Mak 5

5
Jezi geri yon nonm ki te gen move lespri sou li
(Matye 8.28-34; Lik 8.26-39)
1Jezi ak disip li yo rive lòt bò lanmè Galile a, nan #Mat 8.28-34; Lik 8.26-40 peyi Jerazenyen yo. 2Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi. 3Nonm sa a te gen yon move lespri sou li, li te pran tonm yo fè kay li. Pèsonn pat kapab mare l, pa menm avèk chenn. 4Anpil fwa, yo te mete de pye l' nan yon sèp fè, yo te mare men li tou ak chenn. Men chak fwa, li te jwenn mwayen kase ni chenn lan, ni sèp la. Pesonn pa te gen fòs ase pou donte li. 5Tout tan, lajounen kou lannwit, li t'ap pwonmennen nan mitan tonm yo osinon sou mòn yo. Li t'ap rele san rete, li t'ap kòche kò li ak wòch.
6Li te yon bèl distans lè li wè Jezi. Li kouri, li vin mete ajenou devan li. 7Li #Mak 1.24 pran rele byen fò, li di l konsa:
— Kisa m gen avèk ou, Jezi, pitit Bondye ki nan syèl la? Tanpri souple, nan non Bondye, pa fè m soufri.
8(Li te pale konsa, paske Jezi te pase l lòd sa a: Move lespri, sòti sou nonm lan.)
9Lè sa a, Jezi mande li:
— Ki jan ou rele?
Li reponn li:
— Yo rele m Rejiman, paske nou anpil.
10Epi li di Jezi:
— Tanpri souple, pa mete nou deyò nan peyi a.
11Te gen yon dal kochon ki t'ap manje sou mòn toupre a. 12Tout move lespri yo pran mande Jezi:
— Tanpri souple, voye nou sou kochon sa yo non pou n antre nan yo.
13Jezi bay yo pèmisyon sa a. Lè sa a, move lespri yo sòti sou nonm lan, yo antre nan kochon yo. Lamenm, tout bann kochon yo pran degrengole desann bò falèz la, al neye tèt yo nan lanmè. Te gen demil (2.000) kochon konsa nan bann lan.
14Moun ki t'ap gade kochon yo pran kouri. Yo gaye nouvèl la nan lavil la kou andeyò. Moun sòti toupatou vin wè sa k te rive. 15Lè yo rive bò kote Jezi te ye a, yo wè nonm ki te gen rejiman move lespri sou li a. Li te chita chita l, byen abiye ak tout bon sans li sou li. Yo tout te pè. 16Moun ki te asiste bagay la mete rakonte lòt yo sa ki te rive nonm ak move lespri a ansanm ak kochon yo. 17Lè sa a, yo mande Jezi:
— Tanpri souple, kite peyi a.
18Antan Jezi t'ap moute nan kannòt la, nonm ki te gen move lespri a mande l pèmisyon pou l'ale avè l tou. 19Men, Jezi pat kite l ale, li di l konsa:
— Ale, tounen lakay ou, nan mitan fanmi ou yo. Rakonte yo tou sa Bondye fè pou ou, kijan li te gen pitye pou ou.
20Nonm #Mak 7.31; Mat 4.25 lan pati. L'ale nan tout rejyon Dekapòl la. Li kòmanse rakonte tout sa Jezi te fè pou li. Se te yon gwo sezisman pou tout moun ki te tande l'ap pale.
Pitit fi Jayiris la ak fanm ki te manyen rad Jezi a
(Matye 9.18-26; Lik 8.40-56)
21Jezi tounen lòt bò lanmè a. Li annik desann sòti nan kannòt la, yon foul moun gentan sanble bò kote li. Antan li sou rivay la, 22Jayiris, #Mat 9.18-26; Lik 8.41-56 yonn nan chèf sinagòg yo, vin rive. Lè Jayiris wè Jezi, li lage kò l nan pye li. 23Li #Mak 7.32 mande Jezi:
— Pitit fi m lan prèt pou mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou l ka geri. Vin ba l lavi pou mwen.
24Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Yo te kwense l toupatou.
25Men te gen yon fanm nan foul la ki te malad: li te gen pèdisyon depi douzan. 26Li te soufri anpil nan men plizyè dòktè, li te fin depanse tout byen li. Men li pat jwenn okenn soulajman. Okontrè, maladi a te vin pi rèd sou li. 27Li te tande pale sou Jezi. Li fofile kò l nan foul la pa dèyè Jezi, epi li manyen ke rad li. 28Fanm lan te di nan kè l: Si m kapab manyen ke rad li sèlman, m'a geri. 29Menm lè a san an rete, epi madanm lan santi kò l gaya. 30Latou, #Lik 6.19 Jezi santi te gen yon fòs ki sòti nan li. Li vire nan mitan foul moun yo, li di konsa:
— Ki moun ki manyen rad mwen an, en?
31Disip li yo reponn li:
— Ou wè jan foul moun yo ap kwense ou, epi w'ap mande: Ki moun ki manyen ou?
32Men Jezi t'ap pwonmennen je l toupatou pou wè moun ki te fè l sa a. 33Fanm lan menm ki te konnen sa k te rive l t'ap tranble kou yon fèy bwa tank li te pè. Li vin lage kò l nan pye Jezi. Li di l tout verite a. 34Jezi di li:
— Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.
35Jezi t'ap pale toujou lè kèk mesaje sòti kay chèf sinagòg la vin di li:
— Pitit fi ou la mouri. Ou pa bezwen deranje Mèt la plis pase sa.
36Men Jezi pat okipe sa yo t'ap di a. #5.36: pat okipe sa yo t'ap di a: Ou ankò tande sa yo t'ap di a. Li di chèf sinagòg la:
— Pa pè. Sèlman met konfyans ou nan mwen.
37Li pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, avèk li. Li pat pèmèt lòt moun swiv li. 38Lè yo rive kay chèf sinagòg la, Jezi wè yon bann moun ki t'ap fè gwo eskandal: genyen ki t'ap kriye. Lòt menm t'ap plede rele. 39Li #Jan 11.11 antre nan kay la, li di yo konsa:
— Men poukisa tout bri sa a? Poukisa tout rèl sa yo? Ti fi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi.
40Yo tonbe pase l nan betiz. Lè sa a, li fè yo tout sòti. Li pran papa ak manman pitit la ansanm ak twa disip li yo sèlman. Epi li antre nan chanm kote pitit la te ye a. 41Li #Lik 7.14 pran men li epi li di li:
— Talita koum, - ki vle di: Tifi, mwen di ou leve.
42Menm lè a, ti fi a leve, li pran mache, li te gen douzan. Se pa ti sezi moun yo te sezi lè yo wè sa. 43Men, #Mak 1.44 Jezi pase yo lòd sevè pou yo pat kite pèsonn konn sa. Apre sa, li di yo:
— Bay ti fi a manje.

Chwazi Kounye ya:

Mak 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an