YouVersion Logo
Search Icon

Mat 8

8
Jezi geri yon nonm malad
(Mak 1:40-45; Lik 5:12-16)
1Jezi desann mòn nan, epi yon gwo foul moun t ap swiv li. 2Yon nonm ki t ap soufri ak maladi lèp te pwoche kote Jezi. Li lage kò l nan pye Jezi epi l di: “Mèt, si ou vle ou ka geri m!”
3Jezi lonje men l, li touche nonm ki te malad la. Epi li di: “Mwen vle w geri!” La menm nonm nan te geri. 4Apre sa, Jezi di nonm nan: “Pa di pèsonn sa k pase a. Men, al fè sakrifikatè a egzamine w,#8:4 al fè sakrifikatè a egzamine w Selon Lalwa Moyiz la, prèt yo te dwe deside kilè yon moun ki te gen maladi lèp te geri epi pwòp. Gade nan Lev 13–14. epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va konnen ou geri.”
Jezi geri sèvitè yon Ofisye
(Lik 7:1-10; Jan 4:43-54)
5Lè Jezi antre nan vil Kapènawòm, yon ofisye women te pwoche bò kote li pou mande l èd. 6Ofisye a di: “Senyè, mwen gen yon sèvitè ki kouche malad lakay mwen. Li paralize, epi l ap soufri anpil.”
7Jezi di ofisye a: “Mwen pral avè w. Mwen pral geri l.”
8Lè sa a, ofisye a reponn li: “Senyè, m pa diy pou w antre lakay mwen. Sèlman, di yon mo, epi sèvitè m nan ap geri. 9Mwen menm tou, m anba otorite yon lòt moun, epi mwen gen anpil sòlda anba otorite m. Lè m di youn: Ale, li ale. Lè m di yon lòt: Vini, li vini. Lè m di sèvitè m: Fè tèl bagay, li fè l.”
10Lè Jezi tande pawòl sa yo, li te admire lafwa ofisye a. Li di moun ki t ap swiv li yo: “Menm nan peyi Izrayèl mwen pa jwenn yon moun ki gen tout lafwa sa a.” 11M ap di nou yon bagay ki pi enpòtan toujou: “Gen moun k ap soti toupatou nan lès ak nan lwès pou vin chita manje ak Abraram, Izaak epi Jakòb nan wayòm syèl la. 12Poutan gen anpil lòt ki ta dwe fè pati wayòm nan, y ap jete yo deyò nan tenèb fènwa, kote ki pral genyen anpil dlo nan je ak manje dan.”
13Epi Jezi di ofisye women an: “Ou mèt al lakay ou! Tout bagay ap rive jan w kwè l la.” Nan menm lè sa a sèvitè a te geri.
Jezi geri anpil moun
(Mak 1:29-34; Lik 4:38-41)
14Lè Jezi rive lakay Pyè, li wè bèlmè Pyè kouche ap kuit anba yon lafyèv. 15Jezi touche men madanm lan epi lafyèv la tonbe. Madanm nan leve pou l sèvi Jezi manje.
16Nan aswè, yo mennen bay Jezi yon pakèt moun ki te gen demon sou yo. Jezi pase move lespri yo lòd epi l chase yo. Li geri tout malad yo te mennen ba li yo. 17Konsa, Jezi fè sa pawòl pwofèt Ezayi a te di:
“Li ranmase tout sa ki t ap fè nou soufri mete sou do l,
li geri tout maladi nou yo.”#Eza 53:4.
Swiv Jezi
(Lik 9:57-62)
18Lè Jezi wè li antoure ak yon gwo foul moun, li bay disip li yo lòd pou travèse sou lòtbò lak la. 19Lè sa a, yon skrib pwoche bò kote Jezi, epi li di: “Mèt, m ap swiv ou kèlkeswa kote ou ale.”
20Lè sa a, Jezi reponn li: “Rena yo gen twou yo, zwazo yo gen nich yo, men mwen menm, Pitit Lòm nan, mwen pa gen yon kote pou m repoze tèt mwen.”
21Apre sa, youn nan disip yo di: “Mèt, m ap swiv ou, men pèmèt mwen al antere papa m anvan.”
22Men Jezi reponn li: “Swiv mwen! Kite moun mouri yo antere pwòp mò yo.”
Jezi kalme yon tanpèt
(Mak 4:35-41; Lik 8:22-25)
23Jezi monte nan yon bato, li menm avèk disip li yo. 24Pandan yo sou lak la, yon gwo van vin leve epi vag yo te prèske anglouti bato a. Men Jezi li menm t ap dòmi. 25Disip li yo te pwoche bò kote l, epi yo reveye l. Yo di li: “Mèt, sove nou n ap peri!”
26Jezi di yo: “Pouki nou si tèlman pè? Lafwa nou vrèman piti!” Apre sa, Jezi leve kanpe, li kòmande van an fè silans, epi tout bagay antre nan lòd.
27Mesye yo te etone anpil, epi youn t ap di lòt: “Ki kalite moun nonm sa a ye? Menm van ak vag lanmè obeyi l?”
Jezi chase demon sou de mesye
(Mak 5:1-20; Lik 8:26-39)
28Lè Jezi rive nan peyi Gadarenyen#8:28 Gadarenyen Kèk kopi nan lang Grèk genyen “Jerazenyen”, kèk lòt ankò genyen “Jegazenyen”. yo, sou lòtbò lak la, de mesye te vin rankontre l. Mesye sa yo t ap viv nan yon simityè, epi yo te gen demon sou yo. Mesye sa yo te reprezante yon gwo danje, pèsòn pa t oze pase nan wout sa a ankò. 29Yo te rele byen fò: “Pitit Bondye a, ki rapò nou gen avè w? Èske ou vin pou toumante nou anvan lè a rive?”
30Nan menm zòn nan, te gen yon bann kochon ki t ap manje. 31Demon yo priye Jezi an gras, yo di li: “Si ou ap chase nou, tanpri pèmèt nou ale sou bann kochon sa yo.”
32Jezi di yo: “Nou mèt ale!” Konsa, demon yo te sòti sou mesye yo, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo tout mouri nwaye. 33Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri. Yo antre nan vil la, epi yo rakonte tout sa k te pase kochon yo ak mesye ki te gen move lespri yo. 34Tout vil la debake pou y al kontre Jezi. Lè yo jwenn li, yo mande l tanpri souple pou l kite zòn nan.

Currently Selected:

Mat 8: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy