Mak 5:21-43

Mak 5:21-43 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann sòti nan kannòt la, yon foul moun gentan sanble bò kote li. Antan li sou rivay la, Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l nan pye li. Li mande Jezi: — Pitit fi m lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l ka geri. Vin ba l lavi pou mwen. Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l toupatou. Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li. Men li pat jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li. Fanm lan te di nan kè l: Si m kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri. Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l gaya. Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki sòti nan li. Li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: — Ki moun ki manyen rad mwen an, en? Disip li yo reponn li: — Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou? Men Jezi t'ap pwonmennen je l toupatou pou wè moun ki te fè l sa a. Fanm lan menm ki te konnen sa k te rive l t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l nan pye Jezi. Li di l tout verite a. Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt. Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje sòti kay chèf sinagòg la vin di li: — Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa. Men Jezi pat okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: — Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen. Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pat pèmèt lòt moun swiv li. Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye. Lòt menm t'ap plede rele. Li antre nan kay la, li di yo konsa: — Men poukisa tout bri sa a? Poukisa tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo tonbe pase l nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout sòti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a. Li pran men li epi li di li: — Talita koum, - ki vle di: Tifi, mwen di ou leve. Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa. Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pat kite pèsonn konn sa. Apre sa, li di yo: — Bay ti fi a manje.

Pataje
Li Mak 5

Mak 5:21-43 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand Jésus revient en barque de l’autre côté du lac, une grande foule se rassemble autour de lui. Il est au bord du lac. Un des chefs de la maison de prière arrive. Il s’appelle Jaïrus. Il voit Jésus, se jette à ses pieds et il le supplie en insistant : « Ma petite fille est mourante. Viens poser les mains sur sa tête pour qu’elle guérisse et qu’elle vive ! » Jésus s’en va avec lui. Une foule nombreuse l’accompagne et les gens sont très serrés autour de Jésus. Dans la foule, il y a une femme qui perd du sang depuis douze ans. Elle a beaucoup souffert chez de nombreux médecins. Elle a dépensé tout son argent, mais elle ne va pas mieux, au contraire, elle va plus mal. Cette femme a entendu parler de Jésus. Alors elle vient dans la foule derrière lui, et elle touche son vêtement. En effet, elle se dit : « Si je touche au moins ses vêtements, je serai guérie. » Aussitôt son sang s’arrête de couler et elle se rend compte qu’elle est guérie de sa maladie. Au même moment, Jésus sent qu’une force est sortie de lui. Il se retourne au milieu de la foule et il demande : « Qui a touché mes vêtements ? » Ses disciples lui répondent : « Tu le vois bien, la foule est très serrée autour de toi, et tu demandes : “Qui m’a touché ?” » Mais Jésus regarde autour de lui, pour voir qui a fait cela. La femme tremble de peur, parce qu’elle sait ce qui lui est arrivé. Elle vient se jeter aux pieds de Jésus et elle lui dit toute la vérité. Jésus lui dit : « Ta foi t’a sauvée. Va en paix et sois guérie de ta maladie. » Pendant que Jésus dit cela, des gens arrivent de la maison de Jaïrus et ils disent à celui-ci : « Ta fille est morte, ne dérange plus le maître. » Mais Jésus a entendu ces mots et il dit au chef de la maison de prière : « N’aie pas peur, crois seulement ! » Il ne permet à personne de l’accompagner, sauf à Pierre, Jacques et Jean, le frère de Jacques. Ils arrivent à la maison de Jaïrus. Là, il y a beaucoup de bruit. Jésus voit que les gens pleurent et poussent de grands cris. Il entre dans la maison et leur dit : « Pourquoi faites-vous tout ce bruit ? Et pourquoi est-ce que vous pleurez ? La petite fille n’est pas morte, mais elle dort. » Les gens se moquent de lui. Alors Jésus fait sortir tout le monde, il prend avec lui le père et la mère de l’enfant et ses trois disciples. Il entre dans la pièce où la petite fille se trouve. Il la prend par la main et lui dit : « Talita koum ! » Cela veut dire : « Petite fille, je te le dis, lève-toi ! » La petite fille se lève tout de suite et elle se met à marcher. Elle a douze ans. Ceux qui sont là sont très étonnés, mais Jésus leur demande avec force : « Ne dites rien à personne. » Ensuite il leur dit : « Donnez-lui quelque chose à manger. »

Pataje
Li Mak 5

Mak 5:21-43 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la. Yon lidè nan sinagòg la yo rele Jayiris vin kote Jezi. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye l. Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, kon sa li va geri, li va viv.” Se kon sa Jezi ale avèk Jayiris. Yon gwo foul moun t ap swiv li; moun yo t ap pouse youn lòt. Nan mitan foul la te gen yon madanm ki soufri ak yon emoraji depi douzan. Doktè yo te fèl soufri anpil. Li te depanse tou sa li te posede. Poutan sante l pa t vin miyò, okontrè se pi mal li te vin pi mal. Lè li te tande pale de Jezi, li pase pa dèyè epi li touche rad Jezi, paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!” E la pou la, emoraji a rete, epi li santi nan kò li maladi a geri. Nan menm moman an, Jezi santi yon puisans ki sòti nan li. Li vire gade foul la epi li di: “Ki moun ki manyen rad mwen an?” Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?” Men Jezi kontinye ap gade pou wè ki moun ki te manyen li. Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè. Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.” Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.” Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.” Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Moun ki te la yo pete ri Jezi. Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. Jezi pran men timoun nan epi li di li: “ Talita koum ” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi. Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.

