Lik 15

15
Parabòl mouton ki te pèdi a
1Pèseptè kontribisyon yo ak moun move zak yo, yo tout t'ap pwoche kote Jezi pou tande sa l'ap di. 2Farizyen #Lik 5.30 yo ak dirèktè lalwa yo t'ap babye. Yo t'ap di:
— Nonm sa a ap resevwa moun k'ap fè sa ki mal, epi l'ap manje ak yo.
3Lè sa a, Jezi di yo parabòl sa a:
4— Sipoze #Mat 18.12-14 yon #Eze 34.11,16; Lik 19.10 nonm gen san mouton. Si yonn ladan yo ta pèdi, eske li pa t'ap kite karevendisnèf lòt yo poukont yo pou l'al dèyè sa ki pèdi a? L'ap chache li jouk li jwenn li. 5Lè l jwenn li, l'ap mete l sou zepòl li ak kè kontan. 6Lè l tounen lakay li avè l, l'ap rele tout zanmi l ak tout vwazen l yo, l'ap di yo: Vin fè fèt avè m, mwen jwenn mouton m ki te pèdi a. 7Konsa tou, m'ap di nou, va gen plis kontantman nan syèl la pou yon sèl moun ki t'ap fè sa ki mal epi ki tounen vin jwenn Bondye, pase pou katrevenndiznèf moun k'ap mache dwat, ki pa bezwen tounen vin jwenn Bondye.
Parabòl pyès lajan ki te pèdi a
8— Sipoze yon fanm ki gen dis bèl bijou annajan. Si li pèdi yonn, eske li p'ap limen lanp, vire kay la tèt anba pou li bouske nan tout ti kwen jouk li jwenn li? 9Lè l jwenn li, l'ap rele zanmi l ak vwazin li yo, l'ap di yo: Vin fè fèt avè m. Mwen jwenn pyès lajan m ki te pèdi a. 10Konsa #Ef 3.10 tou, m'ap di nou sa, gen kontantman nan mitan zanj Bondye yo pou yon sèl moun ki t'ap viv nan peche epi ki tounen vin jwenn Bondye.
Parabòl pitit gason ki te pèdi a
11Jezi di ankò:
— Vwala, se te yon nonm ki te gen de pitit gason. 12Pi piti a di papa l: Papa, ban m pa m nan byen nou yo. Lè sa a, papa a separe byen l yo bay tou de. 13Kèk #Pwo 29.3 jou apre, ti gason an ranmase tout afè l, li pati, l'ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l nan banbòch, li gaspiye tout lajan l. 14Lè mesye fin depanse tout lajan l, yon gwo grangou tonbe sou peyi a. Lè sa a, li vin nan nesesite. 15L'al mande travay lakay yon abitan nan peyi a. Abitan an voye l nan jaden l al gade kochon. 16#Pwo 23.31 sa a, li ta byen renmen plen vant li ak sa kochon yo t'ap manje a, men pèsonn pat ba li. 17Se lè sa a atò li pran kalkile sou sitirasyon l. Li di konsa: Gade kantite moun k'ap travay kay papa m pou lajan! Yo jwenn manje depase sa yo ka manje. Epi mwen menm, m'ap mouri grangou isit la. 18M'ap #Jer 3.12,13; Sòm 51.4 leve, mwen pral tounen jwenn papa m, m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. 19Mwen pa merite pou konsidere m' pou pitit ou ankò. Konsidere m' tankou yonn nan travayè ou yo. 20Li leve vre, li pran chemen tounen kay papa li.
— Mesye te byen lwen kay la toujou lè papa a wè li. Kè papa a fè l mal, li kouri al rankontre l, li pase men l nan kou pitit la epi li bo li. 21Pitit la di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou. Mwen pa merite pou ou konsidere m pou pitit ou ankò. 22Men, papa a di domestik li yo: Ale vit. Pote pi bèl rad la, mete l sou li pou mwen. Mete yon bag nan dwèt li, mete soulye nan pye li. 23Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l. Ann fete, ann manje. 24Paske, #Ef 2.1,5; 5.14 pitit gason m sa a te mouri, men li tounen vivan ankò. Li te pèdi, kounyeya mwen jwenn li. Epi, yo konmanse fè fèt.
25— Lè sa a, pi gran gason an te nan jaden. Antan l'ap sòti nan jaden, lè l rive pre kay la, li tande mizik la ak vwa moun k'ap danse yo. 26Li rele yonn nan domestik yo, li mande li: Sa k genyen? 27Domestik la di li: Ti frè ou la tounen. Papa ou fè touye jenn ti towo nou t'ap angrese a, paske li jwenn mesye an sante.
28— Gran #Lik 15.2 frè a fè kòlè, li derefize antre nan kay la. Papa a sòti, li mande l pou l antre. 29Men, gran frè a reponn papa a: Gade tout tan mwen genyen depi m'ap sèvi ou. Mwen pa janm derespekte lòd ou. Men, ou pa janm ban m yon ti kabrit menm pou m fè fèt ak zanmi m yo. 30Men lè pitit gason ou lan tounen, li menm ki fin gaspiye tout sibzistans ou nan vye zak vagabonday, se pou li ou touye ti towo nou t'ap angrese a. 31Papa a #Jan 17.10 di li: Pitit mwen, ou toujou la avè m. Tout sa m genyen se pou ou. 32Men, fòk kanmenm nou te fè fèt, nou pat ka pa kontan, paske frè ou la te mouri, men li tounen vivan, li te pèdi, mwen jwenn li kounyeya.

Chwazi Kounye ya:

Lik 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an