YouVersion Logo
Search Icon

Mat 9

9
Jezi geri yon nonm paralize
(Mak 2:1-12; Lik 5:17-26)
1Jezi monte yon ti bato, li travèse lak la pou li retounen lakay li.#9:1 lakay li Pa vle di Jezi te gen yon kay. Li vle di Jezi te retounen Kapènawòm (Mak 2:1). 2Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”
3Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!”#9:3 blasfèm Pale mal sou Bondye. Nan kontèks sa a li vle di Jezi ap pran pòz Bondye paske se Bondye sèl ki gen dwa pou padone peche.
4Men, Jezi te konnen sa k t ap pase nan tèt yo. Li di yo: “Sa k fè panse nou sal konsa? 5Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? 6Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!”
7Nonm nan leve, l ale lakay li. 8Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.
Jezi rele Matye pou vin swiv li
(Mak 2:13-17; Lik 5:27-32)
9Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.”
10Apre sa, Jezi ak disip li yo t al manje lakay Matye. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move repitasyon ki te la tou. 11Lè Farizyen yo wè sa, yo kòmanse poze disip Jezi yo kesyon: “Poukisa mèt nou an ap manje ak pèseptè kontribisyon, ak moun ki gen move repitasyon?”
12Lè Jezi tande sa, li di: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun ki malad ki bezwen doktè. 13Ale chache konprann sans Bib la ki di: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.#Oze 6:6. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”
Yon kesyon sou moun k ap jene
(Mak 2:18-22; Lik 5:33-39)
14Apre sa disip Jan yo te pwoche bò kote Jezi epi yo di l: “Nou menm ak Farizyen toujou fè jèn, poukisa disip ou yo pa janm fè jèn?”
15Jezi reponn yo, li di yo: “Nan yon maryaj, zanmi misye marye a pa tris lè misye marye a la ak yo. Men gen yon jou k ap vini lè y a pran misye marye a, li p ap la avèk yo ankò, se lè sa a, y a jene.
16Pèsòn p ap pran yon moso twal nèf pou l fè pyès mete nan yon vès ki ize. Moso twal nèf la ap rale twal ize a epi twou a ap vin pi mal. 17Pèsòn p ap pran diven nouvo pou l mete l nan yon vye barik.#9:17 barik Barik yo te fèt ak po bèt. Si po bèt la frèch epi diven an nouvo y ap vyeyi ansanm. Men si po bèt la ansyen epi diven an nouvo, l ap pete epi ni barik ni diven ap pèdi. Si yon moun ta fè sa, l ap pèdi ni barik la ni diven an. Vye barik la ap pete, diven an ap tonbe. Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf. Konsa barik la ak tout diven an ap konsève.”
Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam
(Mak 5:21-43; Lik 8:40-56)
18Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.”
19Jezi ak tout disip li yo te deplase ak mesye a pou ale lakay li.
20Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi, 21paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!”
22Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe.
23Lè Jezi rive lakay lidè Jwif la, moun k ap jwe mizik fin èb sou flit yo te gen tan rive. Foul la te ajite anpil epi yo t ap kriye. 24Jezi di yo: “Ale lakay nou! Demwazèl la pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Lè moun yo tande sa, yo te kòmanse pase Jezi nan betiz. 25Apre yo fin fè tout moun ale, Jezi antre nan chanm demwazèl la, li kenbe men li epi ti jèn fi a leve. 26Bri a kouri epi nouvèl la gaye nan tout zòn nan.
Jezi fè twa lòt gerizon
27Pandan Jezi ta prale, de avèg pati dèyè l, epi yo t ap kriye byen fò: “Pitit David la, gen pitye pou nou!”
28Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.”
29Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè l la.” 30La menm, mesye yo te wè. Apre sa, Jezi pale avèk yo byen sevè, li di yo: “Pa kite okenn moun konnen sa ki rive a.” 31Poutan, kite mesye yo kite Jezi, yo te kòmanse gaye nouvèl la nan tout zòn nan.
32Pandan mesye ki te avèg yo t ap soti, kèk lòt moun t ap mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan te bèbè paske li te gen demon sou li. 33Apre Jezi fin chase demon an, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa a epi yo t ap di: “Se premye fwa nou wè yon bagay kon sa nan Izrayèl.”
34Men, Farizyen yo t ap di: “Se chèf demon yo ki ba li pouvwa pou l chase demon.”
Kè Jezi fè l mal pou pèp Jwif la
35Jezi te vwayaje anpil. Li pase nan gwo vil tankou nan ti vil. Li t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a. Li t ap anseye nan sinagòg yo. Li geri tout kalite maladi. 36Lè Jezi gade nan ki sitiyasyon pèp la t ap viv, kè l fè l mal anpil. Ti figi yo te rale, yo te sanzespwa. Yo te tankou yon bann mouton ki pa gen bèje. 37Jezi di disip li yo: “Rekòt la anpil, men pa gen anpil ouvriye. 38Se poutèt sa, mande mèt rekòt la pou l voye ouvriye pou ranmase rekòt la.”

Currently Selected:

Mat 9: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy