YouVersion Logo
Search Icon

Jan 6

6
Jezi bay plis pase 5,000 moun manje
(Mat 14:13-21; Mak 6:30-44; Lik 9:10-17)
1Apre sa, Jezi travèse lak Galile a. Yo rele l lak Tiberyad tou. 2Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo. 3Jezi monte sou mòn nan epi li chita la avèk disip li yo. 4Se te prèske lè pou fèt Pak Jwif yo.
5Lè Jezi gade tout foul moun sa yo ki t ap pwoche kote l, li di Filip konsa: “Ki kote nou kapab achte pen pou tout moun sa yo manje?” 6Li te poze Filip kesyon sa a pou l te sonde l, paske Jezi te gentan konnen kisa li t apral fè.
7Filip reponn Li: “200 denye#6:7 denye Yon denye se lajan yon moun te touche pou yon jounen travay. 200 denye se lajan yon moun te touche pou 200 jou travay. Yon sòm lajan 200 denye, se te salè yon moun pou 8 mwa travay. pen pa ta sifi pou chak moun ta jwenn ti moso!”
8Te gen yon lòt disip la ki te rele Andre, frè Simon Pyè a. Andre di: 9“Men yon ti gason avèk senk pen ak de ti pwason. Pou di vre, sa sa ka fè pou tout moun sa yo?”
10Jezi di: “Fè tout moun chita.” Se te yon kote ki te genyen anpil zèb, senk mil moun kon sa te chita sou zèb yo. 11Jezi pran pen yo epi li priye Bondye pou remèsye li. Alò, li bay moun ki t ap tann pou yo manje yo. Epi, li fè menm bagay ak pwason yo. Li bay moun yo kantite yo te vle.
12Yo tout te manje vant deboutonnen. Lè yo fin i, Jezi di disip li yo: “Ranmase moso pwason ak moso pen moun yo pa fin manje yo. Pa gaspiye anyen.” 13Konsa, yo ranmase moso ki te rete yo, yo ranpli douz panye ak moso ki te rete nan senk pen yo, lè tout moun te fin manje.
14Moun ki te wè mirak sa a Jezi te fè a, yo di: “Se sèten, se li ki pwofèt#6:14 pwofèt Li pwobab yo te vle pale de pwofèt Bondye te di Moyiz li t ap voye a. Gade nan Det 18:15-19. ki te gen pou vini nan lemonn nan.”
15Jezi konnen moun yo t ap fè plan pou vin pran li epi mete l wa alatèt yo. Alò li pati epi l al nan mòn yo poukont li.
Jezi mache sou dlo
(Mat 14:22-27; Mak 6:45-52)
16Nan aswè, disip Jezi yo te desann ale nan lak la. 17Li te fènwa, epi Jezi pa t ankò retounen vini jwenn yo. Yo antre nan yon bato epi yo kòmanse avanse pou travèse lak la pou ale Kapènawòm. 18Van an t ap soufle byen fò. Lanm lanmè ki te sou lak la te vin pi fò toujou. 19Disip yo te avanse senk ou sis kilomèt#6:19 senk ou sis kilomèt Literalman, “25 ou 30 stadia”. konsa, epi yo wè Jezi. Li t ap mache sou dlo a vini toupre bato a. Disip yo te pè anpil. 20Men li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen menm.” 21Lè li di sa, yo te vle mete l nan bato a. Epi tousuit apre, bato a rive kote yo t aprale a.
Moun yo t ap chache Jezi
22Yon foul moun te rete sou lòtbò lak pou jis demen. Yo te konnen Jezi pa t pati avèk disip li yo nan bato a. Yo te konnen disip yo te pati tou sèl nan bato a. Epi yo te konnen tou se te sèl bato ki te genyen la a. 23Men te gen kèk lòt bato ki te vini soti Tiberyad, yo te rete toupre kote moun yo te manje nan ayè a. Se te menm kote yo te manje pen an apre Senyè a te fin di Bondye mèsi. 24Moun yo gade yo wè Jezi pa t la. Alò, yo pran bato, yo pati ale Kapènawòm pou chache jwenn kote Jezi ye.