Pataje
Li Mak 5

Mak 5:21-43 New International Version (NIV)

When Jesus had again crossed over by boat to the other side of the lake, a large crowd gathered around him while he was by the lake. Then one of the synagogue leaders, named Jairus, came, and when he saw Jesus, he fell at his feet. He pleaded earnestly with him, “My little daughter is dying. Please come and put your hands on her so that she will be healed and live.” So Jesus went with him. A large crowd followed and pressed around him. And a woman was there who had been subject to bleeding for twelve years. She had suffered a great deal under the care of many doctors and had spent all she had, yet instead of getting better she grew worse. When she heard about Jesus, she came up behind him in the crowd and touched his cloak, because she thought, “If I just touch his clothes, I will be healed.” Immediately her bleeding stopped and she felt in her body that she was freed from her suffering. At once Jesus realized that power had gone out from him. He turned around in the crowd and asked, “Who touched my clothes?” “You see the people crowding against you,” his disciples answered, “and yet you can ask, ‘Who touched me?’ ” But Jesus kept looking around to see who had done it. Then the woman, knowing what had happened to her, came and fell at his feet and, trembling with fear, told him the whole truth. He said to her, “Daughter, your faith has healed you. Go in peace and be freed from your suffering.” While Jesus was still speaking, some people came from the house of Jairus, the synagogue leader. “Your daughter is dead,” they said. “Why bother the teacher anymore?” Overhearing what they said, Jesus told him, “Don’t be afraid; just believe.” He did not let anyone follow him except Peter, James and John the brother of James. When they came to the home of the synagogue leader, Jesus saw a commotion, with people crying and wailing loudly. He went in and said to them, “Why all this commotion and wailing? The child is not dead but asleep.” But they laughed at him. After he put them all out, he took the child’s father and mother and the disciples who were with him, and went in where the child was. He took her by the hand and said to her, “Talitha koum!” (which means “Little girl, I say to you, get up!”). Immediately the girl stood up and began to walk around (she was twelve years old). At this they were completely astonished. He gave strict orders not to let anyone know about this, and told them to give her something to eat.

Pataje
Li Mak 5

Mak 5:21-43 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus regagna en bateau l’autre rive du lac. Là, une foule immense s’assembla autour de lui sur le rivage. Survint alors l’un des responsables de la synagogue, nommé Jaïrus. En voyant Jésus, il se jeta à ses pieds et le supplia instamment : Ma petite fille va mourir. Viens lui imposer les mains pour qu’elle guérisse et qu’elle vive. Alors Jésus partit avec lui, suivi d’une foule nombreuse qui le serrait de tous côtés. Dans la foule se trouvait une femme atteinte d’hémorragies depuis douze ans. Elle avait été soignée par de nombreux médecins et en avait beaucoup souffert. Elle avait dépensé toute sa fortune sans trouver la moindre amélioration ; au contraire, son état avait empiré. Elle avait entendu parler de Jésus, et dans la foule, elle s’était approchée de lui par-derrière et avait touché son vêtement, en se disant : Si j’arrive à toucher ses vêtements, je serai guérie. A l’instant même, son hémorragie s’arrêta et elle se sentit délivrée de son mal. Aussitôt Jésus eut conscience qu’une force était sortie de lui. Il se retourna dans la foule et demanda : Qui a touché mes vêtements ? Ses disciples lui dirent : Tu vois la foule qui te presse de tous côtés et tu demandes : « Qui m’a touché ? » Mais lui continuait à parcourir la foule du regard pour voir celle qui avait fait cela. Alors, saisie de crainte et toute tremblante, la femme, sachant ce qui lui était arrivé, s’avança, se jeta aux pieds de Jésus et lui dit toute la vérité. Jésus lui dit : Ma fille, parce que tu as eu foi en moi, tu es guériee ; va en paix et sois guérie de ton mal. Pendant qu’il parlait encore, quelques personnes arrivèrent de chez le chef de la synagogue pour lui dire : Ta fille est morte. A quoi bon importuner encore le Maître ? Mais Jésus entendit ces paroles. Il dit au chef de la synagogue : Ne crains pas. Crois seulement ! Il ne permit à personne de le suivre plus loin, excepté Pierre, Jacques et Jean, son frère. En arrivant à la maison du chef de la synagogue, Jésus vit une grande agitation : on pleurait et on poussait des cris. Il entra dans la maison et dit : Pourquoi ce tumulte ? Pourquoi ces pleurs ? L’enfant n’est pas morte, elle est seulement endormie. Mais on se moqua de lui. Alors il fit sortir tout le monde, prit avec lui le père et la mère de l’enfant ainsi que les disciples qui l’accompagnaient, et il entra dans la pièce où l’enfant était couchée. Il lui prit la main en disant : Talitha koumi , ce qui signifie : Jeune fille, lève-toi, je te l’ordonne. Aussitôt, la jeune fille se mit debout et marcha. Elle avait environ douze ans. Tous furent frappés de stupeur. Jésus leur recommanda instamment de ne raconter ce miracle à personne et il leur dit de donner à manger à la jeune fille.

Pataje
Li Mak 5

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an