YouVersion Logo
Search Icon

Mat 10

10
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
(Mak 3:13-19; 6:7-13; Lik 6:12-16; 9:1-6)
1Jezi rele douz disip yo, li ba yo otorite sou tout move lespri, pou yo chase demon epi geri tout kalite maladi. 2Men non douz apot yo:
An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè)
epi frè li ki rele Andre,
Jak pitit Zebede
ansanm ak frè li Jan,
3Filip ak Batèlmi,
Toma ak Matye,
pèseptè kontribisyon an,
Jak pitit Alfe ak Tade,
4Simon, zelòt la ak
Jida Iskaryòt, sila a ki te trayi Jezi.
5Anvan Jezi voye yo douz apot yo pati pou misyon an, men lòd Jezi te bay: “Evite tout zòn payen yo. Pa antre nan vil Samariten. 6Ale sèlman nan zòn kote Juif yo ye. Yo tankou yon bann mouton ki pèdi patiray. 7Ale di yo: Wayòm syèl la pa lwen. 8Geri malad yo. Resisite moun mouri. Geri moun ki gen lèp yo. Chase demon. Nou resevwa gratis, bay moun gratis. 9Nou pa bezwen pote lajan pòch. 10Nou pa bezwen pote sak pwovizyon. Nou pa bezwen pote rad derechany oswa sandal pou n mete. Nou pa bezwen pote baton. M di nou sa, paske ouvriye a merite salè li.
11Lè nou antre nan yon gwo vil oswa yon ti vil, chache konnen kay ki moun serye nou ka desann, epi rete la jouktan nou kite zòn sa a. 12Lè n ap antre nan yon kay, se pou nou di: Lapè! 13Si moun ki nan kay la byen resevwa w, se moun ki merite salitasyon lapè w pote a. Lapè w la ap rete nan kay la. Men, si yo mal resevwa w, yo pa merite menm salitasyon lapè w la. Lapè a ap retounen vin jwenn ou. 14Lè yo pa vle resevwa nou nan yon kay oubyen nan yon vil, lè yo pa vle resevwa nou, soti kite lavil la epi souke pousyè nan pye nou kòm yon avètisman pou yo. 15M ap di nou sa: nan jou jijman an, bagay la ap pi rèd pou moun lavil sa a pase pou moun Sodòm ak Gomò.#10:15 Sodòm ak Gomò Se 2 vil nan Ansyen Testaman ki te repite anpil poutèt mechanste ak imoralite yo. Bondye te detwi yo ak dife depi nan tan Abraram. Gade nan Jen 19.
Jezi avèti disip yo sou kèk moman difisil
(Mak 13:9-13; Lik 21:12-17)
16Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon. 17Fè atansyon! Yo gen pou yo arete nou, jije nou nan tribinal. Yo gen pou yo bat nou nan sinagòg. 18Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo. 19Lè yo arete nou, nou pa bezwen ap kraze tèt nou sou kisa nou pral di oubyen kijan nou pral di l. Lè lè a rive pou n pale, pawòl ap vin nan bouch nou san pwoblèm. 20Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale.
21Frè pral leve kont pwòp frè yo. Y ap livre yo bay lòt moun pou yo touye. Papa pral livre pwòp pitit yo bay lòt moun pou yo touye. Pitit pral leve kont pwòp paran yo epi touye yo. 22Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen. 23Lè y ap maltrete nou nan yon vil, al pran refij nan yon lòt. Mwen ba nou garanti nou p ap gen tan pran refij nan tout vil nan peyi Izrayèl anvan Pitit Lòm nan retounen.
24Yon elèv pa pi fò pase pwofesè l. Ni, esklav la pa pi enpòtan pase mèt li. 25Elèv la kontan pou l tankou pwofesè li. Esklav la kontan pou l tankou mèt li. Si mwen menm ki tèt fanmi lan, yo gentan rele m Bèlzebil,#10:25 Bèlzebil Se non yo te bay chèf denmon yo. nou pa menm bezwen mande kijan yo pral trete nou, nou menm ki fè pati menm fanmi lan.
Gen krentif pou Bondye, pa pè lòt moun
(Lik 12:2-7)
26Nou pa bezwen pè moun sa yo. Pa gen anyen ki kache ki p ap dekouvri yon jou. Pa gen anyen sekrè ki p ap devwale. 27Sa m ap di nou an prive, nou mèt di l devan tout moun. Sa m ap di nou nan zòrèy, nou mèt monte sou tèt yon kay pou repete l byen fò.
28Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a men ki pa ka fè nanm lan anyen. An nou pè Bondye pito, li menm ki ka detwi ni kò a ni nanm lan nan dife lanfè. 29Gen zwazo ki tèlman piti, ou ka vann yon pè pou yon ti kòb ki pa itil anyen. Poutan pa gen youn nan ti zwazo sa yo ki ka tonbe atè san pèmisyon Papa a. 30Bondye konte menm ata konbyen pye cheve ki nan tèt ou. 31Ou pa bezwen pè, paske ou gen plis valè pase anpil ti zwazo.
Ou pa bezwen jennen devan moun poutèt lafwa w
(Lik 12:8-9)
32Nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di se moun mwen li ye, mwen ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: moun sa a se moun mwen. 33Men nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di li pa rekonèt mwen, m ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: mwen pa rekonèt li non plis.
Swiv Jezi ka pote anpil pwoblèm
(Lik 12:51-53; 14:26-27)
34Pa mete nan tèt nou mwen vin pote lapè sou latè. Mwen pa vin pote lapè, mwen pote latwoublay. 35Mwen vini pou m
mete dozado papa ak pitit gason l,
manman ak pitit fi l,
bèlmè ak bèlfi l.
36Se pwòp fanmi yon nonm ki pral fè l lènmi.#10:35-36 Gade nan Mi 7:6.
37Nenpòt moun ki renmen manman l ak papa l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. Nenpòt moun ki renmen pitit gason l oswa pitit fi l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. 38Nenpòt moun ki pa pare pou l mouri sou lakwa poutèt l ap swiv mwen pa diy pou l se disip mwen. 39Moun k ap chache konsève lavi l ap gen pou yo pèdi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen ap gen pou jwenn vrè lavi a.
Bondye ap beni moun ki byen resevwa w
(Mak 9:41)
40Nenpòt moun ki resevwa w, se mwen menm yo resevwa. Nenpòt moun ki resevwa m resevwa sila a ki voye m nan. 41Nenpòt moun ki resevwa yon pwofèt paske l se pwofèt ap resevwa rekonpans yon pwofèt. Nenpòt moun ki resevwa yon moun fidèl paske l fidèl ap resevwa rekonpans yon moun fidèl. 42Nenpòt moun ki bay youn nan pi piti pami disip mwen yo yon vè dlo frèt, li p ap janm pèdi l.”

Currently Selected:

Mat 10: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy