YouVersion Logo
Search Icon

Jan 3

3
Jezi ak Nikodèm
1Te gen yon nonm nan pati farizyen yo. Se te Nikodèm. #Jan 7.50; 19.39 Li te yonn nan lidè jwif yo. 2Yon #Mat 22.16 jou, li vin kot Jezi lannwit epi li di li:
— Mèt, nou kwè se Bondye menm ki voye ou anseye nou. Paske pyès moun pa ka fè tout mirak sa yo si Bondye pa avèk li.
3Jezi #Mat 18.3; Lik 17.21; 1 Pyè 1.23 reponn li:
— Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa kapab nan wayòm Bondye a si li pa fèt yon lòt fwa. #3.3: fèt yon lòt fwa: Ou ankò fèt jan Bondye vle l la.
4Nikodèm di li:
— Kijan yon nonm ki fin granmoun ka rive fèt yon dezyèm fwa? Eske li ka retounen nan vant manman li pou li refèt ankò.
5Jezi #Eze 36.25-27; Ef 5.26; Tit 3.5 reponn li:
— Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa ka antre nan wayòm Bondye a si li pa pran nesans selon lèzòm epi selon Sentespri Bondye. 6Se #Jan 1.13; Jen 5.3; Sòm 51.5 ki ne selon lèzòm se lachè lèzòm li ye. Sa ki ne selon Sentespri se nan Sentespri li soti. 7Pa sezi si mwen di ou: se pou nou fèt yon dezyèm fwa. #3.7: fèt yon dezyèm fwa: Ou ankò fèt jan Bondye vle l la. 8Van #Mak 4.41; Ekl 11.5 an soufle jan li vle. Ou tande bri li. Ou pa konn kote li soti ni kote li prale. Se menm jan an tou pou moun ki fèt nan Sentespri Bondye.
9Lè sa a Nikodèm di li:
— Ki jan sa ka fèt menm?
10Jezi reponn li:
— Ou se yon gwo mèt k'ap moutre pèp Izrayèl la anpil bagay, epi ou pa konn bagay sa yo? 11Anverite #Jan 7.16; 8.26,28; 12.49 sa m'ap di ou la a se vre: Mwen menm, mwen pale sa m' konnen, mwen di sa m' wè. Men nou menm, nou pa vle asepte sa m'ap di a. 12Si #Lik 22.67 nou pa kwè lè m'ap pale sou bagay isit sou latè, se pa bagay nan syèl nou ta ka konprann? 13Pèsonn #Pwo 30.4; Ef 4.9 pa janm moute nan syèl la, esèpte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann sòti nan syèl la.
14— Menm #Nonb 21.8,9 jan Moyiz te pandye byen wo nan dezè a, sèpan li te fè a, konsa tou fòk yo leve byen wo Moun Bondye voye nan lachè a. 15Tout moun ki mete konfyans yo nan li va gen lavi ki p'ap janm fini an. 16Bondye #Wòm 5.8; 8.32; 1 Jan 4.9 sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. 17Bondye #Jan 5.22; 12.47; Lik 19.10; Tra 17.31 pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l te kapab delivre yo.
18— Moun #Jan 3.36; 5.24 ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a, yo p'ap kondannen. Men moun ki pa kwè nan li, yo deja kondannen. Paske yo pa mete konfyans yo nan sèl Pitit Bondye a. 19Men #Jan 1.5,9-11; 12.48 ki bò kondannasyon an sòti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal. 20#Ef 5.13 yon moun ap fè sa ki mal, li pa vle wè limyè a, li p'ap vini kote limyè a ye, paske li pè pou move zak li yo pa parèt aklè. 21Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.
Jezi ak Jan Batis
22Apre #Jan 4.1,2 sa, Jezi ale ansanm ak disip li yo nan peyi Jide. Li rete kèk tan la ak yo, li t'ap batize moun. 23Jan #Mat 4.12 Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l te batize yo. 24(Lè #Mat 14.3 sa a, yo pat ankò mete Jan Batis nan prizon.) 25De twa nan patizan Jan yo tonbe diskite ak yon jwif sou regleman relijyon an ki mande pou moun lave kò yo. 26Y'ale #Jan 1.26-34 bò kote Jan, yo di l konsa:
— Mèt, ou chonje nonm ki te avè ou lòt bò larivyè Jouden an, moun ou t'ap pale nou an? Enben, l'ap batize kounyeya. Tout moun al jwenn li.
27Jan #Eb 5.4 reponn yo:
— Pèsonn pa ka gen anyen si se pa Bondye nan syèl la ki ba li li. 28Nou #Jan 1.20,23,27; Mak 1.2; Mat 11.10 menm, nou ka di mwen te di nou sa: Se pa mwen ki Kris la, se voye Bondye voye m pran devan li. 29Nan #Mat 9.15; 22.2 yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l, l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt kounyeya. 30Toutotan #2 Sam 3.1 enfliyans li ap moute, se pou enfliyans pa mwen ap desann.
Moun ki sòti nan syèl la
31— Moun #Jan 8.23 ki soti anwo, li sou tèt tout moun, tout bagay. Men moun ki soti anba sou latè, se moun latè. L'ap pale sou sa li konnen sou latè. Men moun ki soti nan syèl la, li sou tèt tout moun nèt. 32L'ap #Jan 3.11 di sa l wè, sa l tande. Men, pèsonn pa asepte mesay li. 33Moun ki asepte sa l'ap di a, li rekonèt sa Bondye di a se vre. 34Moun #Jan 1.33,34 Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi. 35Papa a #Jan 5.20; 17.2; Mat 11.27 renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay. 36Moun #Jan 3.18; Lik 3.7; 1 Jan 5.12 ki mete konfyans yo nan Pitit la, yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la, yo p'ap gen lavi sa a. Se kòlè Bondye k'ap tonbe sou yo.

Currently Selected:

Jan 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy