YouVersion Logo
Search Icon

Jan 7

7
Jezi avèk frè li yo
1Apre sa, Jezi te fè laviwonn teritwa Galile a. Li pa t vle ale nan peyi Jide, paske chèf Jwif yo t ap chache touye li. 2Se te moman Jwif yo te pral fete Fèt Tant yo. 3Se poutèt sa frè l yo te di l: “Ou ta sipoze pati ale Jide nan fèt la. Konsa, tout disip ou yo ta wè mirak ou ap fè yo. 4Si ou vle anpil moun konnen ou, ou pa dwe ap kache sa ou fè. Si ou kapab fè bagay ekstraòdinè sa yo, kite tout moun wè yo.” 5Frè Jezi yo te pale kon sa paske menm yo menm yo pa t kwè nan li.
6Jezi di yo: “Mwen poko pare pou m al Jerizalèm, lè m poko rive. Men, pou nou menm, nou pa gen okenn lè espesyal, tout lè se menm pou nou. 7Lemonn pa kapab rayi nou. Men lemonn rayi mwen, paske m ap di moun nan lemonn zèv yo pa bon. 8Alò nou mèt ale. Mwen pa prale kounye a, paske tan pa m nan poko rive.” 9Lè Jezi fin di sa, li rete nan peyi Galile.
10Alò frè l yo pati y al nan fèt la. Lè yo fin pati, Jezi pati tou, men l te ale an sekrè. 11Lidè Jwif yo t ap chache li nan fèt la. Yo t ap di: “Kote nonm nan?”
12Te gen anpil moun la. Anpil nan yo t ap pale an sekrè antre yo de Jezi. Kèk nan yo te di: “Se yon nonm de byen li ye.” Men kèk lòt t ap di: “Se pa vre, mesye ap twonpe moun yo.” 13Men pa t gen yon moun ki te brav ase pou l ta pale de li pou tout moun tande. Yo te pè lidè Jwif yo.
Jezi ap anseye nan Jerizalèm
14Peryòd fèt la te deja nan mwatye konsa, Jezi ale nan tanp lan epi Li te kòmanse anseye. 15Lidè Jwif yo te sezi epi yo di: “Kòman nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa te janm etidye menm jan ak nou!”
16Jezi reponn: “Sa m ap anseye pa soti nan mwen menm. Ansèyman mwen soti nan moun ki voye m nan. 17Moun ki vle fè sa Bondye vle reyèlman, y ap kapab konnen si ansèyman sa a soti nan Bondye oubyen si li soti nan mwen menm sèlman. 18Nenpòt moun k ap anseye pwòp panse pa l, l ap chache glwa pou pwòp tèt li. Men yon moun k ap chache glwa pou moun ki voye li, yo kapab kwè l. Yon moun ki aji kon sa p ap nan manti. 19Moyiz te ban nou Lalwa, pa vre? Men nou pa obeyi Lalwa a. Si nou obeyi Lalwa, pou kisa n ap chache touye m?”
20Moun yo reponn: “Yon demon fè w fou! Nou p ap eseye touye w pyès.”
21Jezi di yo: “Mwen te fè yon mirak yon jou saba, epi nou tout te choke. 22Nou obeyi Lalwa Moyiz te bay sou sikonsizyon an epi pafwa nou fè l nan jou repo a. (Men an reyalite se pa Moyiz ki ban nou sikonsizyon an. Li soti depi zansèt nou yo ki t ap viv anvan Moyiz.) Wi, byen souvan nou sikonsi ti bebe gason yo nan jou repo a. 23Konsa, nou travay nan jou repo a! Nou retire yon ti moso po nan sèks yon bebe jou repo a! Nou fè sa pou n evite vyole Lalwa Moyiz la! Alò, pou kisa nou leve kont mwen poutèt mwen geri yon nonm totalman nan jou repo a? 24Ann sispann jije sou laparans. Ann jije yon fason ki dwat.”
Moun yo ap mande si se Jezi ki Kris la
25Kèk nan moun Jerizalèm yo di: “Men nonm y ap eseye wè si yo ta touye a. 26Men l ap anseye kote tout moun kapab ni wè li ni tande li. Epi pèsonn pa eseye anpeche l fè sa. Petèt lidè yo te deside se li ki Mesi a vrèman. 27Men, lè vrè Mesi va vini, pèsonn p ap konnen kote l soti. Nonm sa a, nou konnen moun ki kote li ye.”
28Jezi te kontinye ap anseye kote l te ye nan tanp lan, li di byen fò: “Èske nou konnen ki moun ye ak kote mwen soti vrèman? Mwen vini isit la, men se pa ak pwòp desizyon mwen. Moun ki voye m an merite tout konfyans nou. Men nou pa konnen li. 29Mwen konnen l paske se kote l mwen soti, epi se li menm ki voye m.”
30Lè Jezi di sa, moun yo t ap eseye arete li. Men pa t gen yon moun ki te kapab mete men sou Li. Paske jou li pa t ko rive. 31Men te gen anpil nan moun sa yo ki te kwè nan Jezi. Yo di: “Nonm sa a tèlman fè mirak. Lè Mesi a va vini, èske l ap ka fè plis mirak pase nonm sa a?”
Lidè Jwif yo ap chache arete Jezi
32Farizyen yo te tande sa moun yo t ap di sou Jezi. Alò, chèf prèt yo mete ak Farizyen yo, yo voye kèk nan moun ki t ap fè polis nan tanp lan pou arete li. 33Alò Jezi di: “Mwen avèk nou pou yon ti kras tan ankò. Epi m ap retounen jwenn moun ki te voye m nan. 34Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen. Epi nou p ap kapab vini kote m prale a non plis.”
35Jwif yo t ap di antre yo: “Ki kote pou nonm sa a ale pou nou pa jwen li? Èske se nan vil Grèk yo li pral abite, kote moun pa nou yo ye? Èske li pral anseye Grèk yo laba a?” 36Yo t ap mande youn lòt, “Ki sa Jezi te vle di lè l di: Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen, epi Nou p ap kapab ale kote m prale a?”
Jezi pale osijè Sentespri a
37Dènye jou fèt la te rive. Se jou pi ki enpòtan an. Nan Jou sa a, Jezi kanpe epi li di byen fò: “Nenpòt moun ki swaf kapab vini jwenn mwen, epi nenpòt moun ki kwè nan mwen va bwè! 38Si yon moun kwè nan mwen, Bib la di sous dlo va koule soti nan kè li.” 39Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li.
Moun ap fè diskisyon sou Jezi
40Lè moun yo te tande sa Jezi di yo, gen nan yo ki di: “Nonm sa a se Pwofèt#7:40 Pwofèt Li pwobab sa vle di pwofèt Bondye te di Moyiz li t ap voye a. Gade nan Det 18:15-19. la vre.”
41Te gen lòt moun ki t ap di: “Se li menm ki Kris la.”
Te gen lòt ankò ki t ap di: “Kris la p ap soti nan Galile, pa vre? 42Bib la di Kris la ap soti nan fanmi David. Epi yo di se Bètleyèm l ap soti, lavil kote David te rete a.” 43Konsa tout moun pa te gen menm opinyon sou Jezi. 44Kèk nan yo te vle arete Li. Men pèsonn pa t eseye fè sa.
Kèk lidè Jwif derefize kwè
45Polis tanp lan te retounen ale jwenn chèf prèt ak Farizyen yo. Prèt yo ak Farizyen yo te mande yo: “Pou kisa nou pa mennen Jezi vini?”
46Polis tanp lan te reponn: “Nou pa janm tande moun pale menm jan ak nonm sa a.”
47Farizyen yo reponn: “Alò, nonm nan pran tèt nou tou! 48Nou pa wè youn pami lidè yo, ni pami nou menm Farizyen ki kwè nan Li, pa vre? 49Sèl moun ki kwè nan li se foul la, ki se yon bann moun modi, paske yo pa konnen anyen nan Lalwa a!”
50Men, Nikodèm te la nan gwoup sa a. Se li menm ki t ale wè Jezi anvan sa.#7:50 Se li menm … anvan sa Se istwa ki rakonte Nikodèm t al pale ak Jezi nan Jan 3:1-21. Li te di: 51“Èske Lalwa nou an pèmèt nou jije moun anvan nou tande yo, pou nou chache konnen kisa yo fè?” 52Lidè Jwif yo reponn: “Gen lè se moun Galile ou ye tou! Etidye Bib la. Èske ou ap jwenn okenn pwofèt#7:52 pwofèt De nan ansyen kopi Grèk yo genyen “Pwofèt la”, sa ta vle di “pwofèt tankou Moyiz la” ki pale nan Det 18:15. Nan Trav 3:22; 7:37 tout moun konprann sa vle di Mesi a, menm jan ak nan vèsè 40 ki anvan sa. ki soti Galile?”
Yon fanm yo kenbe nan adiltè
53 # 7:53 Kopi ki pi ansyen epi ki pi bon yo pa genyen 7:5–8:11. Apre sa, yo tout pati ale lakay yo.

Currently Selected:

Jan 7: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy