Travay 10

10
Pyè ak Kònèy
1Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki #Mat 8.5; Tra 27.1 te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an. 2Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l, yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye. 3Yon #Tra 3.1 jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li:
— Kònèy!
4Li gade zanj lan, li te pè, li di l konsa:
— Sa k genyen, Mèt?
Zanj lan reponn li:
— Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou. 5Kounyeya, voye moun lavil Jope, fè y'al chache yon nonm yo rele Simon (li gen yon ti non Pyè). 6Li #Tra 9.43 fè ladesant lakay Simon, bòs tanè a, ki gen kay li bò lanmè a.
7Fini zanj Bondye a fin pale, l ale. Kònèy rele de domestik ansanm ak yonn nan gad kò l ki t'ap sèvi Bondye jwif yo tou. 8Li rakonte yo tou sa k te pase. Lèfini, li voye yo Jope.
9Nan denmen, vè midi konsa, yo te nan wout toujou, men yo te prèt pou rive Jope. Menm lè sa a, Pyè moute anwo sou tèt kay la pou l'al lapriyè. 10Grangou bare l, li te anvi manje. Pandan yo t'ap pare manje pou li, li fè yon vizyon: 11Li #Tra 11.5-17 wè syèl la louvri epi yon bagay t'ap desann sòti ladan li. Bagay la te tankou yon gwo dra mare nan kat bout li ki t'ap file desann sou latè. 12Te gen tout kalite bèt kat pat, tout kalite bèt ki trennen sou vant ak tout kalite zwazo ladan li.
13Li tande yon vwa ki di l konsa:
— Leve non, Pyè. Touye, lè ou fini, manje.
14Men, #Eze 4.14; Lev 11.1-47 Pyè di:
— Non, Mèt. Mwen pa janm manje move manje ni manje ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye.
15Menm #Mat 15.11; Mak 7.15,19 vwa a pale ankò, li di li:
— Bagay Bondye di ki bon pou moun k'ap sèvi l, ou menm, pa di l pa bon.
16An twa fwa sa repete. Apre sa, lamenm bagay la moute tounen nan syèl la.
17Pyè menm pat konn ki sans pou l te bay vizyon li te fè a. Men, tout tan sa a, moun Kònèy te voye yo t'ap mande ki bò kay Simon an te ye. Yo te rive devan pòt la. 18Yo rele moun, epi yo mande:
— Eske se isit Simon yo rele Pyè a fè ladesant li?
19Pyè #Tra 13.2; 15.28 t'ap kalkile toujou sou sans pou l te bay vizyon an, lè Sentespri di li:
— Koute. Gen twa #10.19: twa: Gen yon maniskri ki bay de; gen lòt ki bay kèk. moun anba a k'ap mande pou ou. 20Leve non, desann. Pati ak yo touswit, se mwen menm ki voye yo.
21Pyè desann, l'al jwenn mesye yo, epi l di yo:
— Se mwen menm n'ap chache a. Kisa k mennen nou isit la?
22Yo reponn:
— Se kaptenn Kònèy ki voye nou. Nonm sa a, se yon bon gason ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp jwif la konsidere l anpil. Enben, yon zanj Bondye te di l pou l te voye chache ou pou ou vin lakay li. Li bezwen tande sa ou gen pou di l la.
23Pyè #Tra 11.12 fè yo antre. Li fè yo pase nwit lan avè li. Nan denmen, li leve, li pati ak yo. Kèk frè lavil Jope ale avè l tou. 24Yo rive Sezare yon jou apre. Kònèy t'ap tann yo ak tout fanmi l ansanm ak kèk bon zanmi l li te envite lakay li. 25Pyè fè sa pou l antre, Kònèy kouri vin devan l, li lage kò l nan pye l, li bese tèt li byen ba devan li. 26Men, #Tra 14.15; Rev 19.10 Pyè fè l leve, li di l konsa:
— Kanpe non, monchè. Se yon moun mwen ye tou.
27Pyè kontinye pale avèk li. Yo antre nan kay la epi Pyè jwenn yon bann moun ki te sanble. 28Li di yo:
— Nou konnen sa pa fèt: jwif pa gendwa mele ak moun lòt nasyon ni mete pye lakay yo. Relijyon l pa penmèt sa. Men, Bondye fè m konnen, mwen pa gendwa gade pèsonn pou move moun ni pou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi Bondye. 29Se poutèt sa, voye ou voye rele m lan, mwen pa fè ni yonn ni de, mwen vini. Kounyeya, mwen ta renmen konnen poukisa ou voye chache m lan.
30Kònèy di li:
— Jòdi a fè kat jou, mwen te lakay mwen, mwen t'ap lapriyè vè twazè konsa nan apremidi. Mwen rete konsa, mwen wè yon nonm ki te gen yon bèl rad byen klere sou li kanpe devan mwen. 31Epi l di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo. 32Voye yon moun lavil Jope al rele Simon ki gen ti non Pyè a. Se lakay Simon, bòs tanè ki bò lanmè a, li ye. 33Menm lè a, mwen voye chache ou, epi ou asepte vini. Kounyeya, men nou tout la devan Bondye, n'ap koute tou sa Bondye ba ou lòd di nou.
Diskou Pyè lakay Kònèy
34Pyè #Det 10.17; 1 Sam 16.7; Wòm 2.11 pran lapawòl, li di:
— Wi, kounyeya, mwen konprann sa se vre: Bondye pa gade sou figi moun. 35Li #Jan 9.31; 10.16 kontan ak tout moun nan tout nasyon ki gen krentif pou li epi ki fè sa ki dwat devan li. 36Nou #Sòm 107.20; 147.18; Eza 52.7; Na 1.15; Mat 28.18 konnen mesay Bondye te voye bay pèp Izrayèl la: li fè yo konnen bòn nouvèl la ki di: Bondye voye Jezi ki Mèt tout moun pou bay tout moun kè poze. 37Nou #Mat 4.12-17 konnen sa k te rive nan tout peyi Jide a. Bagay sa yo konmanse nan peyi Galile, apre batèm Jan t'ap anonse a. 38Nou #Eza 61.1; Mat 3.16 konnen tou ki jan Bondye te vide pouvwa Sentespri l sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi mache nan tout peyi a, li t'ap fè byen, li t'ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan paske Bondye te kanpe avèk li. 39Nou #Det 21.22 menm k'ap pale la a, nou temwen tou sa li te fè nan peyi jwif yo ak nan Jerizalèm. Yo te touye l, yo te kloure l sou kwa a. 40Men #1 Kor 15.4-7 sou twa jou, Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. Apre sa, li fè moun wè li vivan. 41Se #Jan 14.19,22; 15.27; Tra 1.4 pa tout moun non ki te wè li. Se nou menm ase ki te wè li. Bondye te chwazi nou davans pou sèvi l temwen. Wi, nou manje avè l, nou bwè avè l apre Bondye te fè l tounen vivan sòti nan lanmò. 42Li #Tra 17.31; Wòm 14.9,10; 1 Pyè 4.5; 2 Tim 4.1 ban nou lòd mache fè konnen bòn nouvèl la bay pèp la, pou n fè konnen se Jezi menm Bondye mete pou jije tout moun san wete yonn, kit yo vivan kit yo mouri deja. 43Tout #Eza 33.24; 53.5,6; Jer 31.34; Eze 34.16; Da 9.24 pwofèt yo te di sa sou li: Nenpòt moun ki met konfyans yo nan Jezi va resevwa padon pou tout peche yo gremesi non sa a.
Moun ki pa jwif resevwa Sentespri tou
44Pyè t'ap pale toujou lè Sentespri a desann sou tout moun ki t'ap koute mesay la. 45Frè ki te sòti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l an kantite. 46Yo #Tra 2.4; 19.6; Mak 16.17 te tande moun lòt nasyon yo ap pale nan lòt lang. Yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di jan li gen pouvwa. Lè sa a Pyè di:
47— Moun sa yo resevwa Sentespri menm jan avèk nou. Kounyeya, ki moun ki ka anpeche nou batize yo nan dlo tou?
48Epi #Jan 4.40 li bay lòd batize yo nan non Jezikri. Apre sa, yo mande Pyè pou l rete pase kèk jou avèk yo.

Chwazi Kounye ya:

Travay 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an