Lik 18:18-43

Lik 18:18-43 HAT98

Yonn nan chèf jwif yo mande Jezi: — Bon Mèt! Kisa m'dwe fè pou m' ka eritye lavi etènèl? Jezi di li: — Poukisa ou rele m' bon? Pa gen moun ki bon. Se sèl Bondye ki bon. Ou konn sa kòmandman yo di: Piga ou fè adiltè. Piga ou fè zak sasinay. Piga ou vòlò. Piga ou bay fo temwayaj. Trete manman ou ak papa ou avèk onè avèk respè. Nonm lan reponn: — Mwen swiv tout bagay sa yo depi m te tikatkat. Lè Jezi tande sa, li di l: — Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, w'a gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men pawòl sa a te fè jennonm lan vin tris anpil. Paske, li te gen anpil byen. Jezi wè jan sa te fè nonm lan lapenn, li di konsa: — Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. Moun ki t'ap koute l yo di l: — Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi reponn yo: — Sa lèzòm pa ka fè, Bondye ka fè li. Lè sa a, Pyè di l: — Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou. Jezi di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l, osinon papa l ak manman l, osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a, moun sa a gen pou l resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l resevwa lavi ki p'ap janm fini an. Jezi pran douz disip yo apa, li di yo: — Tande, men n'ap moute Jerizalèm kote tou sa pwofèt yo te ekri sou Moun Bondye voye nan lachè a pral rive. Yo pral lage l nan men moun lòt nasyon yo, y'a pase l nan rizib, y'a joure l, y'a krache sou li. Apre sa, y'a bat li byen bat, y'a touye l. Men sou twa jou l'a leve sòti vivan nan lanmò. Men, disip yo pat konprann anyen nan sa. Sans pawòl la te kache pou yo, yo pat kapab konnen sa Jezi t'ap di yo konsa. Lè sa a, Jezi te prèt pou antre Jeriko. Te gen yon nonm avèg chita bò chemen an ki t'ap mande charite. Lè l tande foul moun yo ap pase, li mande sa k genyen. Yo di li: — Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase. Li pran rele: — Jezi, pitit David la, pitye pou mwen. Moun ki t'ap mache devan yo t'ap kouri dèyè l pou te fè l pe bouch li. Men, li t'ap rele pi rèd: — Pitit David la, pitye pou mwen. Jezi rete, li bay lòd pou yo mennen l ba li. Lè avèg la pwoche, Jezi mande li: — Kisa ou vle mwen fè pou ou? Li reponn: — Mèt, fè mwen rewè ankò. Epi Jezi di li: — Wè non. Se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Menm lè a, avèg la wè. Apre sa, li t'ap swiv Jezi. Li t'ap fè lwanj Bondye. Lè pèp la wè sa, yo tout pran fè lwanj Bondye tou.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an