Jezi, pen lavi a
25Pèp la jwenn Jezi sou lòtbò lak la. Yo mande li: “Mèt, depi ki lè ou vin isit la?”
26Jezi reponn yo: “Se vre! Nou byen konprann mwen te dwe vini ak pouvwa Bondye. Men, mwen kapab konstate, se pa paske nou wè mirak n ap chache m. N ap chache m paske nou te manje pen epi vant nou te plen. 27Men manje latè pa dire, yo gate fasil. Pa fè efò pou manje sa a, men travay pito pou nou jwenn manje ki va dire epi ki va bay lavi etènèl. Pitit Lòm nan va ban nou manje sa a. Se li menm sèl Bondye Papa a kalifye pou ban nou li.”
28Pèp la mande Jezi: “Alò, Ki zèv Bondye mande nou fè, pou l ka voye Pitit Lòm nan pou ban nou manje sa a?”
29Jezi reponn: “Men sa Bondye vle nou fè se kwè nan moun li gentan voye a.”
30Konsa, moun yo mande Li: “Ki mirak ou ap fè pou nou wè? Si nou wè ou fè yon mirak, n ap kwè nan ou. Ki sa ou fè? 31Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Tankou jan Bib la di l: Li te ba yo pen ki soti nan syèl pou yo manje.”#Sòm 78:24.
32Jezi di: “Amèn! Sa Bib la di a se vre, se pa Moyiz ki te bay moun yo pen ki soti nan syèl. Men se Papa m ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. 33Pen Bondye bay la se sa ki soti nan syèl la epi ki bay lemonn lavi.”
34Moun yo di konsa: “Mesye, toujou ban nou pen sa a.”
35Alò Jezi di: “Se mwen menm ki pen ki bay lavi a. Nenpòt moun ki vin jwenn mwen p ap janm grangou ankò. Nenpòt moun ki kwè nan mwen p ap janm swaf ankò. 36Mwen te di nou sa a epi nou wè sa mwen ka fè,#6:36 sa mwen ka fè Oubyen “mwen”, nou jwenn sa tou nan anpil kopi Grèk, men li pa nan 2 kopi ki pi ansyen epi ki pi bon yo. men nou toujou pa kwè mwen. 37Sa se pwoblèm pa nou, men se pa pwoblèm pa m. Tout sa Papa a te pwomèt mwen ap vin jwenn mwen. E mwen p ap janm rejte youn nan yo. 38Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle. 39Men sa Papa a ki voye m nan vle m fè: Li pa vle m pèdi pèsonn nan sa l te ban mwen yo. Non! Nan dènye jou a, m ap gen pou m resisite yo. 40Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”
41Kèk Jwif t ap kritike Jezi paske li te di: “Pen ki soti nan syèl la, se mwen menm.” 42Yo di: “Se pa Jezi sa, pitit Jozèf la? Nou konnen papa l ak manman l. Kòman li fè di kounye a: Mwen desann soti nan syèl?”
43Men Jezi te di yo: “Sispann kritike m!” 44Se Papa Bondye ki voye m, pa gen yon moun Papa a pa voye ban mwen ki kapab vin jwenn mwen. M ap resisite yo nan dènye jou a. 45Men sa pwofèt yo di: “Bondye va anseye yo tout.”#Eza 54:13. Nenpòt moun ki tande epi ki aprann sa Papa Bondye di, se yo menm ki vini jwenn mwen. 46Mwen pa vle di te janm gen yon moun ki te wè Bondye Papa a. Yon sèl moun ki te janm wè Bondye Papa a, se moun Bondye voye a. Li menm, li wè Bondye Papa a.
