YouVersion Logo
Search Icon

Jan 2

2
Yon maryaj nan lavil Kana
1De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana #Jan 1.43 nan peyi Galile. Manman Jezi te la, 2yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou. 3Rive yon lè, pa te gen diven ankò. Manman Jezi di li konsa:
— Diven moun yo fini wi.
4Men #Jan 19.26; Mat 12.48; Mak 1.24 Jezi reponn li:
— Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m lan poko rive.
5Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo:
— Fè tou sa l di nou fè.
6Te #Mak 7.3,4 gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe ven trant galon konsa. 7Jezi di moun ki t'ap sèvi yo:
— Plen ja yo dlo.
Yo plen yo ra bouch. 8Lè yo fini, Jezi di yo:
— Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute.
Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la. 9Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pat konnen ki bò diven sa a te sòti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a, 10li di li konsa:
— Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se kounyeya w'ap sèvi l.
11Se #Jan 1.14; 11.40 konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.
12Apre #Jan 7.3; Mat 4.13 sa, l'ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l, frè l yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la.
Jezi nan tanp lan
(Matye 21.12-13; Mak 11.15-17; Lik 19.45-46)
13Fèt Pak jwif yo te vanse rive. Se konsa, Jezi moute Jerizalèm. 14Li #Mat 21.12,13; Mak 11.15-17; Lik 19.45,46 jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. 15Li pran kòd li kòde fè fwèt. Epi li tonbe chase moun yo deyò nan Tanp lan, ak tout mouton yo, tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. 16Li #Lik 2.49 di moun ki t'ap vann pijon yo:
— Demaske nou, fè m' pa wè bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik.
17Disip #Sòm 69.9 li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen.
18Jwif #Mat 21.23; Jan 3.2 yo mande li:
— Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gendwa fè sa w'ap fè la a?
19Jezi #Mat 26.61; 27.40 reponn yo:
— Kraze tanp sa a kounyeya. Nan twa jou m'ap rebati l ban nou.
20Jwif yo di li:
— Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li?
21Men #1 Kor 6.19 Jezi li menm, lè l t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li. 22Lè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.
Jezi konnen sa ki nan kè moun
23Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè. 24Men, Jezi pat fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen. 25Li #Mak 2.8 pat bezwen moun te di l anyen sou pèsonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.

Currently Selected:

Jan 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy