YouVersion Logo
Search Icon

Jan 8

8
1Jezi li menm te monte sou mòn Oliv la. 2Gran bonè nan maten, li te retounen nan tanp lan. Tout pèp la te vin jwenn li, epi li te chita li t ap anseye yo.
3Eskrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm yo te kenbe nan adiltè bay Jezi. Yo fòse fanm nan kanpe devan tout moun. 4Yo di Jezi konsa: “Mèt, nou kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. 5Lalwa Moyiz la mande pou nou touye yon moun kon sa ak kout wòch, epi ou menm, kisa ou di?”
6Yo te pale kon sa pou yo te kapab pran Jezi nan pyèj. Yo t ap chache yon okazyon pou akize li. Men Jezi bese epi li t ap trase atè a ak dwèt li. 7Tout tan l ap ekri a lidè Jwif yo te kontinye poze l kesyon. Lè sa a, Jezi kanpe li gade mesye yo epi li di: “Nenpòt moun la a ki san peche, ba l premye kout wòch la.” 8Epi Jezi bese ankò, li t ap trase atè a.
9Lè yo tande sa, yo tonbe glise kò yo youn apre lòt, Kòmanse sou sa k te pi granmoun nan jouktan Jezi te rete poukont li ak fanm nan kanpe nan menm plas la. 10Jezi kanpe epi li di: “Madam kote moun yo? Pa gen yon moun ki kondane w?”
11Madam nan reponn: “Non Senyè!”
Lè sa a Jezi di li: “Mwen menm tou, mwen pa kondane w. Ou mèt ale, men yon sèl bagay, pa peche ankò.”
Jezi se limyè lemonn
12Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”
13Men, Farizyen yo di Jezi konsa: “Apa ou ap fè lwanj pwòp tèt ou, pèsonn pa kapab sèten si temwanyaj ou a se verite a.”
14Jezi reponn, li di yo: “Menmsi m ap pale de tèt mwen, sa m ap di a kòrèk, paske m konn kote m soti ak kote m prale. Men nou menm, nou pa konnen kote m soti ni kote m prale. 15Nou jije nan fason lèzòm jije. Men mwen menm, mwen pa jije pèsonn. 16Men, si m ap jije, jijman m ap kòrèk, paske m pa poukont mwen. Men Papa a ki voye m nan li ansanm ak mwen. 17Se pwòp lalwa nou an ki di lè de temwen di menm bagay la, nou dwe aksepte sa yo di a. 18Mwen temwanye pou mwen menm. Epi Papa m ki voye m nan se yon lòt temwen pou mwen.”
19Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?”
Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.” 20Jezi te di pawòl sa yo pandan l t ap anseye nan tanp lan, nan plas kote yo mete ofrann yo ranmase nan tanp lan. Men pèsonn pa t arete li paske jou l pa t ko rive.
Kèk Jwif pa konprann Jezi
21Yon lòt fwa ankò, Jezi di moun yo: “Mwen prale. Yon jou n ap gen pou n chache m, men nou gen pou n mouri nan peche nou. Kote m prale a, nou pa gen pouvwa rive la.”
22Konsa, lidè Jwif yo t ap poze tèt yo kesyon, “Ou kwè nonm nan ta touye tèt li? Paske li di kote l prale a nou pa gen pouvwa pou n al la?”
23Jezi di yo tou: “Nou menm, nou se moun isiba, mwen menm, mwen se moun anwo nan syèl la; nou menm, nou se moun mond sa a, mwen menm mwen pa moun mond sa a. 24Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a,#8:24 mwen ye a Ekspresyon sa a se menm bagay ak non Bondye ki itilize nan Ansyen Testaman an. Gade nan Egz 3:14 epi tou Eza 41:4; 43:10. Li kapab vle di tou “se men menm ki,” sa vle di “Se mwen menm ki Mesi a.” Menm bagay nan vèsè 28, 58. n ap mouri nan peche nou.”
25Lè sa a, yo di Jezi: “Ki lès ou ye?”
Jezi reponn yo: “Sa m te toujou ap di nou depi nan kòmansman an. 26Mwen gen anpil bagay pou m ta kritike pi plis toujou sou nou. Men, m ap di nou sa m tande moun ki voye m nan di sèlman, epi sa l di se verite a.”
