa ki nan kè nou. Bagay moun bay plis enpòtans, se yo Bondye pa vle wè.
16— Kòmandman #Mat 11.12,13 Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li. 17Men, #Mat 5.18 l'ap pi fasil pou syèl la ak tè a disparèt pase pou yon sèl ti detay nan lalwa a pèdi valè li.
18— Si #Mat 5.32; 19.9 yon nonm kite ak madanm li pou l marye ak yon lòt, nonm sa a fè adiltè. Lè yon mari kite madanm li, si yon lòt nonm marye ak madanm lan, nonm sa a fè adiltè tou.
Parabòl move rich la ak Laza
19— Vwala, se te yon nonm rich. Li te konn biye ak bèl twal koute chè. Chak jou se te gwo banbòch lakay li. 20Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak maleng. 21Li #Mat 15.27 te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap sòti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche maleng li yo tou.
22— Pòv la vin mouri, zanj yo mennen li bay Abraram. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. 23Pandan l te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li.
24— Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlo pou l mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. 25Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Kounyeya, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. 26Epitou, gen yon gwo twou ki separe nou avè ou, konsa pa gen mwayen pou moun sot isit la pou y'al jwenn ou, osinon pou moun ta sòti kote ou ye a pou vin jwenn nou.
27— Nonm rich la di li: Tanpri, Abraram papa, voye Laza kay papa mwen. 28Mwen gen senk frè. Mwen ta vle l'al di yo jan bagay la ye pou yo pa vin isit nan touman sa a. 29Abraram #2 Tim 3.16 reponn li: Yo gen Moyiz ak pwofèt yo pou avèti yo, se pou yo koute yo. 30Li di li: Non, papa Abraram, yo p'ap koute. Men, si yonn nan mò yo al jwenn yo, y'a chanje lavi yo. 31#Jan 11.45-53 sa a, Abraram di li: Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pèsonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.

Chwazi Kounye ya:

Lik 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an