Travay 9

9
Sòl tounen yon patizan Kris la
1Men Sòl, bò pa li, pa te janm sispann #Tra 22.3-21; 26.9-20 fè disip Senyè #Tra 8.3 yo pwomès sasinen yo. L'al jwenn granprèt la. 2Li mande l lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm.
3Antan li #1 Kor 15.8 sou wout la, toupre Damas, li rete konsa, yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote li te ye a. 4Sòl tonbe atè, epi l tande yon vwa ki di li:
— Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa?
5Li #Tra 5.29 reponn:
— Ki moun ou ye, Mèt?
Vwa a reponn li:
— Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a. 6Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè.
7Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pat wè pèsonn. 8Sòl leve atè a, li louvri je l men li pat kapab wè anyen. Yo pran men l, yo mennen l lavil Damas. 9Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè.
10Nan #Tra 10.17; 16.9 lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Senyè a parèt devan l nan yon vizyon, li rele li:
— Ananyas.
Ananyas reponn:
— Men mwen, Senyè.
11Senyè a #Tra 21.39 di li:
— Leve kounyeya, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l ye a, 12li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l kapab wè ankò.
13Ananyas reponn:
— Senyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm. 14Epitou #1 Kor 1.2; Tra 22.16; 2 Tim 2.22 li vin isit la ak pouvwa pou l arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l pouvwa sa a.
15Men, #Wòm 1.5; Tra 25.13; 27.24; 2 Kor 4.7 Senyè a di li:
— Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l pou sèvis mwen, pou l fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la. 16Mwen #Tra 23.29; 2 Kor 11.23-28 menm, m'a moutre l tou sa li gen pou l soufri pou mwen.
17Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou tèt Sòl, li di li:
— Sòl, frè mwen, Senyè Jezi voye m kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri.
18Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm. 19Apre sa, li manje epi l vin gen fòs ankò.
Sòl ap bay mesay lavil Damas
Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo. 20Menm lè a tou, li konmanse bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye. 21Tout #Tra 8.1; 9.1,14; 26.10 moun ki te tande l te sezi, yo t'ap di:
— Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a nan lavil Jerizalèm lan? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo?
22Men, #Tra 18.28 Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l voye a menm.
23Kèk #Tra 23.12-29 jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li. 24Men, #Tra 23.16 Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li. 25#2 Kor 11.32,33 sa a, patizan Sòl yo pran l nan mitan lannwit, yo mete l nan yon panyen, yo file l desann lòt bò miray lavil la.
Sòl lavil Jerizalèm
26#Gal 1.17-19 Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l ak disip yo, men yo tout te pè l: yo pat kwè li te yon disip tout bon vre. 27#Tra 9.20 sa a, Banabas pran l avè l, epi li mennen l bò kote apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Senyè a sou wout la, ki jan Senyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bòn nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon. 28Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesay la avèk konviksyon nan non Senyè a. 29Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li. 30#Tra 11.25; Gal 1.21 frè yo vin konn sa, yo mennen l lavil Sezare, yo fè l pati pou Tas.
31Lè sa a, toupatou nan Jide, nan Samari ak nan Galile, legliz Bondye a t'ap viv san kè sote. Li t'ap devlope, li t'ap viv nan krentif Bondye. Avèk konkou Sentespri, anpil moun t'ap repanti toujou vin ogmante legliz la.
Pyè geri Ene
32Pyè menm t'ap vwayaje toupatou nan peyi a. Yon jou li te al lakay disip yo nan lavil Lida, 33li jwenn yon nonm yo rele Ene ki kouche paralize depi witan. 34Pyè di li:
— Ene, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou.
Lamenm, Ene leve kanpe. 35Tout moun ki t'ap viv nan lavil Lida a ak nan laplenn Sawon an te wè li, epi yo tounen vin jwenn Bondye.
Dòkas leve resisite
36Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (Nan lang grèk yo te rele l Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil. 37Lè sa a, li tonbe malad epi li mouri. Yo benyen kò a epi yo espoze li anlè nan chanmòt la.
38Lavil Jope pat twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l avèk mesay sa a:
— Tanpri, pa mize vin lakay nou.
39Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l rive, yo mennen l nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l te la avèk yo. 40Pyè #Mak 5.40,41 fè tout moun sòti. Li mete jenou l atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kote kò a, li di li:
— Tabita, leve non.
Fanm lan louvri je l, lè l wè Pyè, li chita. 41Pyè #Tra 9.32 lonje men l ba li, li fè l leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan. 42Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Senyè a. 43Apre #Tra 10.6 sa, Pyè rete lontan nan lavil Jope, lakay yon bòs tanè yo rele Simon.

Chwazi Kounye ya:

Travay 9: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an