YouVersion Logo
Search Icon

Jan 4

4
Jezi ak fanm peyi Samari a
1Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase #Jan 3.22,26 Jan, li t'ap batize plis moun pase l tou. 2(Men, #1 Kor 1.17 pou di vre, Jezi pat janm batize pèsonn. Se disip li yo ki t'ap batize.) 3Lè Jezi vin konn sa, li kite peyi Jide, li tounen nan peyi Galile. 4Sou #Lik 9.52 wout la, fòk li te pase nan mitan peyi Samari.
5Li #Jen 48.22; Joz 24.32 rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l lan. 6Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa.
7Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l konsa:
— Tanpri, ban m ti gout dlo pou m bwè.
8(Disip li yo te ale lavil la achte manje.) 9Fanm #Lik 9.53 Samari a di Jezi konsa:
— Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pat gen rapò ak moun Samari.)
10Jezi #Jan 7.38,39 reponn li:
— Si ou te konnen kado Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo a, se ou menm atò ki ta mande li ba ou ti gout dlo. Lè sa a, li ta ba ou nan dlo ki bay lavi a.
11Fanm lan di li:
— Mesye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a? 12Se #Jan 8.53 Jakòb, zansèt nou ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo, tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Eske ou vle di ou pi gran pase Jakòb ki te ban nou pi a?
13Jezi #Jan 6.58 reponn li:
— Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l swaf dlo ankò. 14Men, #Jan 6.27,35; Jan 7.37-39 moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.
15Fanm lan di l:
— Tanpri, mesye, ban m ti gout nan dlo sa a non pou m bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo.
16Jezi di l konsa:
— Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la.
17Fanm lan reponn:
— Mwen pa gen mari.
Jezi di l konsa:
— Ou gen rezon di ou pa gen mari. 18Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou kounyeya, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m manti.
19#1 Kor 14.24,25; Jan 9.17 sa a, fanm lan di l:
— Gen lè ou se yon pwofèt, mesye? 20Zansèt #Det 12.5; Sòm 122.1-9 nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm.
21Jezi #Mak 14.58 reponn li:
— Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n sèvi Papa a. 22Nou #2 Wa 17.29-41; Eza 2.3 menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap sòti. 23Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. 24Bondye, #Wòm 12.1; 2 Kor 3.17 se Lespri. Fòk tout moun k'ap adore li, adore sou gid Sentespri a ak nan laverite.
25Fanm #Jan 1.41 lan di:
— Mwen konnen Sovè a, moun yo rele Kris la, li gen pou li vini. Lè l'a vini, l'a esplike nou tout bagay.
26Jezi #Jan 9.37; 10.25 reponn li:
— Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la.
27Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l: Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li?
28Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen l'al lavil la. Li di moun yo:
29— Vini wè yon nonm ki di m tou sa m fè. Eske nou pa kwè se Kris la?
30Moun yo sòti lavil la, yo vin jwenn Jezi. 31Disip yo menm, bò pa yo, yo te cho nan kò Jezi pou li manje. Yo t'ap di li:
— Tanpri, Mèt, pran kichòy non!
32Men, #Jan 4.34 li reponn yo:
— Mwen gen pou m manje yon manje nou pa konnen.
33Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt:
— Gen lè yon moun pote manje ba li.
34Jezi #Jan 17.4 di yo:
— Manje pa m, se fè volonte moun ki voye m lan. Se pou m fin fè travay li ban m fè a. 35Nou #Mat 9.37; Lik 10.2 menm, nou di: Nan kat mwa ankò, nou pral fè rekòt. Enben, mwen menm, mwen di nou: Pwonmennen je nou gade jaden yo byen. Rekòt yo gentan pare, yo bon pou ranmase. 36Yo gentan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan. Moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li. 37Sa #Mi 6.15 pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase. 38Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pat travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo.
39Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m tou sa m fè. 40Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l pou l rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la. 41Te gen anpil lòt moun ankò ki te kwè nan li, poutèt sa Jezi menm t'ap di yo. 42Yo #1 Jan 4.14 di fanm lan:
— Si koulyeya nou kwè, se pa sèlman poutèt sa ou te rakonte nou an non, men tou se paske nou tande li, nou menm menm, ak pwòp zòrèy nou. Nou vin gen konviksyon se li menm vremanvre ki Sovè lemonn lan.
Jezi geri pitit yon gwo fonksyonè
43#Mat 4.12 Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, l'ale nan peyi Galile. 44Paske, #Mat 13.57; Mak 6.4; Lik 4.24 se Jezi menm ki te di: Yo pa janm bay yon pwofèt konsiderasyon li merite nan peyi li. 45#Jan 2.23 li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l, paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a.
46Apre #Jan 2.1,9 sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm. 47#Lik 7.2 li vin konnen Jezi te sòti peyi Jide vin nan peyi Galile, l'al jwenn li, li mande l pou l'al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri. 48Jezi #Jan 2.18; 1 Kor 1.22 di l konsa:
— Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè.
49Fonksyonè a reponn li:
— Mèt, vin avè m non, anvan pitit mwen an gentan mouri.
50Jezi di li:
— Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri.
Nonm lan kwè sa Jezi te di l la, l ale. 51Li #Mat 8.6 tte sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a:
— Pitit ou a gaya nèt wi.
52Li mande yo:
— Kilè ti gason an refè?
Yo reponn li:
— Yè apremidi, bò inè konsa, lafyèb la tonbe.
53Papa a #Lik 19.9; Tra 16.15,31 vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l: Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi.
54Sa #Jan 2.11,23 te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l tounen sòti Jide vini nan peyi Galile.

Currently Selected:

Jan 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy