Lik 18:18-43

Lik 18:18-43 1998 Haïtienne (HAT98)

Yonn nan chèf jwif yo mande Jezi: — Bon Mèt! Kisa m'dwe fè pou m' ka eritye lavi etènèl? Jezi di li: — Poukisa ou rele m' bon? Pa gen moun ki bon. Se sèl Bondye ki bon. Ou konn sa kòmandman yo di: Piga ou fè adiltè. Piga ou fè zak sasinay. Piga ou vòlò. Piga ou bay fo temwayaj. Trete manman ou ak papa ou avèk onè avèk respè. Nonm lan reponn: — Mwen swiv tout bagay sa yo depi m te tikatkat. Lè Jezi tande sa, li di l: — Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men pawòl sa a te fè jennonm lan vin tris anpil. Paske, li te gen anpil byen. Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: — Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. Moun ki t'ap koute l yo di l: — Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi reponn yo: — Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li. Lè sa a, Pyè di l: — Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou. Jezi di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l, osinon papa l ak manman l, osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a, moun sa a gen pou l resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: — Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive. Yo pral lage l nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l nan rizib, y'a joure l, y'a krache sou li. Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l. Men sou twa jou l'a leve sòti vivan nan lanmò. Men, disip yo pat konprann anyen nan sa. Sans pawòl la te kache pou yo, yo pat kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa. Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Lè l tande foul moun yo ap pase, li mande sa k genyen. Yo di li: — Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase. Li pran rele: — Jezi, pitit David la, pitye pou mwen. Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd: — Pitit David la, pitye pou mwen. Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li: — Kisa ou vle mwen fè pou ou? Li reponn: — Mèt, fè mwen rewè ankò. Epi Jezi di li: — Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.

Pataje
Li Lik 18

Lik 18:18-43 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Un chef juif demande à Jésus : « Bon maître, qu’est-ce que je dois faire pour recevoir la vie avec Dieu pour toujours ? » Jésus lui répond : « Pourquoi m’appelles-tu “bon” ? Personne n’est bon, sauf Dieu. Tu connais les commandements : Ne commets pas d’adultère. Ne tue personne. Ne vole pas. Ne témoigne pas faussement contre quelqu’un. Respecte ton père et ta mère . » L’homme lui dit : « J’obéis à tout cela depuis ma jeunesse. » Jésus l’entend et il lui répond : « Une seule chose te manque encore : tout ce que tu as, vends-le et distribue l’argent aux pauvres, alors tu auras des richesses auprès de Dieu. Ensuite, viens et suis-moi. » Mais quand l’homme entend cela, il devient tout triste parce qu’il est très riche. Jésus voit que l’homme est triste et il dit : « Pour ceux qui ont des richesses, c’est vraiment difficile d’entrer dans le Royaume de Dieu ! Est-ce qu’un chameau peut passer facilement par le trou d’une aiguille ? Eh bien, pour quelqu’un de riche, c’est encore plus difficile d’entrer dans le Royaume de Dieu ! » Ceux qui écoutent Jésus lui disent : « Mais alors, qui peut être sauvé ? » Jésus répond : « Ce qui est impossible pour les hommes est possible pour Dieu. » Pierre dit à Jésus : « Écoute, nous, nous avons quitté ce que nous avions, et nous t’avons suivi. » Jésus répond : « Je vous le dis, c’est la vérité : si quelqu’un a quitté maison, femme, frères, parents ou enfants à cause du Royaume de Dieu, cette personne recevra beaucoup plus dans ce monde. Et dans le monde qui vient, elle recevra la vie avec Dieu pour toujours. » Jésus prend les douze apôtres avec lui et il leur dit : « Écoutez ! Nous montons à Jérusalem, et tout ce que les prophètes ont écrit au sujet du Fils de l’homme, cela va arriver. En effet, on va le livrer à ceux qui ne connaissent pas Dieu. Ceux-ci vont se moquer de lui, ils l’insulteront, ils cracheront sur lui. Ils le frapperont à coups de fouet, puis ils le feront mourir. Et le troisième jour, il se relèvera de la mort. » Mais les disciples ne comprennent rien à cela. Pour eux, ces paroles ne sont pas claires, et ils ne savent pas ce que Jésus veut dire. Jésus approche de Jéricho. Un aveugle est assis au bord du chemin, et il est en train de mendier. Il entend une foule qui passe et il demande aux gens : « Qu’est-ce que c’est ? » Les gens lui répondent : « C’est Jésus de Nazareth qui passe. » Alors il se met à crier : « Jésus, Fils de David, aie pitié de moi ! » Les gens qui marchent devant lui font des reproches. Ils lui disent : « Tais-toi ! » Mais l’aveugle crie encore plus fort : « Fils de David, aie pitié de moi ! » Jésus s’arrête et il donne cet ordre aux gens : « Amenez-le auprès de moi ! » Quand l’aveugle est auprès de lui, Jésus lui demande : « Qu’est-ce que tu veux ? Qu’est-ce que je peux faire pour toi ? » L’aveugle lui dit : « Seigneur, fais que je voie comme avant ! » Jésus lui répond : « Vois ! Ta foi t’a sauvé ! » Et aussitôt, l’aveugle voit comme avant. Il suit Jésus en disant : « Gloire à Dieu ! » En voyant cela, tout le peuple chante la louange de Dieu.

Pataje
Li Lik 18

Lik 18:18-43 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Youn nan lidè Jwif yo poze Jezi kesyon sa a: “Bon Mèt, kisa pou m fè pou m gen lavi ki p ap janm fini an?” Jezi di l: “Pouki sa ou rele m bon? Se yon sèl bon ki genyen. Se sèl Bondye ki bon. Ou konnen kòmandman Bondye yo: Pa fè adiltè; pa touye moun; pa vòlè; pa fè manti sou moun, onore papa ak manman w.” Men lidè Jwif la reponn: “Sa yo se bagay m ap obsève depi lè m te jèn.” Lè Jezi tande sa, li di nonm nan: “Gen yon sèl bagay ki rete pou fè. Vann tout sa ou genyen, distribye lajan an bay pòv, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.” Men, lè nonm nan tande deklarasyon sa a, li vin tris, paske li te gen anpil richès. Lè Jezi wè jan nonm nan te nan lapenn poutèt sa l te di a, li di: “L ap difisil anpil wi pou moun rich yo antre nan Wayòm Bondye a. L ap pi fasil pou yon chamo pase nan yon twou je yon zegwi pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.” Lè moun ki t ap koute yo tande sa, yo di: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?” Jezi di: “Bondye kapab fè tout bagay ki enposib pou lèzòm.” Pyè pran lapawòl, li di: “Gade kijan nou menm nou kite tout sa nou te genyen pou n swiv Bondye kapab fè yo.” Jezi di yo: “Anverite, mwen di nou, tout moun ki kite kay yo, madanm yo, frè yo, paran yo, osinon pitit yo poutèt Wayòm Bondye a, y ap resevwa anpil fwa sa yo te kite dèyè yo. Y ap resevwa anpil fwa lavalè depi nan lavi sa a. Nan lòt mond ki gen pou vini an menm, y ap resevwa lavi ki p ap janm fini an.” Apre sa, Jezi pran douz (12) disip li yo apa li di yo: “Men n ap monte Jerizalèm kounye a, se la tout sa Bondye te di pwofèt yo ekri konsènan Pitit Lòm nan pral akonpli. Yo pral lage Pitit Lòm nan nan men payen yo. Yo pral pase l nan betiz, yo pral maltrete l epi krache nan figi l. Y ap bat li byen bat, apre sa y ap touye li. Men, sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” Disip yo pa t konprann anyen ditou, paske sans pawòl la te kache. Yo pa t wè klè ditou nan sa Jezi t ap di yo a. Lè Jezi rive toupre lavil Jeriko, te gen yon avèg ki te chita bò wout la ap mande lacharite. Lè l tande tout foul moun sa yo ap pase, li mande kisa k genyen. Yo di li se Jezi, moun Nazarèt la k ap pase. Avèg la tonbe kriye byen fò: “Jezi, pitit David la, gen pitye pou mwen.” Moun ki te devan yo nan foul la t ap fè presyon sou li pou yo fè l pe bouch li. Men li menm li rele pi fò toujou: “Pitit David la, gen pitye pou mwen.” Jezi kanpe. Li bay lòd pou yo mennen mesye a ba li. Lè yo rive devan Jezi ak avèg la, Jezi mande li: “Ki sa ou ta vle mwen fè pou ou?” Avèg la reponn: “Mèt, mwen ta renmen wè ankò.” Jezi di li: “Enben wè non. Ou geri paske ou te kwè.” Menm kote a avèg la wè ankò, epi li kòmanse swiv Jezi etan l ap fè lwanj pou Bondye. Tout moun ki te temwen mirak la te tonbe fè lwanj pou Bondye tou.

Pataje
Li Lik 18

Lik 18:18-43 New International Version (NIV)

A certain ruler asked him, “Good teacher, what must I do to inherit eternal life?” “Why do you call me good?” Jesus answered. “No one is good—except God alone. You know the commandments: ‘You shall not commit adultery, you shall not murder, you shall not steal, you shall not give false testimony, honor your father and mother.’” “All these I have kept since I was a boy,” he said. When Jesus heard this, he said to him, “You still lack one thing. Sell everything you have and give to the poor, and you will have treasure in heaven. Then come, follow me.” When he heard this, he became very sad, because he was very wealthy. Jesus looked at him and said, “How hard it is for the rich to enter the kingdom of God! Indeed, it is easier for a camel to go through the eye of a needle than for someone who is rich to enter the kingdom of God.” Those who heard this asked, “Who then can be saved?” Jesus replied, “What is impossible with man is possible with God.” Peter said to him, “We have left all we had to follow you!” “Truly I tell you,” Jesus said to them, “no one who has left home or wife or brothers or sisters or parents or children for the sake of the kingdom of God will fail to receive many times as much in this age, and in the age to come eternal life.” Jesus took the Twelve aside and told them, “We are going up to Jerusalem, and everything that is written by the prophets about the Son of Man will be fulfilled. He will be delivered over to the Gentiles. They will mock him, insult him and spit on him; they will flog him and kill him. On the third day he will rise again.” The disciples did not understand any of this. Its meaning was hidden from them, and they did not know what he was talking about. As Jesus approached Jericho, a blind man was sitting by the roadside begging. When he heard the crowd going by, he asked what was happening. They told him, “Jesus of Nazareth is passing by.” He called out, “Jesus, Son of David, have mercy on me!” Those who led the way rebuked him and told him to be quiet, but he shouted all the more, “Son of David, have mercy on me!” Jesus stopped and ordered the man to be brought to him. When he came near, Jesus asked him, “What do you want me to do for you?” “Lord, I want to see,” he replied. Jesus said to him, “Receive your sight; your faith has healed you.” Immediately he received his sight and followed Jesus, praising God. When all the people saw it, they also praised God.

Pataje
Li Lik 18

Lik 18:18-43 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Alors un notable lui demanda : Bon Maître, que dois-je faire pour obtenir la vie éternelle ? – Pourquoi m’appelles-tu bon ? lui répondit Jésus. Personne n’est bon, sinon Dieu seul. Tu connais les commandements : Ne commets pas d’adultère ; ne commets pas de meurtre ; ne commets pas de vol ; ne porte pas de faux témoignage ; honore ton père et ta mère . – Tout cela, lui répondit l’homme, je l’ai appliqué depuis ma jeunesse. A ces mots, Jésus lui dit : Il te reste encore une chose à faire : vends tout ce que tu possèdes, distribue le produit de la vente aux pauvres, et tu auras un trésor au ciel. Puis viens et suis-moi ! Quand l’autre entendit cela, il fut profondément attristé, car il était très riche. En le voyant ainsi abattu, Jésus dit : Qu’il est difficile à ceux qui ont des richesses d’entrer dans le royaume de Dieu ! Il est plus facile à un chameau de passer par le trou d’une aiguille qu’à un riche d’entrer dans le royaume de Dieu. Les auditeurs s’écrièrent : Mais alors, qui peut être sauvé ? Jésus leur répondit : Ce qui est impossible aux hommes est possible à Dieu. Pierre lui dit alors : Nous, nous avons laissé tout ce que nous avions pour te suivre. Jésus leur dit : Vraiment, je vous l’assure, si quelqu’un quitte, à cause du royaume de Dieu, sa maison, sa femme, ses frères, ses parents ou ses enfants, il recevra beaucoup plus en retour dès à présent, et, dans le monde à venir, la vie éternelle. Jésus prit les Douze à part et leur dit : Voici, nous montons à Jérusalem et tout ce que les prophètes ont écrit au sujet du Fils de l’homme va s’accomplir. En effet, il sera remis entre les mains des païens, on se moquera de lui, on l’insultera, on crachera sur lui. Et après l’avoir battu à coups de fouet, on le mettra à mort. Puis, le troisième jour, il ressuscitera. Les disciples ne comprirent rien à tout cela, c’était pour eux un langage énigmatique et ils ne savaient pas ce que Jésus voulait dire. Comme Jésus approchait de Jéricho, un aveugle était assis au bord du chemin, en train de mendier. En entendant le bruit de la foule qui passait, il demanda ce que c’était. On lui répondit que c’était Jésus de Nazareth qui passait. Alors il se mit à crier très fort : Jésus, Fils de David, aie pitié de moi ! Ceux qui marchaient en tête du cortège le rabrouèrent pour le faire taire, mais lui criait de plus belle : Fils de David, aie pitié de moi ! Jésus s’arrêta et ordonna qu’on lui amène l’aveugle. Quand il fut près de lui, Jésus lui demanda : Que veux-tu que je fasse pour toi ? L’aveugle lui répondit : Seigneur, fais que je puisse voir. – Tu peux voir, lui dit Jésus. Parce que tu as eu foi en moi, tu es guéri. Aussitôt, il recouvra la vue et suivit Jésus en louant Dieu. En voyant ce qui s’était passé, toute la foule se mit aussi à louer Dieu.

Pataje
Li Lik 18

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an