Travay 8

8
1Sòl menm te dakò pou yo touye #Tra 7.58; 11.19; 22.20 Etyèn.
Sòl ap pèsekite legliz
Menm jou sa a, yon gwo pèsekisyon te eklate kont legliz Jerizalèm. Fidèl yo kouri gaye kò yo nan tout zòn Jide ak zòn Samari. Sèl apot yo ki te rete Jerizalèm. 2Kèk #Mat 14.12 fidèl zele te pran kò Etyèn, yo fè bèl vèy ak bèl lantèman pou li.
3Sòl #Tra 9.1; 22.4 menm te sòti pou l fini ak legliz la. Li mache kay an kay, li trennen tout moun ki kwè yo, rache yo met deyò pa fòs, li fè fèmen fanm kou gason nan prizon.
Filip anonse bòn nouvèl la Samari
4Fidèl ki te gaye nan tout peyi a t'ap mache bay mesaj la toupatou. 5Se #Tra 6.5 konsa Filip al nan yon lavil peyi Samari. Rive la, li tanmen pale sou Kris la bay moun yo. 6Tout popilasyon an rete atantif, y'ap koute sa Filip t'ap di yo. Yo te wè mirak li t'ap fè. 7Move #Mak 16.17 lespri yo t'ap pouse gwo rèl lè Filip t'ap chase yo sòti sou anpil moun malad. Li te geri anpil moun paralize ak moun enfim tou. 8Se #Jan 4.40-42 konsa te gen yon gwo kontantman nan tout lavil la.
9Nan lavil sa a, te gen yon nonm yo rele Simon. Metye li se te majisyen. Simon sa a te konn ap fè moun Samari rete bouch be ak mèvèy li t'ap fè. Konsa li te fè tèt li pase pou yon nèg enpòtan. 10Tout moun, ni gran ni piti, yo tout te kwè nan sa l'ap fè. Yo t'ap di:
— Nonm sa a gen yon pisans Bondye sou li, se gwo pisans lan nèt!
11Moun yo te fanatik li paske depi lontan li t'ap fè yo rete bouch be devan maji li t'ap fè. 12Men, #Mat 28.19 lè Filip anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye wa a, lè l fè yo konnen non Jezi Kris la, moun yo kwè pawòl la. Fanm kou gason resevwa batèm. 13Ata Simon te kwè. Li menm tou li te resevwa batèm. Apre sa, li te toujou avèk Filip, li te sezi wè bèl bagay ak mirak li t'ap fè.
14Apòt #Tra 3.1 yo menm ki te lavil Jerizalèm, lè yo tande moun Samari te asepte pawòl Bondye a, yo voye Pyè ak Jan bò kote yo. 15Lè Pyè ak Jan rive Samari, yo lapriyè pou moun ki kwè yo pou yo te kapab resevwa Sentespri, 16paske Sentespri a pat ankò desann sou okenn nan yo. Yo te resevwa batèm nan non Senyè Jezi a sèlman. 17#1 Tim 4.14 sa a, Pyè ak Jan mete men sou tèt yo, yo resevwa Sentespri.
18Simon te wè jan moun yo te resevwa Sentespri lè apòt yo mete men sou tèt yo. Li ofri Pyè ak Jan lajan. 19Li di yo:
— Ban m pouvwa sa a tou, pou lè m mete men m sou tèt yon moun li ka resevwa Sentespri a tou.
20Men, Pyè di li:
— Al mouri ansanm ak tout lajan ou lan! Sa Bondye fè kado, ou kwè moun ka achte sa ak lajan? 21Nan #Sòm 78.37; Ef 5.5 travay sa a, pa gen anyen pou ou. Ou pa gendwa ladan l paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a. 23Paske #Det 29.18; Eza 58.6; Eb 12.15 mwen wè ou gen yon peche kòryas sou ou, peche a fin antòtiye nanm ou nèt.
24Lè sa a, Simon di Pyè ak Jan konsa:
— Tanpri souple, lapriyè Bondye pou mwen, pou anyen nan sa nou di a pa rive mwen.
25Lè Pyè ak Jan fin rann temwanyaj sa a, lè yo fin bay mesay Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bòn nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari.
Filip ak gwo chèf Letyopi a
26Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li:
— Leve non! Ale nan direksyon sid, sou wout Jerizalèm ki desann sou Gaza. Se yon wout ki pa fasil gen moun.
27Filip #Eza 56.3-7 leve, li pati. Antan li sou wout la, li kontre yon nonm. Se te moun Letyopi, yon nèg chatre. Misye se gwo chèf nan peyi li. Se li menm ki reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute Jerizalèm pou adore Bondye. 28Antan li t'ap tounen nan peyi l, li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. 29Sentespri di Filip:
— Avanse, ale bò kote cha a.
30Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letyopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li:
— Eske ou konprann sa w'ap li la a?
31Nonm #Jan 16.13 lan reponn li:
— Ki jan pou m fè konprann si m pa jwenn moun pou esplike mwen?
Epi li mande Filip pou l moute nan cha a, vin chita bò kote li. 32Men #Eza 53.7,8 pasay li t'ap li nan liv la:
Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa.
Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele
lè y'ap taye lenn sou do li.
Li pa janm louvri bouch li di anyen.
33Yo te desann li ba anpil,
yo refize fè l jistis.
Pèsonn p'ap nonmen non pitit pitit li.
Paske, lavi l sou latè fini nèt.
34Chèf peyi Letyopi a mande Filip:
— Di m non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l osinon yon lòt moun?
35Filip pran pale: li konmanse avèk pasay li t'ap li nan liv la, li fè l konnen bòn nouvèl ki pale sou Jezi a. 36Antan #Tra 10.47 yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letyopi a di li:
— Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m resevwa batèm?
37Filip di li:
— Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm.
Nonm lan reponn li:
— Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a.
38Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li. 39#1 Wa 18.12 yo sòti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l ankò. Men, li kontinye chemen l ak kè kontan. 40Filip #Tra 21.8,9 menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l pase, li anonse bòn nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.

Chwazi Kounye ya:

Travay 8: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an