27Yo pa t konprann li t ap pale yo de Bondye, Papa li. 28Jezi di yo konsa: “Lè n a fin leve Pitit Lòm nan mete anlè#8:28 mete anlè Leve Pitit Lòm mete anlè, sa kapab vle di “onore yon moun” nan kèk ka. Men, isit la, li vle di “leve mete sou yon kwa oubyen krisifye” moun nan, retire l sou latè, touye l. sou yon kwa, n a konnen ki moun mwen ye, epi n a konnen mwen pa fè anyen ak pwòp otorite m, men mwen di sa Papa a te anseye m. 29Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.” 30Lè l t ap di bagay sa yo konsa, anpil moun te kwè nan li.
Jezi ap pale de libète pou nou pa peche
31Jezi di Jwif ki te kwè nan li yo: “Si nou obeyi pawòl mwen yo, n ap disip mwen toutbon vre, 32epi n ap konnen verite a, epi se verite a k ap ban nou libète.”
33Yo reponn li konsa: “Se pitit pitit Abraram nou ye, epi nou pa t janm esklav pèsonn, kijan ou fè di n ap vin lib?”
34Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, tout moun k ap pratike peche se esklav peche yo ye. 35Yon esklav pa rete avèk yon fanmi pou tout tan. Men yon pitit kay, li menm, li nan fanmi lan pou tout tan. 36Konsa, si se pitit la ki libere w, ou lib toutbon vre. 37Mwen konnen se nan ras Abraram nou soti, men n ap chache touye m, se paske pawòl mwen yo pa fè anyen nan nou. 38Mwen menm, mwen pale de sa Papa m montre m, men nou menm, nou fè sa pwòp papa pa nou di nou fè.”
39Yo reponn li: “Papa nou se Abraram.”
Jezi di yo: “Si nou te pitit Abraram, nou ta fè menm bagay ak Abraram. 40Mwen menm, m ap di nou verite a mwen tande ki soti nan Bondye, men kounye a n ap chache touye m. Abraram pa fè bagay konsa. 41Nou menm n ap fè travay papa nou.”
Lè sa a, yo reponn li: “Nou pa pitit deyò, nou gen yon sèl papa, se Bondye.”
42Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m. 43Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m. 44Se dyab la ki papa nou, epi nou vle fè sa papa nou vle nou fè. Li menm, depi okòmansman, se metye touye moun li fè. Li pa janm pale verite a, paske verite a pa nan li menm. Lè l ap bay manti, se nan pwòp trezò li li pran li. Li mantè epi se papa bay manti li ye.
45Men paske m di nou verite a, nou pa kwè m. 46Kilès nan nou ki kapab montre m mwen fè peche? Si m di nou verite a pou kisa nou pa kwè m? 47Moun ki soti nan Bondye koute sa Bondye di. Rezon ki fè nou pa koute se paske nou pa soti nan Bondye.”
Jezi ak Abraram
48Jwif yo reponn li: “Ou pa wè nou gen rezon di ou se yon Samariten, ou gen move lespri nan tèt ou.”
49Jezi reponn yo: “Non, mwen pa gen okenn move lespri nan tèt mwen, men m ap onore Papa m, epi nou menm n ap dezonore m. 50Mwen menm, se pa glwa m ap chache pou tèt mwen. Gen yon moun k ap chache l (pou mwen) epi k ap jije. 51An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”
52Lè sa a, Jwif yo di li konsa: “Kounye a nou konnen ou gen yon move lespri nan tèt ou. Abraram mouri, ata pwofèt yo mouri, epi ou menm ou ap vin di: Si yon moun resevwa pawòl ou li p ap janm mouri. 53Èske ou pi gran pase Abraram, zansèt nou? Li menm li mouri, epi pwofèt yo mouri tou. Ki sa ou kwè ou ye?”
54Jezi reponn yo: “Si se mwen k ap fè lwanj pou tèt mwen, lwanj mwen an pa vo anyen. Se Papa m ki fè lwanj pou mwen, li menm n ap di se Bondye nou an. 55Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye. 56Abraram, papa nou, te kontan nèt lè l sèlman panse mwen gen pou m vini. Li te kontan nèt, lè l te wè jou sa a rive.”
57Lè sa a, Jwif yo di li: “Ou poko menm gen senkant an epi ou di ou te wè Abraram!”
58Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, anvan Abraram te la, mwen la.” 59Lè sa a yo ranmase wòch pou yo te touye li, men Jezi te kache epi li chape kò l soti nan tanp lan.

Currently Selected:

Jan 8: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy