Mak 5:21-43

Mak 5:21-43 HAT98

Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann sòti nan kannòt la, yon foul moun gentan sanble bò kote li. Antan li sou rivay la, Jayiris, yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l nan pye li. Li mande Jezi: — Pitit fi m lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l ka geri. Vin ba l lavi pou mwen. Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l toupatou. Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li. Men li pat jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li. Fanm lan te di nan kè l: Si m kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri. Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l gaya. Latou, Jezi santi te gen yon fòs ki sòti nan li. Li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa: — Ki moun ki manyen rad mwen an, en? Disip li yo reponn li: — Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou? Men Jezi t'ap pwonmennen je l toupatou pou wè moun ki te fè l sa a. Fanm lan menm ki te konnen sa k te rive l t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l nan pye Jezi. Li di l tout verite a. Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt. Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje sòti kay chèf sinagòg la vin di li: — Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa. Men Jezi pat okipe sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la: — Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen. Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pat pèmèt lòt moun swiv li. Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye. Lòt menm t'ap plede rele. Li antre nan kay la, li di yo konsa: — Men poukisa tout bri sa a? Poukisa tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo tonbe pase l nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout sòti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a. Li pran men li epi li di li: — Talita koum, - ki vle di: Tifi, mwen di ou leve. Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa. Men, Jezi pase yo lòd sevè pou yo pat kite pèsonn konn sa. Apre sa, li di yo: — Bay ti fi a manje.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an