47Mwen kapab asire nou, nenpòt moun ki kwè, li genyen lavi etènèl. 48Mwen se pen ki bay lavi a. 49Zansèt nou yo te manje lamàn Bondye te ba yo nan dezè a, men sa pa t anpeche yo mouri. 50Men sa m ap di, m ap di se mwen menm ki pen ki soti nan syèl la. Menm jan li te soti nan syèl, moun te ka manje ladan epi yo te ka viv, mwen vini pou nou kapab viv. 51Mwen se pen vivan an ki desann soti nan syèl. Nenpòt moun ki manje nan pen sa a, l ap viv pou tout tan. Pen sa m ap bay la, se kò mwen. M ap bay li, kon sa moun nan lemonn kapab gen lavi lè m va mouri pou yo.
52Alò, Jwif yo te pran fè yon diskisyon byen fache. Yo t ap di: “Kòman nonm sa a ap fè pou li ban nou manje kò l la?”
53Jezi di: “Amèn, amèn! Nou poze yon bèl kesyon. Si nou menm nou pa manje kò Pitit Lòm nan epi bwè san li, nou p ap gen lavi etènèl nan nou. 54Moun ki pran tan yo ak plezi yo nan manje kò mwen ak bwè san mwen, yo deja genyen lavi etènèl. Pou mwen menm, m ap resisite yo nan dènye jou a. 55Kò m se yon manje toutbon, epi san m se yon bwason toutbon. 56Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen.
57Bondye Papa a te voye m. L ap viv, epi mwen menm m ap viv tou, poutèt li menm. Konsa, nenpòt moun ki pran tan l ak plezi l pou l manje mwen, l ap viv poutèt mwen menm. 58Se sa Pen ki desann soti nan syèl la vle di. Se pa menm jan ak pen zansèt nou yo te manje a. Pen sa a pa t anpeche yo mouri. Moun k ap pran plezi pou l manje pen m ap pale a, l ap viv pou tout tan.”
59Jezi te di tout bagay sa yo pandan l t ap anseye nan sinagòg la, nan lavil Kapènawòm.
Anpil nan disip yo vire do bay Jezi
60Lè disip Jezi yo tande sa, anpil nan yo di: “Ansèyman sa a di, ki moun ki kapab aksepte sa?”
61Jezi te gentan konnen disip li yo t ap plenyen pou sa. Konsa li di yo: “Èske ansèyman sa a se yon pwoblèm pou nou? 62Alò kisa nou va panse lè nou va wè Pitit Lòm nan monte ale kote li te soti a? 63Se Sentespri a ki bay lavi. Kò a pa vo anyen nan bagay konsa. Men bagay mwen di nou yo soti nan Sentespri a, yo bay lavi. 64Men gen kèk nan nou ki pa kwè.” (Jezi te konnen moun ki pa t kwè yo. Li te konnen sa depi okòmansman. Epi Li te konnen kilès ki ta livre li bay lènmi li yo tou.) 65Jezi di: “Se pou sa mwen te di nenpòt moun pa kapab vini jwenn mwen si Bondye Papa a pa ede li vini.”
66Lè Jezi fin di pawòl sa yo, anpil nan disip li yo vire do ba li, epi yo sispann swiv li.
67Jezi mande douz disip yo: “Nou pa ta renmen ale tou?”
68Simon Pyè reponn li: “Senyè, ki kote pou n ta ale? Se ou ki genyen pawòl ki bay lavi etènèl la. 69Nou kwè nan ou. Nou konnen se ou menm ki Moun Bondye konsakre a.”
70Jezi reponn: “Se mwen menm ki chwazi nou douz la. Men gen youn nan nou se yon move lespri#6:70 move lespri Jezi vle di Jida pral fè zèv Satan lè l va livre Jezi bay lènmi l yo. li ye.” 71Li t ap pale de Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Jida se te youn nan douz disip yo, men kèk tan apre, li te trayi Jezi lage l bay lènmi li yo.

Currently Selected:

Jan 6: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy